Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 1:5 - 1998 Haïtienne

5 — Mwen te konnen ou anvan menm mwen te ba ou lavi nan vant manman ou. Mwen te mete ou apa pou mwen anvan menm ou te fèt. Mwen te chwazi ou pou te pwofèt lòt nasyon yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Avan Mwen te fòme ou nan vant, Mwen te konnen ou, e avan ou te fèt mwen te konsakre ou. Mwen te deziye ou kon yon pwofèt a nasyon yo.

参见章节 复制




Jeremi 1:5
26 交叉引用  

Ou te konnen tout zo nan kò m, depi lè m t'ap fòme kote moun pat ka wè a, depi lè ou t'ap travay mwen ak ladrès nan fon tè a.


Depi anvan m te fèt, tout lavi m te devan je ou. Tou sa mwen ta pral fè te deja ekri nan liv ou, anvan menm mwen te fè yo.


Moyiz di Senyè a: — Ala ou di m fè pèp la moute ale nan peyi a, men ou pa di m kilès w'ap voye avè m pou ede m. Men, kounyeya ou di m ou konnen m byen, ou konnen ki moun mwen ye. Ou kontan mwen anpil.


Senyè a di Moyiz: — M'a fè sa ou mande m lan, paske ou fè kè m kontan anpil. Mwen konnen ki moun ou ye.


Men sa Senyè ki te kreye nou an, Senyè k'ap ede nou depi nan vant manman nou an, di: — Nou pa bezwen pè anyen, nou menm fanmi Jakòb, sèvitè m yo, nou menm pèp Jechouwoun mwen te chwazi pou mwen an.


Nou menm ki rete nan zile yo, koute sa m'ap di nou! Nou menm ki rete byen lwen yo, pare zòrèy nou! Depi m fèt, Senyè a chwazi m! Depi nan vant manman m, li rele m pou m sèvi l.


Se Senyè a menm ki chwazi m depi m fèt pou m sèvi l, pou m fè fanmi Jakòb la tounen vin jwenn li, pou m sanble pèp Izrayèl la mennen ba li. Senyè a ban m bèl pozisyon sa a. Se li ki tout fòs mwen.


Jòdi a, m'ap ba ou otorite sou pèp yo ak sou gouvènman yo, pou ou derasinen, pou ou koupe, pou ou kraze, pou ou demoli, pou ou bati, pou ou plante.


Senyè a pale avè m, li di m konsa:


Madichon pou moun ki te al fè papa m konnen li gen yon pitit gason epi ki te fè kè l kontan lè sa a!


M'ap voye sou peyi Babilòn lan tout malè mwen te di m'ap voye yo, tou sa pwofèt Jeremi te fè konnen nan non mwen sou nasyon yo, jan sa ekri nan liv sa a.


— Pran yon woulo papye, ekri tou sa mwen te di ou sou peyi Izrayèl la, sou peyi Jida ak sou tout lòt nasyon yo. W'a ekri tout mesaj mwen te ba ou, depi sou reny Jozyas rive jouk jodi a.


Men, moun k'ap vin delivre yo a fò tou! Se Senyè ki gen tout pouvwa a. Se konsa li rele. L'ap pran defans yo, l'ap fè tout lòt nasyon yo viv ak kè poze, men l'ap bay moun lavil Babilòn yo kè sote.


Bondye, Mèt la, ap ba li anpil enpòtans. Li p'ap bwè ni diven ni okenn lòt alkòl. Depi nan vant manman li, l'ap anba pouvwa Sentespri.


Lè Elizabèt tande boujou Mari di li a, pitit la pran jwe kò li nan vant li, sitèlman li kontan. Lamenm, Elizabèt vin anba pouvwa Sentespri.


— Kanta ou menm, pitit mwen, y'a rele ou: Pwofèt Bondye ki anwo nan syèl la. Paske, w'a pran devan Mèt la pou pare chemen an pou li.


Mwen menm menm, se Bondye ki mete m' apa pou li, se li ki voye m' nan lemonn nan. Kijan nou ka di m'ap pale Bondye mal lè mwen di se pitit Bondye mwen ye?


Se mwen menm Pòl, sèvitè Jezikri, yon nonm Bondye rele pou sèvi li apòt, yon nonm li mete apa pou anonse bòn nouvèl li a, k'ap ekri nou tout kretyen ki nan lavil Wòm.


Paske, moun Bondye te konnen depi davans pou moun pa l yo, depi davans tou li te mete yo apa pou yo te kab sanble ak Pitit li a. Konsa, Pitit sa a pase pou premye pitit nan yon bann frè.


Men, moun ki renmen Bondye, Bondye konnen li.


Bondye mete tout bagay anba pye Kris la, li mete l pou l sèl chèf legliz la.


跟着我们:

广告


广告