Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jak 5:4 - 1998 Haïtienne

4 Gade! Nou pat peye lajan nou te dwe peye travayè yo ki t'ap travay pou nou nan jaden. Tande jan y'ap rele! Travayè ki te ranmase rekòt pou nou yo ap plede rele! Rèl yo rive jouk nan zòrèy Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Nou menm rive kenbe lajan nou te dwe peye moun k ap travay nan jaden nou pou ranmase rekòt pou nou yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Veye salè a ouvriye ki te rekòlte chan nou yo ke nou te refize vèse bay, vin kriye kont nou; epi kri a ouvriye mwason sa yo gen tan rive nan zòrèy a Senyè Sabaot la.

参见章节 复制




Jak 5:4
23 交叉引用  

Bondye di konsa: — Poukisa ou fè sa ou fè a? San Abèl, frè ou, ki koule a, l'ap rele. Vwa a rive jouk nan zòrèy mwen.


Yo fè, yo fè jouk pòv yo rele mande Bondye sekou, jouk Bondye tande jan piti yo ap rele anba men yo.


Li tankou yon esklav k'ap tann lannwit pou l poze, tankou yon travayè k'ap tann kòb jounen travay li.


(13) Bondye chonje moun k'ap soufri yo, li pa bliye rèl malere yo, li pini moun ki fè yo mal.


Paske, se sèl rad li gen pou l mete sou li pou fredi pa bat li. Kisa pou l mete sou li pou l kouvri aswè? Si li rele mande m sekou, m'a reponn li paske mwen gen bon kè.


Bondye di ankò: — Kounyeya menm, rèl pitit Izrayèl yo rive jouk nan zòrèy mwen. Mwen wè jan y'ap soufri anba moun peyi Lejip yo k'ap peze yo.


Si Senyè ki gen tout pouvwa a pa te kite kèk nan nou chape, lavil la ta disparèt nèt Nou ta tankou Sodòm ak Gomò.


Pèp Izrayèl la se li menm ki jaden rezen Senyè a, Bondye tout pouvwa a. Moun Jida yo se yo menm ki bon plan li te plante a. Bondye t'ap atann pou yo mache dwat: men yo lage kò yo nan fè san koule. Li t'ap atann pou yo fè lajistis, men nan tout peyi a se rèl malere ou tande.


Men sèman mwen tande Senyè a fè, Bondye ki gen tout pouvwa a: tout kay sa yo gen pou tounen mazi. Yo te mèt bèl kou yo bèl, yo te mèt gwo kou yo gwo, p'ap gen moun pou rete ladan yo.


Madichon pou moun k'ap bati gwo kay ak lajan lenjistis, k'ap mete etaj sou etaj sou kay yo ak lajan yo fè nan move kondisyon. Y'ap fè jwif parèy yo travay pou granmesi, yo pa peye yo lajan yo dwe yo.


Piga nou pwofite sou moun menm ras ak nou. Lè lè pou nou peye moun ki travay pou nou an rive, peye li lajan li. Piga nou voye li pou denmen.


Ata wòch ki nan miray yo ap denonse nou. Poto travès kay yo ap fè menm bagay la tou.


Senyè ki gen tout pouvwa a di ankò: — M'a vin jwenn nou pou rann jistis. Parèt mwen parèt, m'ap denonse moun k'ap fè maji, moun k'ap fè adiltè, moun k'ap fè sèman pou twonpe moun, moun k'ap kenbe nan lajan moun k'ap travay pou yo, moun k'ap peze fanm ki pèdi mari yo ak timoun ki pèdi papa yo, moun k'ap pwofite sou moun lòt nasyon, moun ki pa genyen m krentif.


Lè sa a, li di disip li yo: — Rekòt la anpil, men manke bra.


Bon! Eske Bondye pa ta regle zafè pitit li yo, moun li menm li chwazi yo, lè y'ap rele nan pye l lajounen kou lannwit? Eske l'ap pran anpil tan pou l ede yo?


Tankou menm pwofèt Ezayi sa a te di anvan: Si Mèt ki gen tout pouvwa a pat kite kèk pitit pitit pou nou, nou ta pase tankou Sodòm, nou ta menm jan ak Gomò.


Pa kite okenn move lide pase nan tèt nou pou nou ta di: Nou toupre setyèm lannè a, lanne pou nou annile dèt tout moun ki dwe nou, epi pou nou fè move jan ak frè parèy nou ki nan nesesite, pou nou derefize prete l anyen. Paske lè sa a, l'a rele Senyè a, l'a pale l pou nou, epi n'a gen tò.


Nou menm mèt yo, aji byen ak domestik nou yo, san fè okenn lenjistis. Chonje byen, nou menm tou nou gen yon mèt nan syèl la.


跟着我们:

广告


广告