Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 10:11 - 1998 Haïtienne

11 Nou menm, moun pèp Izrayèl yo, n'a di moun lòt nasyon yo konsa: Tout bondye sa yo ki pat fè syèl la ak latè a pral disparèt sou latè, yo yonn p'ap rete anba syèl la.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Konsa ou va di yo: “dye ki pa t fè syèl la ak tè yo va peri soti sou latè ak anba syèl yo.”

参见章节 复制




Jeremi 10:11
14 交叉引用  

Bondye lòt nasyon yo pa anyen, se pòtre yo ye. Men, se Senyè a ki fè syèl la.


Tout zidòl pral disparèt nèt ale.


M'ap denonse tou sa n'ap plede fè pou sove tèt nou. Nou kwè l'ap bon pou nou, men sa p'ap sèvi nou anyen.


Yo pa vo anyen. Yo bon pou pase nan betiz. Y'ap disparèt lè Senyè a ap vin regle ak yo.


L'a mete dife nan kay tout bondye moun peyi Lejip yo. L'ap boule bondye moun Lejip yo osinon l'a pran yo, l'a pote yo ale avè l. Menm jan yon gadò mouton netwaye dènye vèmen ki nan rad li, konsa tou wa a pral piye peyi Lejip la kite l blanch. Lèfini, l'ap vire do l san pèsonn pa di l anyen.


L'ap kraze tout gwo moniman wòch lavil Elyopolis nan peyi Lejip, l'ap boule tout kay zidòl peyi Lejip yo.


— Bay tout nasyon yo nouvèl la. Fè yo konnen l. Bay siyal la, fè nouvèl la mache. Pa kenbe nouvèl la kache. Di yo: Yo pran lavil Babilòn, yo fè bondye Babilòn lan wont. Yo fini ak Madouk. Tout zidòl li yo wont. Yo kraze tout vye bagay sa yo.


Yo pa vo anyen. Yo bon pou pase nan betiz. Y'ap disparèt lè Senyè a ap vin regle ak yo.


Move sou yo, Senyè! Pati dèyè yo! Disparèt yo sou latè!


Senyè sèl Mèt la di ankò: Mwen pral detwi tout zidòl yo, m'ap disparèt tout fo bondye ki lavil Menmfis yo. P'ap gen pèsonn pou gouvènen peyi Lejip la. M'ap fè tout moun nan peyi a pran tranble tèlman y'ap pè.


Senyè a pral fè yo pase pa yo. Li pral disparèt tout bondye moun sou latè yo ap sèvi. Lèfini, tout nasyon toupatou sou latè pral adore l, yo chak nan peyi pa yo.


Senyè a pale, li di ankò: — Lè sa a, m'a disparèt ata non zidòl yo nan peyi a. Pèsonn p'ap chonje yo ankò. M'a wete pwofèt yo nan peyi a, m'a wete nan kè tout moun lide pou yo sèvi zidòl.


Li pran dragon an, sèpan ki la depi lontan an, sa yo rele dyab la, osinon Satan, li mete l nan chenn pou mil (1.000) an.


Nan denmen ankò lè yo leve nan maten, yo wè estati Dagon an te tonbe fas atè devan Bwat Kontra Senyè a. Tèt li ak de bra l yo te kraze, yo te sou papòt tanp lan. Se rès kò a ase ki te rete.


跟着我们:

广告


广告