Jeremi 1:16 - 1998 Haïtienne16 M'a pini moun nan peyi a jan m te di l la, paske yo te fè sa ki mal. Yo vire do ban mwen, y'al boule lansan pou lòt bondye. Yo fè zidòl, lèfini yo fè sèvis pou yo. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen16 Mwen va pwononse jijman Mwen sou yo pou tout mechanste yo, akòz yo te abandone Mwen, te ofri sakrifis a lòt dye yo, e te adore pwòp zèv men pa yo. 参见章节 |
N'ap toujou fè sa nou te pwomèt fè a. N'ap ofri lansan ak diven bay Astate, larenn syèl la, jan nou te toujou fè l jouk jòdi a, menm jan zansèt nou yo, wa nou yo ak chèf nou yo te konn fè l nan lavil peyi Jida yo ak nan tout lari Jerizalèm. Lè sa a, nou te gen kont manje pou n manje, tout zafè nou te mache byen. Nou pat gen poblèm.