Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 10:3 - 1998 Haïtienne

3 Relijyon moun sa yo pa vo anyen. Yo koupe yon pyebwa nan rakbwa, yo fè yon bòs atizan travay li ak sizo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Paske abitid a pèp yo se afè twonpe moun; konsi se bwa ki koupe nan forè, zèv men atizan ki koupe ak zouti.

参见章节 复制




Jeremi 10:3
17 交叉引用  

Zidòl pa yo, se bagay ki fèt ak ajan ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo.


Senyè a di ankò: — Sanble non! Sanble, moun lòt nasyon yo: Pwoche non! Pwoche devan tribinal la non, nou menm ki rive chape yo! Bann moun k'ap plede fè posesyon ak zidòl an bwa yo, k'ap lapriyè bondye ki pa ka delivre yo, yo pa konn anyen!


M'a pini moun nan peyi a jan m te di l la, paske yo te fè sa ki mal. Yo vire do ban mwen, y'al boule lansan pou lòt bondye. Yo fè zidòl, lèfini yo fè sèvis pou yo.


Yo tout se yon bann egare san konprann. Kisa zidòl bwa yo ka moutre yo pase sa?


Zidòl moun lòt nasyon yo pa vo anyen. Pa gen yonn ladan yo ki ka voye lapli. Syèl la pou kont pa l pa ka bay lapli. Se ou menm ki Senyè a, Bondye nou an! Se ou menm ki tout espwa nou, paske se ou menm ki fè tout bagay sa yo.


Senyè, ou menm ki tout pwoteksyon mwen, ou menm ki ban m tout fòs mwen, se bò kote ou mwen kouri lè mwen nan pwoblèm. Moun lòt nasyon yo va sòti byen lwen, nan dènye bout latè pou yo vin nan pye ou. Y'a di: — Sa zansèt nou yo te mouri kite pou nou yo pa bondye tout bon. Se yon bann zidòl ki pa vo anyen.


Men sa Senyè a voye di nou: — Kisa mwen te fè zansèt nou yo ki mal kifè yo te vire do ban mwen? Yo pran mache dèyè yon bann zidòl ki pa vo anyen. Yo menm tou, yo vin pa vo anyen.


Epi Senyè a di: — Se pou nou kenbe lòd mwen yo. Pa swiv move mès moun ki te rete nan peyi a anvan nou yo. Pa fè vye bagay sa yo k'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fè sèvis Bondye. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an!


— Lè w'ap lapriyè, pa plede repete yon bann pawòl pou gremesi. Se konsa moun lòt nasyon yo fè. Yo mete nan tèt yo Bondye va tande yo si yo pale anpil.


Men, nou wè ak je nou, nou tande ak zòrèy nou sa nonm yo rele Pòl la ap fè. L'ap mache di bondye moun fè ak men se pa bondye yo ye menm. Se konsa, li resi rive pran tèt anpil moun, pa isit nan lavil Efèz la ase, men nan tout pwovens Lazi a.


Yo te konn Bondye byen pwòp, men yo pa bay Bondye lwanj ki pou li, yo pa di l mèsi jan l merite l la. Lekontrè, y'ap mete yon bann lide ki pa gen sans nan tèt yo, yo san konprann, fènwa fin plen kè yo.


Sonje Bondye te retire nou nan direksyon lavi san sans zansèt nou yo. Nou konnen sa li te peye pou sa. Se pa ak bagay ki ka pèdi valè yo tankou lajan ak lò.


跟着我们:

广告


广告