Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jak 4:9 - 1998 Haïtienne

9 Se pou nou gen lapenn nan kè nou, kriye, plenn sò nou. Pase pou nou ri, pito nou kriye. Pase pou nou kontan, pito nou nan lapenn.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Pran konsyans lanmizè w, pran dèy, kriye, sispann ap ri, mete dlo nan je w pito, olye lajwa pito w chwazi tristès.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Se pou nou vin mizerab; lamante e kriye. Kite ri nou yo vin tounen lamantasyon, e lajwa nou yo vin tounen tristès.

参见章节 复制




Jak 4:9
25 交叉引用  

Lè pèp la tande sa ki te ekri nan liv lalwa a, yo pran kriye. Lè sa a, Neyemi, gouvènè a, ansanm ak Esdras, prèt dirèktè lalwa a, ak lòt moun Levi yo ki t'ap esplike lalwa a di moun yo konsa: — Jou sa a, se yon jou yo mete apa pou Senyè a, Bondye nou an! Pa kite lapenn anvayi kè nou! Pa kriye, mezanmi!


Lontan se mizik gita ak fif ase ki te nan zòrèy mwen. Men, kounyeya, se plenn, se kriye ase m'ap tande.


Dlo ap kouri nan je m tankou larivyè, paske moun pa vle obeyi lalwa ou.


Anvan ou te pini m lan, mwen te konn fè sa ki mal. Men kounyeya, m'ap fè tou sa ou di m fè.


Pinisyon an te bon nèt pou mwen! Li fè m konnen sa ou vle m fè.


Ou mèt ap ri, kè ou ka nan lapenn. Apre kontantman, se kè sere.


Ala bagay sòt se lè yon moun ap plede ri! Pran plezi, sa pa rapòte anyen!


Jennfi yo va danse tèlman y'a kontan. Jennjan ansanm ak granmoun gason yo va kontan tou. M'ap wete lapenn nan kè yo, m'ap fè yo kontan. M'ap fè yo pran kouray. Nan mitan chagren yo, m'ap fè yo kontan.


Sou tout wout la, y'ap lapriyè, y'ap kriye de ran dlo, antan m'ap mennen yo retounen. M'ap fè yo pran yon wout plat kote yo p'ap bite jouk yo rive bò sous dlo yo. Wi, mwen tankou yon papa pou Izrayèl, Efrayim sa a se premye pitit gason mwen an.


Pa gen kè kontan lakay nou Nou pa danse ankò! Lapenn plen kè nou!


M'ap padonnen ou tou sa ou te fè. Men ou menm, w'ap chonje sa ou te fè yo, w'a wont, ou p'ap ka louvri bouch ou ankò tèlman w'a wont. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.


Genyen ki va chape kò yo al nan mòn, tankou ranmye k'ap vole kite fon yo. Yo pral plenn sò yo pou tou sa yo fè ki mal.


Yo reponn li: — Li p'ap gen pitye pou yo. L'a fè touye malveyan sa yo, l'a pran jaden rezen an bay lòt jeran ki va ba l pòsyon pa l nan rekòt la lè sezon an va rive.


Benediksyon pou moun ki nan lapenn, paske Bondye va ba yo kouray.


Abraram reponn li: Pitit mwen, chonje byen: ou te resevwa tout bon bagay pa ou yo pandan ou te sou latè. Lè sa a menm, Laza te nan tout mizè li. Kounyeya, li jwenn konsolasyon bò isit la, ou menm w'ap soufri.


Benediksyon pou nou menm ki grangou kounyeya, paske n'a jwenn manje an kantite. Benediksyon pou nou menm k'ap kriye kounyeya, paske nou pral nan kè kontan.


Malè pou nou, nou menm ki gen tout bagay an kantite kounyeya, paske nou pral grangou pou n mouri. Malè pou nou, nou menm k'ap ri kounyeya, paske nou pral nan lapenn, se pa ti kriye n'a kriye.


跟着我们:

广告


广告