Miche pran lapawòl ankò li di: — Bon! Koute mesay Senyè a. Mwen te wè Senyè a chita sou fòtèy li nan syèl la, avèk tout zanj li yo kanpe bò kote l, sou bò dwat ak sou bò gòch li.
Lavil Jerizalèm sa a! Chèf li yo tankou chèf lavil Sodòm. Moun li yo tankou moun lavil Gomò. Nou tout ki la a, koute sa Senyè a ap di chèf lavil yo. Pare zòrèy nou pou nou tande lòd Bondye nou an ap bay moun Jerizalèm yo.
Senyè ki wa pèp Izrayèl la, Senyè ki gen tout pouvwa a, li menm k'ap delivre pèp la, men sa li di: — Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay. Pa gen lòt bondye pase mwen menm sèl.
pou ba li mesaj sa a: Ou menm wa peyi Jida, ki chita sou fòtèy David la, nou menm chèf yo ansanm ak tout pèp k'ap antre sòti nan pòtay lavil la, koute sa Senyè a di nou:
Enben, nou menm ti ponyen moun ki rete nan moun Jida yo, koute byen sa Senyè a di nou: Men mesay Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la bay: Si nou sòti vre pou nou ale nan peyi Lejip, si nou desann nan peyi sa a pou nou rete,
moun peyi Lejip yo, moun peyi Jida yo, moun peyi Edon yo, moun peyi Amon yo, moun peyi Mowab yo, moun ki koupe cheve yo kout epi ki rete nan dezè a. Yo yonn pa kenbe kontra m lan. Wi, ni moun peyi sa yo ni moun pèp Izrayèl yo, yo yonn pa kenbe kontra m lan.
Senyè a gen yon pwose l'ap mennen ak moun k'ap viv nan peyi a. Nou menm, pitit Izrayèl yo, koute sa Senyè a ap di: — Nan peyi a, bonjou nou pa laverite. Pa gen bon kè ankò. Pa gen moun ki konn Bondye ankò nan peyi a.
Kounyeya menm, koute pawòl Senyè a voye di ou: Ou menm w'ap mande m pou m pa bay okenn mesay sou pèp Izrayèl la, pou m sispann pale sou pitit Izarak yo.
Se konsa, mwen pa sispann di Bondye mèsi tou pou jan nou te pare zòrèy nou koute lè m t'ap fè nou konnen pawòl Bondye a. Nou te resevwa l pou sa l ye a: pou pawòl Bondye, pa pou pawòl lèzòm. Se pawòl sa a k'ap travay nan kè nou, nou menm ki gen konfyans nan Bondye.