Jeremi 1:14 - 1998 Haïtienne14 Lè sa a Senyè a fè m konnen: — Yon gwo malè pral sòti nan nò, l'ap tonbe sou tout moun ki rete nan peyi a. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen14 Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Depi nan nò a, mal la va pete vin parèt sou tout sila ki rete nan peyi a. 参见章节 |
mwen pral voye chache tout moun nan nò yo ak sèvitè mwen Nebikadneza, wa Babilòn. Se mwen menm, Senyè a ki di sa. Mwen pral fè yo vin kraze peyi Jida a ak tout moun ladan li, ansanm ak tout peyi nan vwazinaj yo. Mwen pral detwi yo tout. M'ap fè yo tounen yon dezè ki va fè moun sezi, yon pil mazi pou tout tan.
Mwen pral chase lame krikèt la byen lwen nou. Wi, lame krikèt ki te sòti nan nò a. M'ap voye yo ale nan dezè a, kote ki pa gen dlo, kote ki pa gen pyebwa. Tèt lame krikèt yo va pran direksyon lanmè ki sou bò solèy leve a, lanmè Mouri a. Ke lame krikèt yo va pran direksyon lanmè ki sou bò solèy kouche a, lanmè Mediterane a. Kadav yo pral pouri, y'ap bay move sant. Senyè a fè anpil bagay pou nou.