Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jak 5:1 - 1998 Haïtienne

1 Kounyeya, nou menm moun rich yo, se pou nou m'ap pale: Nou mèt konmanse kriye, konmanse pouse rèl pou malè ki pral tonbe sou nou yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Kounye a, nou menm moun rich yo, fè atansyon! Leve vwa nou pou n kriye, poutèt latwoublay k ap vini sou nou!

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Vini koulye a nou menm ki rich, kriye e rele fò akoz mizè k ap vini sou nou yo.

参见章节 复制




Jak 5:1
36 交叉引用  

Sove m anba moun alekile yo avèk fòs ponyèt ou. Tout byen yo se byen latè. Ou pran nan richès ou yo, ou ba yo tou sa yo bezwen. Pitit yo pa manke anyen. Yo kite rès pou pitit pitit yo.


Moun ki mete konfyans yo nan byen yo ap tonbe tankou fèy chèch. Men, moun k'ap mache dwat yo ap pouse tankou boujon.


Jou malè, richès pa ka sèvi ou anyen. Men, si ou se moun serye, sa ka sove lavi ou.


Nou mèt plenyen kont kò nou, paske jou Senyè a pre rive! Bondye ki gen tout pouvwa a pral vini pou l devaste tè a.


Nan tout lari, moun ap mache ak rad sak sou yo. Sou tout plas piblik, sou teras anwo tout kay, moun ap plenn. Dlo ap koule nan je yo tout.


Se poutèt sa, mete rad sak sou nou! Kriye! Plenn sò nou! Paske se pa ti move Senyè a move, li p'ap fè pa nou!


Piga moun ki gen lespri yo fè grandizè dèske yo gen bon konprann, ni moun ki vanyan yo dèske yo vanyan, ni moun rich yo dèske yo rich.


Men sa ou pral di: Apa yon manman lyon manman ou te ye! Li kouche nan mitan lyon yo, l'ap okipe pitit li yo.


— Ras Adan! Bay mesaj Bondye a! Fè konnen sa Senyè sèl Mèt la voye di: — Rele non! Ala yon move jou!


Kiltivatè pa konn sa pou yo fè. Moun k'ap okipe jaden yo ap plenn Paske pa gen ble, pa gen lòj. Tout rekòt pèdi nèt.


Nou nenm prèt yo, mete rad lapenn sou! Pete rele! Nou menm k'ap sèvi devan lotèl la, Mare ren nou. Ale nan Tanp lan, pase nwit lan ak rad lapenn lan sou nou. Nou menm k'ap sèvi Bondye mwen an Nou nan lapenn. Pa gen danre, nanpwen diven pou fè ofrann nan kay Bondye nou an.


Leve non, bann gwògè! Kriye non! Nou menm ki renmen bweson, pete rele! Paske pa gen rezen pou fè diven nivo pou nou ankò.


Moun rich nan lavil la ap peze pòv malere yo. Yo tout se yon bann mantò: Bonjou yo pa laverite!


Jou Senyè a pral move sou yo a, ni lajan yo ni lò yo p'ap ka sove yo. Kòlè li tankou yon dife k'ap boule tout tè a, paske yon sèl kou a, l'ap disparèt tout moun ki rete sou latè. L'ap fini ak yo.


Pitit Jakòb yo manje plen vant yo! Yo vin gra, y'ap pete nan po yo, yo konmanse voye pye. Yo voye Bondye ki te fè yo a jete. Yo vire do bay Bondye ki t'ap pwoteje yo a, Bondye ki te delivre yo a.


Solèy la leve ak tout chalè li. Li cheche zèb la. Flè a tonbe. Tout bèlte l disparèt. Konsa tou, moun rich la gen pou l disparèt pandan tout kòmès li ap mache.


Men nou menm se meprize n'ap meprize pòv yo! Eske se pa moun rich yo k'ap kraze nou, k'ap trennen nou tribinal?


Kounyeya, se ak nou m'ap pale, nou menm k'ap di: jòdi a osinon denmen, n'a pral nan tèl lavil. Rive la, n'a pase yon lanne, n'a fè kòmès ak anpil benefis.


Se pou nou gen lapenn nan kè nou, kriye, plenn sò nou. Pase pou nou ri, pito nou kriye. Pase pou nou kontan, pito nou nan lapenn.


跟着我们:

广告


广告