Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jak 4:7 - 1998 Haïtienne

7 Se poutèt sa, desann nou devan Bondye. Men, pran pozisyon kont Satan, la kouri kite nou.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Enben, livre lavi w bay Bondye pou obeyi l. Fè opozisyon kont lespri mechan an, epi l ap kouri ale byen lwen w.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou.

参见章节 复制




Jak 4:7
32 交叉引用  

Men, si li pa kontan avè m ankò, enben, lè sa a, la fè sa li vle avè m.


Pa fè tèt di tankou zansèt nou yo, men soumèt nou devan Senyè a. Vin lavil Jerizalèm nan Tanp Senyè a te mete apa pou li pou toutan an. Sevi Senyè a, Bondye nou an, pou Senyè a pa fache sou nou ankò.


Epi Jòb di: — San anyen, mwen soti nan vant manman mwen. M'ap tounen anba tè san anyen. Bondye bay, Bondye pran. Lwanj pou Bondye!


Di Bondye: Sa ou fè yo se bagay ki pou fè moun respekte ou. Ou sitèlman gen pouvwa, lènmi ou yo ap flate ou.


(31) Fè bèt ki rete anba wozo yo pè, fè bann towo bèf ak jenn ti towo yo pè tou, jouk y'a vin soumèt devan ou, jouk y'a vin ofri ajan ba ou. Wi, moun sa yo ki renmen batay, gaye yo! Fè yo kouri!


Senyè a di m konsa: — Pale ak wa a ansanm ak manman l. Di yo desann sòti sou fòtèy yo, paske bèl kouwòn ki te sou tèt yo a tonbe atè.


Yo pral voye ou byen lwen pou ou pa mache sou moun. Ou pral rete ak bèt nan bwa pandan setan. Ou pral manje zèb tankou bèf, ou pral dòmi deyò pou lawouze bat ou. Apre sa, w'a rekonèt se Bondye nan syèl la ki kontwole tout chèf sou latè. Se li menm ki bay moun li vle dwa pou yo gouvènen.


Yo p'ap kite ou mache sou moun. Ou pral rete ak bèt nan bwa. Ou pral manje zèb tankou bèf pandan setan, jouk w'a rekonèt se Bondye nan syèl la ki kontwole tout chèf sou latè. Se li menm ki bay moun li vle dwa pou yo gouvènen.


Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze.


— Se konsa, wa Agripa, mwen pa dezobeyi vizyon ki te sòti nan syèl la vin jwenn mwen.


Leve, antre lavil la. Se la y'a di ou sa ou gen pou fè.


Yo pat konprann ki jan Bondye t'ap fè lèzòm gras. Yo te pito chache fè sa nan jan pa yo. Se konsa yo pat asepte jan Bondye te vle fè l la.


Paske men sa ki ekri nan Liv la: Mèt la di: Jan nou konnen mwen vivan an vre, konsa tou, tout moun gen pou mete ajenou devan mwen. Nan tout lang moun va pale byen fò pou rekonèt pouvwa Bondye.


Pa bay Satan pye sou nou.


Nou menm ki gen krentif pou Kris, soumèt nou yonn devan lòt.


Se poutèt sa, depi kounyeya, pran tout zam Bondye bay yo. Konsa, lè move jou a va rive, n'a ka kenbe tèt ak lènmi an. Lè batay la va fini nèt, n'a kanpe la byen fèm nan pozisyon nou toujou.


Chonje sa papa nou sou latè a konn fè. Yo pini nou. Malgre sa, nou toujou respekte yo. Nou pa bezwen mande jan nou dwe soumèt devan Papa nou ki nan syèl la, si nou bezwen viv.


Soumèt devan tout otorite lèzòm etabli. Fè sa pou Bondye. Soumèt devan wa a, paske se li ki pi gwo chèf.


Se poutèt sa, soumèt nou devan Bondye ki gen pouvwa, konsa l'a leve nou lè pou l leve nou an.


Se konsa Samyèl rapòte l tout pawòl Senyè a san kache l anyen. Epi Eli di l: — Se Senyè a li ye, l'a fè tou sa li wè ki bon.


跟着我们:

广告


广告