Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jak 5:3 - 1998 Haïtienne

3 Lò nou ak lajan nou fin wouye. Lawouy pral kanpe pou akize nou, li va devore nou tankou dife. Nou fè kont move lajan nou nan dènye tan sa yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Lajan ak lò nou yo fin wouye. Epi se lawouy sa a ki pral temwanye kont nou. Li pral devore kò nou menm jan ak yon dife. N ap ranmase richès, poutan lemonn pral fin i!

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Lò ak lajan nou yo gen tan pran lawouj, e lawouj yo va yon temwen kont nou, e va manje chè nou tankou dife. Se pandan dènye jou yo ke nou te mete trezò nou nan depo a!

参见章节 复制




Jak 5:3
19 交叉引用  

Laban di: — Pil wòch sa a va sèvi pou fè nou tou de toujou chonje kontra a. Se poutèt sa yo rele kote sa a Galèd.


Ni pil wòch yo ni bòn lan ap sèvi yon mak. Mwen pa gendwa depase l pou m vin atake ou, ni ou pa gendwa depase l pou ou vin atake m.


Jakòb fè rele pitit gason l yo, li di yo: — Sanble non. M'ap fè nou konnen sa ki pral rive nou nan jou k'ap vini yo.


Ou mete men sou mwen, ou pa vle wè m ankò. Mwen tounen zo ak po. Yo di se paske mwen antò ki fè sa rive m.


Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote tanp lan ye a, l'a pi wo pase tout lòt mòn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun ap soti tout peyi vin Jerizalèm.


Lè lènmi yo, moun ki sòti pou touye yo, va sènen lavil la, sa va ba yo yon sèl kè sere, sa va lage yo nan yon sèl mizè, y'a manje pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo. Yonn pral manje lòt.


N'ap manje pèp mwen an. Nou kòche yo, nou kase tout zo nan kò yo. Nou koupe yo tankou vyann yo pral kwit, tankou vyann nou mete nan chodyè.


Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote tanp lan ye a va pi wo pase tout lòt mòn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun va soti pil sou pil toupatou sou latè vin sou li.


Men sa k pral rive nan dènye tan an: Se Bondye menm k'ap pale: M'ap vide Lespri m sou tout moun sou latè. Pitit gason nou ak pitit fi nou yo va pale tankou pwofèt. Jenn gason nou yo va gen vizyon. Granmoun nou yo va fè rèv.


Men, w'ap fè tèt di. Ou pa sòti pou chanje lavi ou. Se poutèt sa, w'ap pare yon pi gwo chatiman mete la tann ou pou jou Bondye va fè wè kòlè li ansanm ak jijman li k'ap fèt san patipri.


Pawòl y'ap di yo, se tankou yon maladi k'ap manje tout kò yo. Nan moun sa yo gen Imene ak Filèt.


Epi Jozye di pèp la konsa: — Nou wè wòch sa a! Enben, l'ap sèvi yon mak pou l fè nou chonje paske li te tande tout pawòl Senyè a te di nou. L'ap sèvi yon mak pou l fè nou chonje pou nou pa janm vire do bay Bondye nou an!


Anvan tout bagay se pou nou konprann sa byen: lè dènye jou yo va rive, gen moun ki pou parèt k apral pase bagay Bondye yo anba rizib. Se moun k'ap viv dapre tout vye lanvi yo genyen.


Dis kòn ou te wè ansanm ak bèt la, yo pral rayi fanm movèz vi a: y'a pran tou sa l genyen, y'a kite l toutouni, y'a manje vyann li, y'a boule l nan dife.


Tout moun ki pat gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo jete yo nan letan dife a tou.


Men, pou moun ki lach yo, moun ki pa kenbe pawòl yo, ansasen yo, bann moun deprave yo, moun k'ap fè maji yo, moun k'ap adore zidòl ansanm ak moun k'ap bay manti, plas yo se nan letan dife ak souf k'ap boule a yo ye. Se sa yo rele dezyèm lanmò a.


跟着我们:

广告


广告