Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 1:3 - 1998 Haïtienne

3 Apre sa, Senyè a pale avè l ankò. Lè sa a, se Jojakim, pitit gason Jozyas la, ki te wa nan peyi Jida. Anpil fwa menm apre sa, Senyè a pale avèk Jeremi, rive sou onzyèm lanne reny wa Sedesyas, pitit gason Jozyas la, jouk senkyèm mwa nan lanne sa a, lè yo depòte moun lavil Jerizalèm yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Li te anplis, vin rive nan jou Jojakim yo, fis a Josias la, wa Juda a, jis rive nan fen onzyèm ane Sédécias, fis a Josias la, wa Juda a, jis rive nan egzil a Jérusalem nan senkyèm mwa a.

参见章节 复制




Jeremi 1:3
19 交叉引用  

Apre sa, li pran Elyakim, pitit Jozyas, li mete l wa nan plas papa l. Lè sa a, li chanje non Elyakim, li rele l Jojakim. Lèfini, li pran Joakaz, li mennen l nan peyi Lejip. Se la Joakaz mouri.


Apre sa, Nebikadneza pran Matanya, tonton wa Jojakin, li mete l wa nan peyi Jida. Li chanje non l, li rele l Sedesyas.


Jozyas te gen kat pitit gason. Pi gran an te rele Jokanan, dezyèm lan Jojakim, twazyèm lan Sedesyas, katriyèm lan Chaloum.


Senyè a pale avè m, li di m konsa:


Yon lòt jou, Senyè a pale ak Jeremi ankò. Lè sa a, Nebikadneza, wa Babilòn lan, t'ap atake lavil Jerizalèm ansanm ak tout ti bouk ki nan vwazinay li yo. Li te gen avè l tout lame pa l la ansanm ak sòlda tout lòt nasyon ak lòt ras li te soumèt anba pouvwa li.


Senyè a pale ak Jeremi ankò, lè sa a se Jojakim, pitit Jozyas, ki te wa peyi Jida. Li di l konsa:


— Pran yon woulo papye, ekri tou sa mwen te di ou sou peyi Izrayèl la, sou peyi Jida ak sou tout lòt nasyon yo. W'a ekri tout mesaj mwen te ba ou, depi sou reny Jozyas rive jouk jodi a.


Sou nevyèm jou nan katriyèm mwa, onzyèm lanne reny Sedesyas la, lènmi yo fè yon twou nan miray ranpa a.


— Pale ak tout moun ki nan peyi a ansanm ak prèt yo tou. Mande yo pou mwen: Sa fè swasanndizan depi n'ap fè jèn, depi n'ap pran lapenn sou chak senkyèm ak setyèm mwa. Eske se pou mwen nou te fè tou sa?


— Jèn yo konn fè chak katriyèm mwa, chak senkyèm mwa, chak setyèm mwa ak chak dizyèm mwa a pral yon plezi, yon kè kontan pou moun Jida yo, yon okazyon pou yo fè fèt. Se pou nou renmen viv byen yonn ak lòt san bay manti.


跟着我们:

广告


广告