Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 1:11 - 1998 Haïtienne

11 Senyè a pale avè mwen, li di mwen ankò: — Kisa ou wè la a, Jeremi? Mwen reponn li: — Mwen wè yon branch zanmann ki rete tankou l'ap veye.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: “Se kisa ou wè, Jérémie?” Mwen te reponn: “Mwen wè yon bout branch zanmann.”

参见章节 复制




Jeremi 1:11
11 交叉引用  

Jakòb koupe kèk branch vèt nan pye sikren, pye zanmann ak pye bwadòm, li wete kèk lèz nan kòs yo. Konsa branch yo te vin gen bann vèt, bann blan sou tout kò yo.


Konsa tou pou pawòl ki sòti nan bouch mwen: li p'ap tounen vin jwenn mwen san li pa fè sa m te vle l fè a, san li pa fè tou sa mwen te voye l fè a.


Lèfini, Senyè a di m konsa: — Jeremi, kisa ou wè la a? Mwen reponn, mwen di l: — Fig frans. Bon fig yo bon anpil. Vye fig yo pa bon menm. Moun pa ka manje yo tank yo pa bon.


Se mwen menm Senyè a ki pral pale ak yo. Sa m'di k'ap rive a, l'ap rive vre. Tande sa byen, bann wondonmon! Anvan nou mouri, sa ap rive. Non, se pa gagay k'ap pran tan ankò pou li rive. Se mwen menm Senyè sèl Mèt la ki di sa.


Se poutèt sa, w'a di yo: Men sa Senyè a, Bondye sèl mèt la, voye di yo: Mesay m'ap bay la p'ap pran tan pou l rive vre. Pawòl m'ap di a pral rive. Se mwen menm Senyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa.


Men jou malè a rive sou nou. Nou pral fini nèt! Baton nan dèyè nou! Lwijanboje yo toupatou!


Lè sa a, Senyè a mande m: — Kisa ou wè la a, Amòs? Mwen reponn li: — Yon filaplon. Lè sa a, li di m: — M'ap sèvi ak filaplon sa a pou m fè pèp la konnen li tankou yon miray ki panche prèt pou tonbe. Mwen p'ap fè pa yo ankò.


Senyè a mande m: — Kisa ou wè la a, Amòs? Mwen reponn: — Yon panyen fwi mi. Lè sa a, Senyè a di m konsa: — Izrayèl, pèp mwen an, mi tou. Li rive sou dènye jou l yo. Mwen p'ap chanje lide pou m fè pa l ankò.


Li di m konsa: — Sa ou wè la a? Mwen reponn li: — Mwen wè yon lanp sèt branch an lò ki kanpe atè. Li gen yon gwo bòl nan tèt li, avèk sèt lanp sou rebò bòl la. Chak lanp gen sèt bòbèch pou sèt mèch.


Zanj ki t'ap pale avè m lan di m: — Kisa ou wè? Mwen reponn li: — Mwen wè yon liv an fòm yon woulo k'ap vole nan syèl la. Li gen trant pye longè ak kenz pye lajè.


Nan denmen, lè Moyiz antre nan Tant Randevou a, li wè branch bwa Arawon an ki nan fanmi Levi a boujonnen. Li te menm gentan fleri epi bay fwi mi.


跟着我们:

广告


广告