Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 10:6 - 1998 Haïtienne

6 Senyè, pa gen tankou ou! Ou gen pouvwa. Yo respekte ou pou sa ou fè.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Nanpwen moun ki tankou Ou, O SENYÈ. Ou gran! Gran se non Ou an pwisans!

参见章节 复制




Jeremi 10:6
27 交叉引用  

Senyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou la gwo! Pa gen tankou ou! Pa gen lòt Bondye pase ou menm! Yo te toujou di nou sa.


Senyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou tout moun pè l pi plis pase lòt bondye yo.


Lè m'wè pèp la te gen kè sote, mwen leve, mwen pale ak chèf yo ak majistra yo ak tout rès pèp la, mwen di yo: — Nou pa bezwen pè moun sa yo! Chonje jan Senyè a gen pouvwa, jan li fè moun respekte li. Annou goumen pou moun menm ras ak nou, pou pitit fi nou, pou pitit gason nou, pou madanm nou ak kay nou.


Kounyeya, Bondye nou, ou se yon Bondye ki gen pouvwa, yon Bondye ki gen fòs kouray, yon Bondye ki fè moun respekte l. W'ap toujou kenbe kontra ou te pase a, ou p'ap janm sispann gen bon kè. Tanpri, chonje lafliksyon ki te tonbe sou nou tout, sou wa nou yo, sou chèf nou yo, sou prèt nou yo, sou pwofèt nou yo, sou zansèt nou yo ak sou tout pèp la, depi lè wa peyi Lasiri yo t'ap peze nou an rive jouk kounyeya. Pa kite nou soufri tou sa pou gremesi.


Senyè a gen gwo pouvwa, li merite pou yo fè lwanj li vre. Moun p'ap janm fin konprann jan li gen pouvwa!


Senyè nou an gen pouvwa. Li gen anpil fòs. Konesans li pa gen limit.


M'a di ak tout kè mwen: — Senyè, pa gen tankou ou! Ou delivre fèb yo anba moun ki gen fòs pase yo. Ou delivre pòv yo ak malere yo anba moun k'ap piye yo.


(2) Senyè a gen gwo pouvwa! Li merite pou yo fè lwanj li nan lavil Bondye nou an, sou mòn ki apa pou li a.


Senyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou moun pè l pi plis pase lòt bondye yo.


Senyè, nan tout bondye yo, kilès ki tankou ou! Pouvwa ou fè yo respekte ou! Ou se Bondye ki apa nèt! Kilès ki tankou ou? Ou menm ki fè mirak, ou menm ki fè mèvèy pou fè moun pè! Kilès ki tankou ou?


Farawon an reponn: — W'a fè sa denmen. Moyiz di li: — Sa va pase jan ou di l la, pou ou sa konnen pa gen Bondye tankou Senyè a, Bondye nou an.


Paske, fwa sa a, mwen pral voye tout kalite malè mwen konn fè yo sou ou menm menm, sou moun pa ou yo ak sou tout pèp ou a. Konsa, w'a konnen pa gen tankou m sou tout latè.


Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele, fè fèt! Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye apa, li gen anpil pouvwa. Se nan mitan nou li rete.


Ki moun nou ka di ki tankou Bondye? Ki pòtre nou ta fè ki pou ta sanble avè l?


Ki moun nou ka di ki tankou m? Ki moun ki pou ta sanble avè m? Se Bondye apa a ki di sa.


Ak ki moun nou ta konpare m? Ki moun nou ka di ki sanble m? Ki moun nou ka mete bò kote m ki tankou m?


Chonje tou sa ki te rive nan tan lontan. Rekonèt se mwen menm sèl ki Bondye. Pa gen lòt! Se mwen sèl ki Bondye. Nanpwen tankou m!


Men, Bondye Jakòb la pa tankou yo. Se li menm ki fè tout bagay. Li chwazi pèp Izrayèl la pou rele l pa l. Senyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l.


Ou fè mil jenerasyon nan yon fanmi wè jan ou gen bon kè. Men tou, ou fè pitit peye pou peche papa ak manman yo te fè. Ou se yon Bondye ki gen pouvwa, ki gen fòs. Yo rele ou: Senyè ki gen tout pouvwa a.


Bèl bagay li fè yo pa piti! Mirak li fè yo se gwo zafè! Bondye ap gouvènen pou tout tan. Otorite l la la jouk sa kaba nèt.


Wa a di ankò: — Apre setan sa yo, mwen menm Nebikadneza, mwen leve je m mwen gade syèl la. Bonnanj mwen vin sou mwen. Mwen di Bondye nan syèl la mèsi, mwen fè lwanj Bondye k'ap viv pou tout tan tout tan an, mwen rekonèt jan li gen pouvwa. L'ap donminen pou tout tan. Gouvènman li ap la jouk sa kaba.


Toupatou sou latè, depi sou solèy leve jouk sou solèy kouche, moun lòt nasyon yo ap di jan mwen gen pouvwa. Toupatou y'ap boule lansan pou mwen, y'ap ofri bon bagay pou sèvis mwen. Paske moun toupatou respekte m'. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.


pou nou menm, se yon sèl Bondye a ki genyen: se Papa a ki kreye tout bagay epi se pou li n'ap viv. Pou nou menm, se yon sèl Mèt ki genyen: se Jezikri, se nan li tout bagay sòti, se li k'ap fè nou viv tou.


Lènmi yo konn byen pwòp bondye k'ap pwoteje yo a pa ka parèt devan Bondye pèp Izrayèl la.


Pa gen tankou Bondye moun pèp Izrayèl la. Li kouri sou nyaj yo nan syèl la pou l vin pote yo sekou avèk fòs ponyèt li.


跟着我们:

广告


广告