Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jak 4:3 - 1998 Haïtienne

3 Menm lè nou mande, nou pa resevwa anyen, paske nou mande mal. Nou mande bagay ki pou satisfè pwòp dezi pa nou sèlman.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Nou mande epi nou pa jwenn anyen. Se paske nou mal mande! Nou mande sèlman paske nou vle fè gaspiyaj nan pran plezi.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Nou mande e nou pa resevwa, paske nou mande avèk anbisyon ki pa pwòp yo, pou nou kab pase li nan plezi nou yo.

参见章节 复制




Jak 4:3
25 交叉引用  

Li di l konsa: — Monchè, ou pa mande m pou ou viv lontan, ou pa mande m richès, ni ou pa mande m lanmò pou lènmi ou yo, men ou mande m yon lespri veyatif pou ou ka gouvènen san patipri.


Yo rele kont rele yo, Bondye pa reponn yo, paske mechan yo gen lògèy.


(42) Y'ap rele, y'ap mande sekou. Men, pa gen moun ki ka delivre yo! Y'ap rele Senyè a, men li pa reponn yo.


le sa a, n'a rele m, mwen menm yo rele sajès, men mwen p'ap reponn nou. N'a mache chache m toupatou, men nou p'ap jwenn mwen.


Senyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Men, sa fè l plezi anpil lè moun k'ap mache dwat yo ap lapriyè nan pye l.


Si ou fèmen zòrèy ou pou ou pa tande pòv k'ap mande ou lacharite, konsa tou pèsonn p'ap tande ou lè w'a mande sekou.


Senyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Sa pi mal toujou lè yo ofri bèt pou touye ba li avèk lide mechanste dèyè tèt yo.


Enben! Se mwen menm Senyè a k'ap pale: Mwen pral voye yon malè sou yo. Yo p'ap ka chape anba l. Y'a kriye nan pye m, mwen p'ap koute yo.


Ou menm, Jeremi, ou pa bezwen vin plede pou moun sa yo. Ou pa bezwen plenyen pou yo, ni ou pa bezwen lapriyè pou yo. Paske y'a rele nan pye m lè malè a va rive sou yo, mwen p'ap tande yo.


Yo te mèt boule bèt pou mwen ak rekòt jaden yo, sa p'ap ka fè mwen kontan ak yo. Okontrè mwen pral fè yo mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi.


Men, yon jou va rive, lè sa a n'a kriye nan pye Senyè a, men li p'ap reponn nou. Li p'ap tande sa n'ap di nan lapriyè nou yo, paske nou fè bagay ki mal.


Sa ki rive lè sa a? Menm jan yo pat koute l lè li t'ap pale ak yo a, li menm tou, li pat reponn yo lè yo te lapriyè nan pye l.


Jezi reponn li: — Nou pa konnen sa n'ap mande a non. Eske nou ka bwè gode chatiman mwen pral bwè a? Eske nou ka resevwa batèm mwen gen pou m' resevwa a? Yo reponn li: — Nou kapab.


Jezi reponn yo: — Nou pa konnen sa n'ap mande la a non. Eske nou ka bwè gode chatiman mwen pral bwè a? Eske nou ka resevwa menm batèm mwen pral resevwa a?


Paske, nenpòt moun ki mande, l'a resevwa. Moun ki chache, l'a jwenn. Y'a louvri pou moun k'ap frape.


Kèk jou apre, ti gason an ranmase tout afè l, li pati, l'ale nan yon peyi byen lwen. Antan li la, li lage kò l nan banbòch, li gaspiye tout lajan l.


Men lè pitit gason ou lan tounen, li menm ki fin gaspiye tout sibzistans ou nan vye zak vagabonday, se pou li ou touye ti towo nou t'ap angrese a.


Ki jan fè gen goumen ak kont nan mitan nou konsa? Kote sa sòti? Sa sòti nan move lanvi k'ap goumen nan kò nou.


Tou sa n'a mande l, l'a ban nou l, paske nou menm nou fè tou sa li mande nou, nou fè sa ki fè l plezi.


Se poutèt sa kè nou pa sote devan Bondye. Nou konnen l'ap koute nou si nou mande l kichòy ki dakò ak volonte li.


跟着我们:

广告


广告