Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 1:2 - 1998 Haïtienne

2 Lè Senyè a te pale ak Jeremi an, Jozyas, pitit gason Amon an, t'ap mache sou trèzan depi li te wa peyi Jida.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Pawòl SENYÈ a te vini kote li nan jou Josias yo, fis a Amon an, wa Juda a, nan trèzyèm ane règn li an.

参见章节 复制




Jeremi 1:2
18 交叉引用  

Dapre lòd Senyè a te ba li a, pwofèt la pale byen fò, li bay mesay sa a sou lotèl la: — Ou menm lotèl! Wi, ou menm lotèl! Men sa Senyè a di: Nan fanmi David la, gen yon timoun ki pral fèt, y'ap rele l Jozyas. L'ap vini, l'ap pran tout prèt k'ap sèvi nan kay zidòl yo, prèt k'ap boule lansan sou ou yo, l'ap touye yo sou ou. Lèfini, sou ou ankò y'a boule zosman moun.


Yo te chita bò tab la toujou lè Senyè a pale ak pwofèt Betèl la


Lè Manase mouri, yo antere l nan jaden palè a, jaden Ouza a. Se Amon, pitit gason l lan, ki moute wa nan plas li.


Moun pèp Jida yo touye mesye ki te fè konplo pou touye Amon yo, yo mete Jozyas, pitit gason l lan, wa nan plas li.


Wa Jozyas t'ap mache sou dizwitan depi li t'ap gouvènen. Yon jou li pran sekretè palè a, Chafan, pitit gason Azalya a, pitit pitit Mechoulam lan, li voye l nan Tanp Senyè a, li di l konsa:


Senyè a pale avè mwen, li di mwen ankò: — Kisa ou wè la a, Jeremi? Mwen reponn li: — Mwen wè yon branch zanmann ki rete tankou l'ap veye.


Senyè a pale avè m, li di m konsa:


— Depi trèzyèm lanne reny wa Jozyas, pitit Amon, nan peyi Jida rive jòdi a, sa fè venntwazan depi Senyè a ap pale avè m, venntwazan depi m'ap pale ak nou san rete, nou pa vle koute m.


Kèk tan apre pwofèt Ananya te kraze jouk bèf ki te sou zepòl pwofèt Jeremi an, Senyè a pale ak Jeremi, li di l konsa:


Yon lòt fwa Senyè a pale avè m ankò. Lè sa a, se Jozyas ki te wa nan peyi Izrayèl. Senyè a di m konsa: — Ou wè sa peyi Izrayèl la fè? L'ap twonpe m. Lale sou tout gwo mòn yo, anba tout kalite gwo pyebwa, tankou yon jennès ak nonm li yo, l'ap fè sèvis pou lòt bondye.


— Pran yon woulo papye, ekri tou sa mwen te di ou sou peyi Izrayèl la, sou peyi Jida ak sou tout lòt nasyon yo. W'a ekri tout mesaj mwen te ba ou, depi sou reny Jozyas rive jouk jodi a.


Men mesaj Senyè a te bay Oze, pitit Beri, nan tan Ozyas, Jotam, Akaz ak Ezekyas te wa, yonn apre lòt, nan peyi Jida. Lè sa a, Jewoboram te wa nan peyi Izrayèl.


Men mesay Senyè a te bay Jowèl, pitit gason Petwèl la.


Yon jou, Senyè a pale ak Jonas, pitit gason Amitayi a,


Men mesay Senyè a te bay Miche, moun lavil Morechèt, sou reny Jotam, Akaz ak Ezekyas ki te wa nan peyi jida. Men vizyon ki gen rapò ak Samari ak Jerizalèm Senyè a te fè Miche wè.


Men mesaj Senyè a te bay Sofoni sou reny Jozyas, pitit Amon, ki te wa peyi Jida. Sofoni te pitit Kouchi. Kouchi te pitit Gedalya. Gedalya sa a te pitit Amarya ki li menm te pitit wa Ezekyas.


跟着我们:

广告


广告