Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 1:10 - 1998 Haïtienne

10 Jòdi a, m'ap ba ou otorite sou pèp yo ak sou gouvènman yo, pou ou derasinen, pou ou koupe, pou ou kraze, pou ou demoli, pou ou bati, pou ou plante.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Ou wè, Mwen te deziye ou nan jou sa a sou nasyon yo, ak sou wayòm yo, pou rache, pou demoli, pou detwi, pou boulvèse, pou bati ak pou plante.”

参见章节 复制




Jeremi 1:10
29 交叉引用  

Yon pwofèt yo te rele Eli, moun lavil Tichbe nan zòn Galarad, di wa Akab konsa: — Nan non Senyè m'ap sèvi a, Bondye vivan pèp Izrayèl la, men sa m'ap di ou: Pandan lanne k'ap vini yo, p'ap gen lawouze, p'ap gen lapli si se pa mwen ki mande sa.


Tout moun ki va chape anba men Azayèl va tonbe anba men Jeou. Tout moun ki va chape anba men Jeou va tonbe anba men Elize.


lè pou ou touye, lè pou ou geri, lè pou ou kraze, lè pou ou bati.


— Mwen te konnen ou anvan menm mwen te ba ou lavi nan vant manman ou. Mwen te mete ou apa pou mwen anvan menm ou te fèt. Mwen te chwazi ou pou te pwofèt lòt nasyon yo.


M'ap toujou voye je sou yo, m'ap mennen yo tounen nan peyi sa a. M'ap fè yo grandi, mwen p'ap kraze yo. M'ap plante yo, mwen p'ap derasinen yo ankò.


M'ap voye sou peyi Babilòn lan tout malè mwen te di m'ap voye yo, tou sa pwofèt Jeremi te fè konnen nan non mwen sou nasyon yo, jan sa ekri nan liv sa a.


Menm jan mwen te pran san m pou m te derasinen yo, lage yo atè, demoli yo, detwi yo, fè malè sou yo, se konsa tou mwen pral pran san m pou m rebati yo, pou m replante yo. Se Senyè a menm ki di sa.


Y'a pran tout fon ki sèvi pou antere kadav ak pou boule fatra a, tout tè ki sòti depi bò ravin Sedwon an rive nan kwen Pòtay Chwal yo sou bò lès, y'a mete yo apa pou mwen. Yo p'ap janm kraze, ni yo p'ap janm demoli yo ankò.


— Pran yon woulo papye, ekri tou sa mwen te di ou sou peyi Izrayèl la, sou peyi Jida ak sou tout lòt nasyon yo. W'a ekri tout mesaj mwen te ba ou, depi sou reny Jozyas rive jouk jodi a.


M'ap veye pou se malè ase ki pou rive nou. Mwen p'ap voye okenn bon bagay ban nou. Wi, dènye moun Jida k'ap viv nan peyi Lejip la pral disparèt, kit se nan lagè, kit se nan grangou, jouk p'ap rete yonn ankò.


Enben, men mesay Senyè a ban mwen pou ou: Se mwen menm Senyè k'ap demoli tou sa mwen te bati. M'ap derasinen tou sa mwen te plante. M'ap fè sa toupatou sou latè!


— Nonm o! Trase de chemen kote pou wa Babilòn lan ka pase ak nepe l. De chemen yo ap sòti nan menm peyi a. Mete de mak nan kalfou kote yo separe a,


Senyè a pale avè m' ankò, li di mwen: — Ras Adan! Eske ou pare pou jije Ola ansanm ak Oliba? Ou pral mete yo devan tout vye bagay derespektan yo t'ap fè yo.


— Ras Adan! Plenn sò tout moun peyi Lejip yo. Voye yo desann ansanm ak tout lòt moun gwo nasyon yo nan peyi kote mò yo ye a, anba tè kote moun ki deja mouri yo ye.


Lè sa a, rès moun lòt nasyon sou fontyè nou yo ki chape anba lanmò va konnen se mwen menm, Senyè a, ki rebati tout lavil ki te kraze yo, se mwen menm ki replante jaden ki te ravaje yo. Se mwen menm, Senyè a, ki pale. Sa mwen di m'ap fè a, m'ap fè l!


Vizyon sa a te parèy ak vizyon mwen te wè lè Bondye t'ap vini pou kraze lavil Jerizalèm lan, li te parèy ak vizyon mwen te wè bò larivyè Keba a. Mwen lage kò m fas atè.


Se poutèt sa mwen voye pwofèt mwen yo pou manyè pini nou. Mwen mete pawòl nan bouch yo ki ta kont pou touye nou. Mwen fè nou konnen sa mwen vle nou fè, mwen mete l aklè devan nou.


Konsa tou, ou mèt sèten, Senyè a p'ap janm fè anyen san li pa fè pwofèt yo, moun k'ap sèvi l yo, konnen.


Senyè a di: Yon jou gen pou rive! Jou sa a, m'a mete peyi wa David la kanpe ankò sou de pye l. Kounyeya li tankou yon kay k'ap fin kraze. Lè sa a, m'a repare tout kote ki fann yo. M'a refè miray ki te fin kraze yo. M'ap rebati peyi a jan l te ye nan tan lontan an.


Men, sa m te di nan pawòl ak lòd mwen te bay pwofèt yo, sèvitè m yo, pou zansèt nou yo, eske sa pa rive yo vre? Lè sa a, yo vin regrèt sa yo te fè a. Yo rekonèt mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, mwen te pini yo pou jan yo t'ap viv la, pou tou sa yo te fè ki mal, jan mwen te sòti pou m fè l la.


跟着我们:

广告


广告