Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jak 4:2 - 1998 Haïtienne

2 Nou anvi yon dal bagay, men nou pa ka posede yo. Lè konsa nou tou pare pou nou fè krim. Nou gen lanbi sou sa ki pa pou nou, men nou pa ka jwenn yo. Lè konsa se kont, se goumen. Nou pa jwenn sa nou bezwen paske nou pa mande Bondye.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Nou vle pou n posede yon pil bagay, epi nou pa kapab genyen yo. Lè sa a, nou prèt pou touye moun. Nou jalou, epi nou pa kapab genyen sa n ta vle genyen. Lè sa a, nou nan lit, n ap bat kò nou. Nou pa jwenn sa nou ta vle, paske nou pa mande Bondye l!

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Nou anvi e nou pa genyen, donk nou touye moun. Nou anvi e nou pa kab twouve, donk nou goumen e fè kont ak lòt yo. Nou pa genyen paske nou pa mande.

参见章节 复制




Jak 4:2
14 交叉引用  

Akab reponn, li di li: — M pale ak Nabòt, nonm Jizreyèl la. Mwen mande l pou l vann mwen jaden rezen l lan, osinon si li pito, m'a ba li yon lòt pou li. Men, li di m li p'ap ban mwen jaden l lan.


Nan chache genyen sa ki pa pou ou, se ou ki lakòz malè rive ou. Se sa menm ki pou rive tout moun ki pa wè pase vòlò.


Se te yon nonm ki t'ap viv pou kont li, san zanmi. Li pat gen pitit gason, li pat gen frè. Li travay san pran souf. Li pat janm gen ase. Pou ki moun li t'ap travay di konsa, san bay tèt li yon ti plezi? Li pat janm gentan pou mande tèt li sa. Sa a tou, sa pa vo anyen, se pa yon bon jan pou moun viv.


Akaz reponn: — Mwen p'ap mande Senyè a anyen. Mwen p'ap sonde l.


Richès fè moun pèdi tèt yo pi mal pase bweson. Moun ki gen lògèy pa ka rete trankil. Tankou simityè, yo pa janm gen ase. Tankou kote mò yo ye a, yo pa janm gen kont. Yo mache pran tout nasyon pou yo. Yo mete tout pèp anba ponyèt yo.


Jouk kounyeya, nou poko mande anyen nan non mwen. Mande, n'a jwenn pou nou ka kontan nèt ale.


Jezi reponn li: — Si ou te konnen kado Bondye bay la, si ou te konnen ki moun k'ap mande ou ti gout dlo a, se ou menm atò ki ta mande li ba ou ti gout dlo. Lè sa a, li ta ba ou nan dlo ki bay lavi a.


Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi.


Nou kondannen moun inosan, nou fè sasinen yo. Yo menm, yo pa fè fòs ak nou.


Tout moun ki rayi frè yo, se ansasen yo ye. Nou konnen yon ansasen pa gen lavi ki p'ap janm fini an nan li.


跟着我们:

广告


广告