Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jak 3:9 - 1998 Haïtienne

9 Avèk lang nou, nou fè lwanj Bondye papa nou. Avèk menm lang lan, nou bay moun madichon, moun Bondye te kreye pòtre ak li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Avèk lang nou, nou chante louwanj pou Senyè a, Papa nou. Avèk lang nou tou, nou modi moun yo Bondye te kreye dapre limaj li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Avèk li, nou beni Senyè nou an ak Papa a, e avèk li, nou madichonnen moun ki fèt ak limaj Bondye.

参见章节 复制




Jak 3:9
34 交叉引用  

Men lis non pitit pitit Adan yo: Lè Bondye kreye moun, li te fè yo pòtre avè l.


Si yon moun touye yon moun, yon lòt moun va touye li tou. Paske Bondye fè moun pòtre ak li.


Lè wa David rive bò lavil Bakourim, yon moun fanmi wa Sayil sòti lavil la vin kontre l. Se te Chimeyi, pitit gason Gera a. Antan l'ap vanse sou David, li t'ap joure l, li t'ap ba li madichon.


Lè sa a, Abichayi, pitit gason Sewouya a, pale, li di konsa: — Sa pa ka anpeche yo touye Chimeyi, paske li te bay moun Bondye te chwazi pou wa a madichon.


Lè sa a, David fè lwanj Bondye devan tout pèp la ki te reyini. Li di konsa: — Lwanj pou ou, Senyè a, Bondye Izrayèl, papa nou, depi tout tan ak pou tout tan!


Apre sa David pale ankò ak tout pèp la ki te reyini, li di yo: — Annou fè lwanj pou Senyè a, Bondye nou an! Tout pèp la nèt pran fè lwanj Senyè a, Bondye zansèt yo. Yo mete jenou yo atè, yo bese tèt yo byen ba devan Senyè a ak devan wa a.


Tout pawòl li se madichon, se manti, se twonpe moun. Li cho konsa pou l pale moun mal, pou l di gwo mo.


(2) Mwen pare, Bondye. Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou ak tout kè mwen.


(1b) Bondye mwen, wa mwen, m'a fè konnen jan ou gen pouvwa. M'ap di ou mèsi tout tan tout tan.


M'a fè lwanj Senyè a ak bouch mwen. Se pou tout moun fè lwanj Bondye ki yon Bondye apa. Se pou yo fè l tout tan tout tan.


Se poutèt sa, kè m kontan anpil. Mwen santi se tout tan mwen ta chante. Ata kò mwen m'ap poze ak konfyans nan Bondye.


(13) Mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen, m'ap chante lwanj ou. Senyè, se ou menm ki Bondye mwen! Se tout tan tout tan m'ap di ou mèsi.


(2) Se tout tan m'ap di Senyè a mesi, mwen p'ap janm sispann fè lwanj li.


Lè sa a, m'a fè konnen jistis ou, m'a fè lwanj ou tout lajounen.


(16) Pa kite yo tire revanj sou mwen, Bondye, se ou k'ap sove lavi m. N'a fè konnen jan ou gen bon kè.


(9) M'ap souke kò mwen, m'ap leve. M'ap pran gita mwen, m'ap pran bandjo mwen. Mwen pral fè solèy leve!


(13) Chak pawòl ki sòti nan bouch yo se yon peche. Se pwòp lògèy yo k'ap fini ak yo. Se madichon ak manti ase k'ap sòti nan bouch yo.


(5) Wi, yo pa gen lòt lide nan tèt yo pase fè l pèdi gwo plas kote li ye a. Yo pran plezi nan bay manti. Yo louvri bouch yo pou mande benediksyon, men nan kè yo, se madichon y'ap bay.


(5) Konsa ma pase tout lavi m ap di ou mèsi. Se ou menm sèlman m'a lapriyè.


Tout lajounen m'a fè konnen jan ou pa nan patipri, paske moun ki te vle wè malè rive m yo gen pou yo wont. Yo p'ap konn sa pou yo fè.


Paske ou menm tou, nan kè ou, ou konnen konbe fwa ou pale moun mal.


Senyè a di: — Lè moun sa yo ap fè sèvis pou mwen, se pawòl nan bouch! Y'ap louvri bouch yo pou fè lwanj mwen, men lespri yo byen lwen. Si y'ap mache di yo gen krentif pou mwen, se pawòl granmoun lontan moutre yo y'ap repete lè konsa.


Lè sa a, Pyè pran fè sèman, li di yo: — Mwen mande Bondye pou nenpòt bagay rive m si m manti: Mwen di nou non, mwen pa konnen nonm sa a. Menm lè a, kòk chante.


Men mwen menm, men sa mwen di nou: Renmen lènmi nou. Lapriyè pou moun k'ap pèsekite nou.


Se poutèt sa kè m kontan anpil, se pawòl kontantman ase ki nan bouch mwen. Menm kò mwen, m ap poze l avèk espwa nan Bondye.


Bouch yo plen madichon ak jouman.


Gason an pa bezwen kouvri tèt li, paske se pòtre Bondye li ye. Tankou nan yon glas, li fè wè bèl pouvwa Bondye a. Men, fanm lan menm se pouvwa gason an li fè wè.


Lwanj pou Bondye, Papa Jezikri, Senyè nou an! Se li menm ki beni nou nan lavi n'ap mennen an. Nan Kris, li ban nou tout kalite benediksyon ki nan syèl la.


Men jan pou nou sèvi Bondye Papa a si nou vle sèvi li yon jan ki dakò ak volonte Bondye, yon jan ki bon tout bon devan li: Pote sekou bay òfelen san papa yo. Bay vèv yo lasistans lè yo nan lafliksyon. Pa mele nan move bagay k'ap fèt sou latè pou nou pa pèdi kondisyon nou.


Menm bouch la bay benediksyon, li bay madichon tou. Frè m yo, sa pa dwe fèt konsa.


Beniswa Letènèl, li menm ki se Papa Jezikri, Senyè nou an. Paske nan kè sansib li, li ban nou lavi ankò, lè li te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a. Sa fè nou viv ak anpil espwa.


Y'al nan jaden yo, yo keyi rezen nan jaden rezen yo, yo fè diven, yo fè fèt. Y'al nan tanp bondye yo a, yo manje, yo bwè, epi yo bay Abimelèk kont madichon li.


跟着我们:

广告


广告