Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 10:10 - 1998 Haïtienne

10 Men ou menm Senyè, ou se Bondye tout bon an, Bondye vivan an, Wa ki la pou tout tan an. Lè ou ankòlè, tout latè pran tranble, nasyon yo pa ka sipòte.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Men SENYÈ a se vrè Bondye a; Li se Bondye vivan an e Wa etènèl la. Devan kòlè Li, tout latè tranble e nasyon yo p ap ka sipòte gwo kòlè Li a.

参见章节 复制




Jeremi 10:10
69 交叉引用  

Se la Bècheba Abraram plante yon pye tonmaren. Lèfini li fè sèvis pou Senyè a, Bondye ki la pou tout tan an.


Lè pèp la wè sa, yo tonbe fas atè, yo pran rele: — Se Senyè a ki Bondye! Se Senyè a ki Bondye!


Konsa, tout nasyon sou latè va konnen se Senyè a sèl ki Bondye. Pa gen lòt!


Senyè, ou gen pouvwa, ou gen kouray! Se pou ou tout lwanj. W'ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Senyè ki sel wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay.


Pandan lontan, pèp Izrayèl la t'ap viv san Bondye tout bon an, san prèt pou moutre yo sa pou yo fè, san lalwa Bondye a.


Bondye fè tè a tranble kote l chita a. Li souke poto ki soutni l yo.


Senyè a, se wa li ye depi tout tan ak pou tout tan. Moun lòt nasyon yo gen pou disparèt nan peyi li a.


Pa janm bliye: Senyè a, se Bondye li ye. Se li menm ki fè nou, se pou li nou ye. Se pèp li nou ye, mouton ki nan savann li.


Senyè a gen bon kè, li p'ap janm sispann renmen nou. De pitit an pitit, l'ap toujou kenbe pawòl li.


Li gade latè, latè pran tranble. Li manyen mòn yo, mòn yo pran fè lafimen.


Ou menm latè, tranble devan Senyè a, devan Bondye Jakòb la.


Gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap donminen pou tout tan. Senyè a ap toujou kenbe pawòl li yo, Li bon nan tou sa li fè.


Se li menm ki fè syèl la, tè a ak lanmè a, ansanm ak tou sa ki ladan yo. L'ap toujou kenbe pawòl li.


(8) Lè sa a, latè pran tranble, li souke. Mòn yo pran tranble jouk nan rasin yo. Yon sèl frison pran yo, paske Bondye te ankòlè!


Senyè a te chita sou fòtèy li lè te gen gwo inondasyon an. L'ap gouvènen tankou wa pou tout tan.


(6) Mwen renmèt lespri mwen nan men ou. W'a delivre m, Senyè, paske ou se yon Bondye ki kenbe pawòl li.


(3) Se pa ti anvi mwen pa anvi wè Bondye, Bondye ki vivan an. Kilè m'a va ale pou m adore Bondye lakay li?


(12) Senyè a bay lòd, epi yon bann fanm pran gaye nouvèl la:


(9) tè a te pran tranble, lapli te pran tonbe sòti nan syèl la devan Bondye. Devan Bondye mòn Sinayi a, wi, devan Bondye pèp Izrayèl la.


Men, Bondye, se ou ki wa nou depi nan tan lontan. Ou fè nou genyen anpil batay sou latè.


(8) Men ou menm, ou fè moun respekte ou! Kilès ki ka rete kanpe devan ou lè ou an kòlè?


(9) Ou rete nan syèl la, ou fè konnen jan w'ap jije. Tout moun ki sou latè rete dousman tèlman yo pè,


(19) Bri loray la pran woule nan syèl la. Kout zèklè klere toupatou. Tè a sòti pè, li pran tranble.


(3) Jan mwen anvi wè kay Senyè a sa! M'ap deperi sitèlman manvi al lakay Senyè a. M'ap chante, m'ap fè fèt pou Bondye vivan an.


(9) Li gouvènen tout bagay avèk jistis. Li jije tout moun san patipri.


Kilès ki konnen jan ou ka ankòlè? Kilès ki konnen jan pou yo pè ou lè ou move?


Anvan menm ou te kreye mòn yo, anvan ou te fè latè ak tout sa ki ladan l, depi tout tan ak pou tout tan se Bondye ou ye.


Senyè, gouvènman ou lan chita fèm depi nan tan lontan. Ou menm, ou la depi tout tan.


Kout zèklè li yo klere toupatou. Moun ki sou latè wè sa, yo pran tranble.


Panche zòrèy ou, Senyè, pou ou tande. Louvri je ou pou ou wè. Koute tou sa Senakerib voye di pou manke Bondye vivan an dega.


Wa peyi Lasiri a te voye chèf gad palè li a manke Bondye vivan an dega. Se pou Senyè a, Bondye ou la, tande tout jouman sa yo. Se pou l pini moun ki di pawòl sa yo. Ou menm, se pou ou lapriyè pou rès moun pèp nou an ki vivan toujou.


Gade! Devan Senyè a, nasyon yo tankou yon gout dlo nan yon bokit. Yo pa peze plis pase ti pousyè nan yon balans. Moun zile yo menm, yo lejè pase pousyè van ap leve!


Se konnen nou pa konnen? Kouman? Se di yo pa janm di nou sa? Senyè a se Bondye ki la pou tout tan an! Se li menm ki kreye tout latè. Li pa janm bouke, li pa konn pèdi souf. Pèsonn pa ka konprann lide li gen nan tèt li.


Se mwen menm Bondye ki anwo nan syèl la, Bondye ki la pou tout tan an, Bondye ki apa nèt la. Men sa mwen di: mwen rete yon kote ki anwo nèt, yon kote ki apa pou mwen nèt. Men mwen kanpe la avèk moun ki soumèt yo devan mwen, avèk moun ki regrèt tou sa yo fè ki mal, pou m'ka remoute kouraj yo, pou m'ka ba yo konfyans ankò.


Tout moun nan peyi a ki bezwen benediksyon va jwenn benediksyon nan men Bondye ki toujou kenbe pawòl li a. Tout moun nan peyi a k'ap fè sèman va fè l nan non Bondye k'ap toujou kenbe pawòl li a, paske moun yo p'ap chonje tray yo te konn pase nan tan lontan yo, m'ap bliye sa.


Konsa, piga nou pale sou chay Senyè a bay ankò paske m'ap fè mesay mwen an tounen yon chay tout bon pou nou. Nou pran pawòl Bondye vivan an, pawòl Senyè ki gen tout pouvwa a, pawòl Bondye nou an, nou vire l lanvè.


si nou pran non mwen, non mwen menm Bondye vivan an, pou fè sèman, si nou pa bay manti, si nou pa fè lenjistis, si nou fè sa ki dwat, lè sa a, tout nasyon yo va mande m pou beni yo, y'a fè lwanj mwen.


Mwen gade mòn yo, yo t'ap tranble! Mwen gade ti bit yo, yo t'ap balanse adwat agòch!


Lè lavil Babilòn tonbe, l'ap fè yon kokennchenn bri, latè ap tranble. Y'ap tande rèl moun yo nan tout lòt nasyon yo.


Tout latè ap tranble, l'ap souke, paske lè plan travay Senyè a rive pou l fèt. Li pral fè Babilòn tounen yon dezè kote p'ap gen pèsonn ankò.


Bèl bagay li fè yo pa piti! Mirak li fè yo se gwo zafè! Bondye ap gouvènen pou tout tan. Otorite l la la jouk sa kaba nèt.


Wa a di ankò: — Apre setan sa yo, mwen menm Nebikadneza, mwen leve je m mwen gade syèl la. Bonnanj mwen vin sou mwen. Mwen di Bondye nan syèl la mèsi, mwen fè lwanj Bondye k'ap viv pou tout tan tout tan an, mwen rekonèt jan li gen pouvwa. L'ap donminen pou tout tan. Gouvènman li ap la jouk sa kaba.


Men lòd mwen bay pou tout peyi ki sou zòd mwen: Se pou tout moun gen krentif pou Bondye Danyèl la. Se pou yo respekte l. Se yon Bondye vivan li ye! Se li menm ki chèf pou tout tan! Gouvènman li p'ap janm tonbe. Pouvwa li p'ap janm fini.


Li sove, li delivre, li fè bèl bagay ak gwo mirak nan syèl la ak sou latè. Li sove Danyèl, li pa kite lyon yo devore l!


Yo ba li baton kòmandan an, yo ba li pouvwa ak otorite pou tout pèp sou latè, pou tout peyi, pou moun tout ras ki pale tout lang sèvi li. L'ap kòmande pou tout tan. Gouvènman li p'ap janm fini.


Senyè a alatèt lame li L'ap pase lòd. Lame a anpil, yo gen fòs Y'ap fè sa li ba yo lòd fè. Ala yon gwo jou se jou Senyè a! Se yon jou pou moun pè tout bon vre. Ki moun ki va rete kanpe apre jou sa a?


Mòn yo ap fonn anba pye l tankou lasi nan dife. Y'ap koule desann nan fon yo tankou lavalas k'ap desann mòn.


Gwo mòn yo tranble lè yo wè l. Ti mòn yo disparèt. Tè a tranble devan l ansanm ak tout moun ki rete sou li.


Ki moun ki ka kanpe devan l lè li ankòlè? Ki moun ki ka chape anba men l lè li move? Kòlè Bondye tonbe sou latè tankou dife. Gwo wòch yo tounen pousyè devan li.


Mòn yo wè ou, yo pran tranble. Gwo lapli ap tonbe sòti nan syèl la. Dlo anba tè yo ap gwonde. Gwo lanm lanmè ap leve byen wo.


Lè li kanpe, latè pran tranble. Li annik gade, kè moun tout nasyon kase. Mòn ki la depi lontan yo vide fè miyèt moso. Ti mòn tan lontan yo vin plat. Chemen kote li te konn pase tan lontan yo louvri devan li.


Men, ki moun ki ka sipòte jou l'ap vini an? Ki moun ki va rete kanpe devan l lè la parèt la? L'ap tankou dife yo sèvi pou fonn fè. L'ap tankou gwo savon yo sèvi pou blanchi rad.


Simon Pyè reponn: — Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an.


Jezi pa louvri bouch li. Granprèt la di l ankò: — Nan non Bondye vivan an, m'ap mande ou pou di nou verite a: Eske se ou ki Kris la, Pitit Bondye a?


Lavi etènèl, se konnen ou, ou menm sèl Bondye tout bon an, se konnen Jezikri, moun ou voye a.


— Mezanmi, sa n'ap fè konsa? Nou se moun tankou nou tou: nou vin isit la anonse nou yon bòn nouvèl: Se pou nou kite tout zidòl sa yo ki pa vo anyen pou n vire bò kote Bondye ki vivan an. Se li menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan yo.


Se Senyè a k'ap pwoteje nou. Tou sa li fè bon nèt. Li pa nan patipri nan anyen l'ap fè. Bondye nou an ap toujou kenbe pawòl li. Li pa nan bay manti. Li fè sa ki dwat, li pa fè okenn lenjistis.


Eske gen moun sou latè ki ka rete vivan toujou lè yo fin tande Bondye tout bon an rete nan mitan dife pou pale ak yo, jan sa te rive nou an?


Okontrè, yo tout ap rakonte jan nou te resevwa m lè m te rive lakay nou, jan nou te kite zidòl yo pou n tounen vin jwenn Bondye, pou nou te ka sèvi Bondye vivan an, Bondye tout bon an.


Se poutèt sa, onè respè, beniswa letènèl pou tout tan gen tan! Wi, li menm ki sèl Bondye nou pa ka wè a, sèl wa ki la pou tout tan an. Amèn.


Mande moun ki gen anpil byen sou latè a pou yo pa kite lògèy vire tèt yo. Piga yo mete espwa yo nan richès sa yo ki pa sèten. Se pou yo mete espwa yo nan Bondye ki ban nou tout bagay an kantite pou nou ka gen jwisans yo.


Aaa! Se yon bagay terib wi, pou yon moun tonbe anba men Bondye vivan an!


Lèfini, Jozye di yo konsa: — Jòdi a, nou pral konnen Senyè a, Bondye vivan an, nan mitan nou vre. Li pral chase devan nou moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Evi yo, moun Ferezi yo, moun Gigach yo, moun Amori yo, moun Jebis yo.


Nou konnen Pitit Bondye a te vini, li louvri lespri nou pou nou ka konnen Bondye tout bon an. N'ap viv ansanm ak Bondye tout bon an, gremesi Pitit li, Jezikri. Se li menm ki Bondye tout bon an, se li menm ki lavi ki p'ap janm fini an.


Apre sa, mwen wè yon gwo fòtèy blan ak moun ki te chita sou li a. Syèl la ak tè a pran kouri devan l, yo disparèt nèt ale.


Senyè! Lè ou te kite mòn Seyi yo, lè ou te sòti nan zòn peyi Edon an, latè te pran tranble, lapli tonbe anpil sot nan syèl la. Wi, nyaj yo pran lage dlo.


David mande moun ki te kanpe bò kote l yo: — Kisa y'a bay moun ki va touye sòlda Filisti a, moun ki va wete pèp Izrayèl la nan gwo wont sa a? Epitou, kisa sòlda Filisti sa a, ki pa moun k'ap sèvi Senyè a, ye menm pou l mete lame Bondye vivan an an defi vin goumen avè l la?


Menm jan mwen touye lyon ak lous, se konsa m'a touye sòlda Filisti sa a ki pa moun k'ap sèvi Senyè a. M'ap touye l paske li mete lame Bondye vivan an an defi vin goumen avè l.


跟着我们:

广告


广告