Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 1:9 - 1998 Haïtienne

9 Apre sa, Senyè a lonje men l, li manyen bouch mwen. Epi li di m: — Men mwen mete pawòl mwen nan bouch ou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Epi SENYÈ a te lonje men L e te touche bouch mwen. Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Gade byen, Mwen te mete pawòl Mwen nan bouch ou.

参见章节 复制




Jeremi 1:9
22 交叉引用  

Li sèvi ak bouch mwen tankou yon ponya pwenti. Li kache byen kache nan plamen li. Li pare mwen tankou yon nepe byen file, li sere nan sak li.


Senyè a moutre mwen jan pou m'pale, Li moutre mwen jan pou m'ankouraje moun ki pa kapab ankò yo. Maten apre maten, li fè mwen atantif, pou m'ka tande sa l'ap moutre mwen, pou m'ka konnen sa yon bon disip dwe fè.


Mwen konfye ou pawòl mwen, W'ap jwenn pwoteksyon anba zèl mwen, M'ap fè yon syèl nouvo, m'ap fè yon tè tou nèf. M'ap di Siyon: Ou se pèp mwen.


Senyè a di ankò: Men kontra mwen pral pase ak yo a: M'ap mete lespri m sou yo. M'ap ba yo lòd mwen yo pou lòd mwen yo ka nan bouch yo, nan bouch pitit yo ak nan bouch pitit pitit yo, pou tout tan tout tan. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Men sa Senyè a reponn mwen: — Si ou tounen vin jwenn mwen, m'ap resevwa ou, w'a kanpe devan m ankò pou ou sèvi m. Si ou sispann pale anlè pou se bon pawòl k'ap sòti nan bouch ou ase, m'a fè ou pale pou mwen ankò. Lè sa a, se pèp la ki va tounen vin jwenn ou. Ou p'ap bezwen al dèyè yo.


Pwofèt Jeremi bay Sedesyas, wa peyi Jida a, mesay sa a lavil Jerizalèm.


— Pran yon woulo papye, ekri tou sa mwen te di ou sou peyi Izrayèl la, sou peyi Jida ak sou tout lòt nasyon yo. W'a ekri tout mesaj mwen te ba ou, depi sou reny Jozyas rive jouk jodi a.


Se poutèt sa, men sa Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, di m: — Jeremi, poutèt sa yo di a, m'ap fè pawòl mwen mete nan bouch ou tounen yon dife. Yo menm, y'ap tankou fachin. Dife a pral boule yo nèt.


Bondye di ankò: — Ras Adan! Louvri zòrèy ou. Tande sa m'a pral di ou. Kenbe pawòl mwen yo nan kè ou.


Apre sa, mwen santi yon men manyen m, li fè m leve sou pla men m ak sou jenou m. M t'ap tranble toujou.


Lè sa a, zanj ki te gen fòm yon moun lan lonje men l, li manyen po bouch mwen. Mwen louvri bouch mwen pale, mwen di zanj ki te kanpe devan m lan: — Mèt, vizyon an fè m pè, m pèdi tout fòs mwen, kè m sere!


Senyè a pale ak Balaram byen pale. Apre sa, li di l: — Tounen bò kote Balak. W'a pale avè l jan mwen di ou la.


Men, lè y'a mennen nou nan tribinal, pa bat kò nou chache sa n'a gen pou n di, ni jan n'a gen pou n pale. Lè lè a va rive, Bondye va mete nan bouch nou sa n'a gen pou n di.


Men Jezi pran men nonm lan, li fè l sòti nan mitan foul moun yo, li mennen l sou kote. Li mete dwèt li nan zòrèy nonm lan, li krache, epi li manyen lang nonm lan.


Paske, Sentespri a va moutre nou sa pou nou di lè sa a.


Se mwen menm ki va mete pawòl nan bouch nou, ki va ban nou konprann. Konsa, nan moun ki nan kont avèk nou yo, yo yonn p'ap ka kenbe tèt ak nou, ni yo p'ap kapab demanti sa n'a di.


Se sa menm nou te mande Senyè a, Bondye nou an, lè nou tout te reyini sou mòn Orèb la. Nou t'ap di nou pa vle tande vwa Senyè a, Bondye nou an, ni nou pa ta renmen wè gwo flanm dife sa a ankò pou nou pa mouri.


Lè sa a, Senyè a di mwen konsa: Sa yo di a, se vre wi.


M'a chwazi yonn nan yo pou pwofèt, m'a voye l ba yo tankou mwen te voye ou la. M'a mete pawòl mwen nan bouch li. Epi la di pèp la tou sa m'a ba li lòd di yo.


跟着我们:

广告


广告