Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 10:4 - 1998 Haïtienne

4 Yo dekore l ak ajan, ak lò. Yo pran mato ak klou yo kloure l pou fè l kanpe pou l pa tonbe.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Yo dekore l ak ajan ak lò; yo tache li ak klou ak mato, pou l pa deplase.

参见章节 复制




Jeremi 10:4
9 交叉引用  

Zidòl pa yo, se bagay ki fèt ak ajan ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo.


Zidòl nasyon yo se bagay ki fèt ak ajan, ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo.


Bòs fòjon an pran yon moso fè, li mete l nan dife, li travay li ak mato. Li ba l fòm li vle ak fòs ponyèt li. Li pa manje, li vin fèb. Li pa bwè dlo, li pa kapab ankò.


Gen moun ki pran lò nan pòch yo, yo peze ajan nan balans, yo peye yon òfèv pou fè yon bondye pou yo. Lèfini, yo mete ajenou devan l, yo adore l.


Yo leve l mete sou zepòl yo, yo pote l ale. Yo mete l kanpe yon kote, epi li rete la. Kote yo mete l la, li pa ka deplase. Yo mèt lapriyè nan pye l kont kò yo, li pa ka reponn! Li pa ka delivre yo lè yo nan tray.


Jouk kounyeya, y'ap fè peche toujou. Y'ap pran kwiv, y'ap fonn li pou fè estati zidòl. Y'ap fè bèl zidòl an ajan jan yo konnen. Tou sa se travay atizan fè ak men yo. Apre sa yo di: Ann ofri bèt pou touye ba yo! Kounyeya nou wè se moun k'ap bo estati bèf!


Madichon pou moun k'ap pale ak yon bout bwa, epi k'ap di l: Leve non! Madichon pou moun k'ap pale ak yon moso wòch ki pa gen lapawòl, epi k'ap di l: Kanpe non! Eske bout bwa ak moso wòch ka di ou anyen? Ou kouvri yo avèk plak lò ak plak ajan, se vre. Men yo pa gen lavi.


跟着我们:

广告


广告