Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jak 4:8 - 1998 Haïtienne

8 Pwoche bò kote Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. Nou menm k'ap fè peche, lave men nou. Netwaye kè nou, nou menm k'ap woule de bò.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Pwoche bò kote Bondye, l ap pwoche kote w tou. Netwaye lavi w, ou menm k ap komèt move zak yo. Retire peche nan lavi w, ou menm k ap woule de bò ant Bondye ak mond lan.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse.

参见章节 复制




Jak 4:8
44 交叉引用  

Abraram pwoche bò kote Senyè a, li mande l: — Eske se vre ou pral touye inonsan yo ansanm ak koupab yo?


Ou menm, Salomon, pitit mwen, se pou ou rekonèt Bondye papa ou la. Se pou ou sèvi l ak tout kè ou, avèk bon santiman, paske Senyè a sonde kè tout moun, li konnen tou sa k'ap pase nan tèt yo. Konsa, si ou chache l, l'ap kite ou jwenn li. Men, si ou vire do ba li, l'ap lage ou nèt tou pou tout tan.


Azarya sòti al kontre wa Asa, li di l konsa: — Koute sa m'ap di nou, ou menm Asa ansanm ak tout moun fanmi Jida ak fanmi Benjamen yo! Senyè a ap kanpe ak nou si nou menm tou nou kanpe avè l. Si nou chache l, l'ap kite nou jwenn li. Men, si nou vire do ba li, l'ap vire do ban nou tou.


Men, mwen konnen mwen pa fè okenn moun mechanste. Mwen lapriyè Bondye ak tout kè m.


Moun k'ap mennen yon vi dwat, se yo ki gen rezon. Sa ki pa mete men yo nan okenn move zafè kanpe pi rèd sou pozisyon yo.


Pa gen dlo ki ka lave m. Pa gen savon ki ka blanchi m.


Mwen rayi moun ki pa konn sa yo vle. Mwen renmen lalwa ou.


Senyè a kanpe toupre moun k'ap rele l, toupre tout moun k'ap rele l ak tout kè yo.


(21) Senyè a ban m rekonpans mwen, paske li wè m mache dwat devan li. Li ban m benediksyon, paske li wè mwen inonsan.


Se moun ki pa fè anyen ki mal, moun ki pa gen move lide nan tèt yo. Se moun ki pa nan bay manti, moun ki pa nan fè sèman pou twonpe moun.


Senyè, m'ap lave men m pou m moutre jan m inonsan, mwen pral pwoche bò lotèl ou a,


(12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m sa kenbe fèm.


Nan kondisyon sa a, gen lè se pou gremesi mwen kenbe kò m pou m pa fè move bagay? Se pou gremesi mwen refize mete men m nan move zafè?


Mwen menm, sa bon nèt pou m rete bò kote Bondye: Se nan Senyè a mwen jwenn pwoteksyon. M'a fè konnen tou sa li fè.


Y'ap touye tout moun peyi a y'a kontre sou wout yo, y'ap kraze tout moun peyi a y'a bare sou chemen yo.


Senyè a di: — Lè moun sa yo ap fè sèvis pou mwen, se pawòl nan bouch! Y'ap louvri bouch yo pou fè lwanj mwen, men lespri yo byen lwen. Si y'ap mache di yo gen krentif pou mwen, se pawòl granmoun lontan moutre yo y'ap repete lè konsa.


Chak jou, y'ap fè sèvis pou mwen. Yo pretann yo konnen chemen m yo, tankou si se yon nasyon ki fè sa ki dwat devan m, epi ki pat janm lage lòd mwen te ba yo. Y'ap mande m pou m defann kòz yo. Yo ta vle pou Bondye kanpe la ak yo.


Yon jou ap vini. Lè sa a, y'a di pèp lavil Jerizalèm lan: Men yon van byen cho k'ap soufle sòti nan dezè a. L'ap desann sou moun pèp Jida yo. Se pa yon ti van pou vannen, ni pou netwaye grenn.


Moun Jerizalèm, lave mechanste ki nan kè nou pou nou ka sove. Kilè n'a sispann fè move lide nan tèt nou?


Wi, lè m rele ou, ou pwoche. Ou di m mwen pa bezwen pè!


Vire do bay tout vye peche nou te konn fè yo. Chanje kè nou, chanje lide nou. Poukisa atò, nou menm moun pèp Izrayèl yo, pou n'ap chache lanmò konsa?


Men kounyeya, mwen menm Senyè ki gen tout pouvwa a, men sa m voye di nou: Tounen vin jwenn mwen, m'a tounen vin jwenn nou tou. Se vre wi sa m'ap di nou la a.


Depi sou tan zansèt nou yo, nou pa okipe sa m'te ban nou lòd fè. Nou pa swiv yo. Tounen vin jwenn mwen. Mwen menm, m'a tounen vin jwenn nou. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. N'ap mande nan kisa nou dwe tounen vin jwenn mwen an?


— Si pyebwa a bon, l'ap bay bon fwi. Si pyebwa a pa bon, l'ap bay move fwi. Yo rekonèt kalite yon pyebwa sou kalite fwi li bay.


— Poukisa disip ou yo pa swiv koutim granmoun lontan yo? Gade. Yo pa lave men yo anvan yo manje.


Lè Pilat wè li pat kapab fè anyen ankò, paske pèp la te sòti pou l te fè plis dezòd toujou, li pran dlo, li lave men l devan tout foul moun yo. Li di yo: — Mwen menm, mwen pa reskonsab lanmò nonm sa a. Sa, se sou kont nou li ye.


Li pat fè okenn diferans ant yo menm ak nou menm: nou wè li lave kè yo paske yo te kwè nan li.


Mezanmi, se pou nou wi Bondye te fè tout pwomès sa yo. Ann kenbe kò nou ak nanm nou nan kondisyon pou n sèvi Bondye! Ann voye tout bagay ki ka wete nou nan kondisyon sa a jete! Ann chache viv apa pou Bondye! Ann viv nan krentif li!


Wi, mwen vle pou, nenpòt ki kote, lèzòm ka lapriyè Bondye san fè kòlè san fè diskisyon.


Ann pwoche bò kote Bondye ak tout kè nou, ak yon konfyans byen chita, san nou pa gen anyen nan kè nou ki pou boulvèse konsyans nou, kò nou menm byen netwaye nan yon dlo byen pwòp.


Lalwa Moyiz la pat kapab rann anyen bon nèt sou tout pwen. Men, kounyeya, yo ban nou yon pi bèl espwa, kifè nou ka pwoche bò kote Bondye.


Se yon moun ki pa konn sa li vle. Li toujou anbalan nan tout sa li antreprann.


Pou konmanse, moun ki gen bon konprann ki sòti nan Bondye a ap fè volonte Bondye, l'ap viv byen ak tout moun, l'ap respekte tout moun, l'ap tande rezon, l'ap gen kè sansib, l'ap fè anpil anpil byen, li pa nan de fas ni nan ipokrit.


Koulyeya, lè n'ap obeyi verite a, nou nan kondisyon pou nou fè sèvis Bondye, pou nou yon lamou sensè pou frè yo. Se sa ki fè, se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou, ak tout fòs nou.


Pou nou menm, dlo sa a kanpe pou dlo batèm lan k'ap delivre nou kounyeya. Batèm lan, se pa yon bagay k'ap wete kras sou kò nou. Men, se yon angajman nou pran devan Bondye ak yon konsyans san repwòch. Bondye sove nou gremesi Jezikri ki te leve sòti vivan nan lanmò,


Tout moun ki gen espwa sa a nan kè yo ap kenbe kò yo pou yo pa fè sa ki mal, tankou Jezikri te kenbe kò l pou l pat fè sa ki mal.


Sayil bati yon lotèl pou Senyè a. Se te premye lotèl li te bati.


跟着我们:

广告


广告