Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jak 4:5 - 1998 Haïtienne

5 Pa konprann se pou anyen yo ekri pawòl sa a nan Liv la: Bondye sitèlman renmen lespri li mete nan nou an, li fè jalouzi pou li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Èske w panse Bib la pa di anyen? Li di: “Lespri Bondye fè abite nan nou an vle se pou li sèl pou nou ye.”

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Oubyen, èske nou panse ke Lekriti sen an pale san rezon: “Li jalou pou Lespri a ke Li te fè rete nan nou an?”

参见章节 复制




Jak 4:5
24 交叉引用  

Li te gen kantite kabrit, mouton ak bèf, ak anpil moun ki t'ap sèvi l. Sa te fè moun Filisti yo rayi sò li.


Lè Rachèl wè li pat kapab fè pitit pou Jakòb, li vin gen yon sèl jalouzi kont sè li a, li di Jakòb: — Fè m fè pitit! Si se pa sa m'ap mouri sou kont ou!


Frè Jozèf yo t'ap fè jalouzi, men papa l t'ap kalkile tout bagay sa yo nan tèt li.


Men Onan te konnen pitit la pa t'ap pou li. Se konsa, chak fwa li kouche ak madanm frè li a, li voye atè pou li pat fè pitit pou frè li a.


Senyè a wè jan lèzòm t'ap vin pi mechan chak jou toupatou sou latè, kijan tout lasentjounen se move lide ase ki nan tèt yo.


Lè Bondye pran bon sant lan, sa te fè l plezi. Li di nan kè l: — Mwen p'ap janm bay tè a madichon ankò poutèt sa lèzòm fè, paske depi yo jenn, se move lide ase ki nan kè yo. Mwen p'ap janm detwi tout bèt vivan yo ankò, jan mwen sot fè l la.


Antan yo la nan dezè a yo te rayi sò Moyiz ak sò Arawon, sèvitè Bondye te chwazi a.


(1b) Pa fè kòlè lè ou wè mechan yo! Pa anvye sò moun k'ap fè mal yo!


Mechan toujou anvi fè sa ki mal. Yo pa gen pitye pou pèsonn.


Mwen wè tout di lèzòm ap travay di a, tout bèl mèvèy y'ap reyalize nan lavi a, se paske yonn vle gen plis pase lòt. Men sa a tou, se rapousib van, se lave men siye atè.


Moun peyi Efrayim yo p'ap fè jalouzi ankò. Peyi Jida a p'ap kenbe moun nan kè ankò. Moun peyi Efrayim yo p'ap anvye sò moun Jida yo. Moun Jida yo p'ap lènmi ankò ak moun Izrayèl yo.


Moyiz reponn li: — Kouman? Ou genlè w'ap fè jalouzi pou mwen? Pa pito Senyè a te mete lespri l sou tout pèp la pou yo te ka pale tankou pwofèt!


Bondye pa tankou moun k'ap bay manti. Non! Li pa tankou moun k'ap chanje lide yo pou ti krik ti krak! Depi li pwomèt yon bagay, l'ap fè l. Depi li pale, fòk sa li di a rive vre!


Si Liv la rele bondye moun ki resevwa pawòl Bondye, - si pawòl Bondye pa ka peri - moun Bondye mete apa pou li a, moun li voye nan lemonn, nou di l'ap pale Bondye mal paske li di.


Gen yon lòt pawòl yo te ekri ankò ki di: Y'a leve je yo gade, y'a wè moun yo te pèse a.


Liv la di: Kris la, se yon pitit pitit David la ye. Se Betleyèm li gen pou l sòti, lavil kote David te pase tout lavi li a.


— Pitit Jakòb yo, zansèt nou yo, fè jalouzi pou Jozèf. Yo vann li tankou yon esklav nan peyi Lejip. Men, Bondye te kanpe la avèk Jozèf.


Men sèl lide ki nan tèt yo: se fè tout kalite lenjistis, tout kalite mechanste, se anvi sò moun, se fè rayisab. Se sa sèlman ki nan kè yo: fè jalouzi, touye moun, chache moun kont, fè riz, fè kokenn. Yo tripòt konsa.


Paske nan Liv la, men sa Bondye di farawon an: Se mwen ki fè ou wa tout espre, pou lè moun wè ou, yo ka wè pouvwa mwen, pou moun ka mache fè konnen non mwen toupatou sou latè.


Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan lavi nou! Sentespri Bondye ban nou an! Nou pa mèt tèt nou ankò.


Kisa kay Bondye a gen pou wè ak zidòl? Nou se kay Bondye vivan an, pa vre? Se Bondye menm ki di sa: M'a vin rete, m'a viv nan mitan yo. M'a tounen Bondye yo, y'a tounen pèp mwen.


Moun ki te ekri nan Liv la te wè davans Bondye t'ap fè moun ki pa jwif yo gras tou poutèt konfyans yo ta gen nan li. Se konsa li bay Abraram Bòn Nouvèl sa a davans tou: Gremesi ou, tout nasyon sou latè va jwenn benediksyon.


Paske, nou menm tou, nan tan lontan nou te tankou moun fou, nou pat obeyisan devan Bondye, nou te tankou moun ki pèdi chemen yo. Nou te esklav tout kalite move dezi ak move plezi. Nou t'ap viv ak mechanste, ak jalouzi nan kè nou. Moun te rayi nou, epi nou menm, nou te rayi yo tou.


跟着我们:

广告


广告