Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 10:5 - 1998 Haïtienne

5 Bondye sa yo kanpe tankou pikèt nan jaden konkonm. Yo pa ka pale. Se pote pou yo pote yo paske yo pa ka mache. Nou pa bezwen pè yo paske yo pa ka fè anyen, ni anbyen ni anmal.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Yo tankou yon bwa palmis ki fòme pa men moun, men yo pa ka pale. Fòk yo pote yo, paske yo pa ka mache! Pa krent yo; paske yo p ap ka fè okenn mal, ni yo p ap ka fè anyen ki bon.”

参见章节 复制




Jeremi 10:5
16 交叉引用  

Pwofèt Baal yo pran towo yo ba yo a, yo pare li. Lèfini, yo pran rele Baal depi maten jouk rive bò midi. Yo t'ap di: — Baal o! Reponn nou non! Yo t'ap danse fè wonn lotèl yo te moute a. Men ankenn vwa, pyès repons.


Senyè a fache kont Amasya. Li voye yon pwofèt pou di l konsa: — Poukisa kounyeya ou pran sèvi bondye yon pèp ki pat ka sove pèp sa a anba men ou?


Moun peyi Mowab yo ap touye tèt yo moute nan mòn. Yo pral nan tanp pou yo lapriyè. Men, sa p'ap sèvi yo anyen.


Senyè a di ankò: — Sanble non! Sanble, moun lòt nasyon yo: Pwoche non! Pwoche devan tribinal la non, nou menm ki rive chape yo! Bann moun k'ap plede fè posesyon ak zidòl an bwa yo, k'ap lapriyè bondye ki pa ka delivre yo, yo pa konn anyen!


Bèl ak Nebo, zidòl moun Babilòn yo, fini. Y'ap mete estati yo sou do bèt. Zidòl nou te konn ap leve anlè nan posesyon yo tounen yon chay lou sou do bèt yo ki tou bouke.


Yo leve l mete sou zepòl yo, yo pote l ale. Yo mete l kanpe yon kote, epi li rete la. Kote yo mete l la, li pa ka deplase. Yo mèt lapriyè nan pye l kont kò yo, li pa ka reponn! Li pa ka delivre yo lè yo nan tray.


Lè konsa tout moun rete egare, yo pa konprann anyen. Moun k'ap fè zidòl yo wont sa yo fè a, paske bondye yo fè yo se fo bondye yo ye, yo pa gen lavi nan yo.


Madichon pou moun k'ap pale ak yon bout bwa, epi k'ap di l: Leve non! Madichon pou moun k'ap pale ak yon moso wòch ki pa gen lapawòl, epi k'ap di l: Kanpe non! Eske bout bwa ak moso wòch ka di ou anyen? Ou kouvri yo avèk plak lò ak plak ajan, se vre. Men yo pa gen lavi.


Nou chonje, lè nou pat ankò gen konfyans, nou te kite yo mennen nou jan yo vle devan zidòl ki pat kapab pale.


Bon, men kèsyon an: eske nou ka manje vyann bèt yo ofri bay zidòl? Nou konnen byen pwòp zidòl yo pa reprezante anyen ki vre sou latè. Se yon sèl Bondye a ki genyen.


Lè n'a rive nan peyi sa yo, nou pral fè sèvis pou bondye moun fè ak men yo, pou zidòl fèt an bwa, osinon an wòch, zidòl ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa ka manje, ki pa ka pran sant anyen.


跟着我们:

广告


广告