Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 1:18 - 1998 Haïtienne

18 Jodi a, m'ap ba ou fòs pou kenbe tèt ak tout moun nan peyi Jida a: ak wa li yo, ak chèf li yo, ak prèt li yo, ak tout rès pèp la. W'ap tankou yon vil ak yon gwo miray ranpa, tankou yon poto fè, tankou yon miray kwiv.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Gade byen, Mwen te fè ou menm jodi a kon yon vil fòtifye, kon yon pilye fè e kon miray an bwonz kont yon peyi nèt—a wa Juda yo, ak prens li yo, vè prèt li yo e a pèp a peyi a.

参见章节 复制




Jeremi 1:18
21 交叉引用  

Senyè a, Bondye a, ap pote m sekou. Se poutèt sa, jouman yo pa ka fè m anyen. Mwen sere dan m, mwen mare kè m pou m soufri. Mwen sèten, Bondye p'ap fè m wont.


Men ou menm, Jeremi, mete gason sou ou! Leve non! Di yo tou sa mwen ba ou lòd di. Ou pa bezwen pè yo. Si ou pè yo, m'ap fè ou pi pè yo lè w'a devan yo.


Yo tout pral leve dèyè ou. Men, yo p'ap ka fè ou anyen. Paske m'ap kanpe la avè ou pou m delivre ou. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa.


Ala yon malè pou mwen! O manman mwen, poukisa ou te fè m? Mwen nan kont, mwen nan pale anpil ak tout moun nan peyi a. Mwen pa prete moun lajan, mwen pa prete lajan nan men moun. Malgre sa, tout moun ap ban m madichon.


M'ap fè ou kanpe devan moun sa yo tankou yon miray fèt an kwiv byen solid. Y'a goumen avè ou, men yo p'ap ka fè ou anyen. M'ap kanpe la avè ou pou m pwoteje ou, pou m delivre ou. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Men, Senyè a kanpe la avè mwen. Se yon vanyan gason li ye, li gen pouvwa. Se poutèt sa se moun k'ap pèsekite m yo ki pral bite. Se yo ki pral anba. Yo pral wont anpil paske sa p'ap mache pou yo. Se va yon wont pèsonn p'ap janm bliye.


Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pale. Li di konsa: Mwen pral pran tout zam ou genyen pou goumen kont wa Nebikadneza ak lame moun Kalde ki sènen nou yo, mwen pral detounen yo, m'ap anpile yo nan mitan lavil la.


Men, Akikam, pitit Chafan an, t'ap pwoteje Jeremi. Se konsa li pat kite yo lage Jeremi nan men pèp la pou yo te touye l.


Ou menm, ou p'ap chape. Y'ap arete ou, y'ap lage ou nan men l tou. W'a kontre avè l bab pou bab. W'a pale avè l. Lèfini, w'ap pati pou Babilòn.


Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la pale. Men sa n'a di wa Jida ki te voye nou bò kote m lan. Lame farawon an t'ap vin ede nou. Men l'ap tounen lakay li nan peyi Lejip.


Men, si ou pa al rann tèt ou bay chèf yo, lavil la pral tonbe nan men moun Babilòn yo, y'ap boule l. Lèfini, ou p'ap ka chape anba men yo.


— Men mesay Senyè a bay: tout moun ki va rete nan lavil la pral mouri. Sa ki pa mouri nan lagè pral mouri grangou, osinon move maladi ap pote yo ale. Men, tout moun ki va sòti al rann tèt yo bay moun Babilòn yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo.


Enben, konn sa byen, nou pral mouri nan lagè, grangou ap touye nou, move maladi ap fini ak nou nan peyi kote nou vle al rete a.


Ou menm Jeremi, mwen mete ou la pou sonde pèp mwen an, pou veye sa pèp la ap fè, pou ou wè sa li vo.


Li mennen Simon bay Jezi. Jezi gade l, li di: — Se ou menm Simon, pitit Jan an? Y'a rele ou Sefas. (Se menm bagay ak Pyè, ki vle di wòch.)


Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap fè yo tounen yon gwo poto nan kay Bondye a. Apre sa, yo p'ap janm sòti. M'a make non Bondye ansanm ak non lavil Bondye a, lòt Jerizalèm k'ap desann sot nan syèl la, sou yo. M'ap make lòt non mwen an sou yo tou.


跟着我们:

广告


广告