Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jak 3:8 - 1998 Haïtienne

8 Men, pou lang lan menm, pèsonn poko ka donte li. Se yon move bagay ou pa ka kontwole, li plen pwazon ki ka touye moun.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Men lang lan sovaj, pèsòn pa ka fè l obeyi! Li yon move bagay li ye, li plen ak yon pwazon ki bay lanmò.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Men pèsòn pa kapab donte lang lan. Li se yon mechanste ki endontab e plen ak pwazon mòtèl.

参见章节 复制




Jak 3:8
13 交叉引用  

(4) Lang yo se razwa. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik.


(22) Pawòl nan bouch yo pi dous pase siwo. Men, nan fon kè yo se yon sèl bagay yo konnen: se goumen. Pawòl yo koule dous tankou lwil, men lang yo se razwa.


(5) Mwen kouche nan mitan yon bann lyon ki prèt pou devore mwen. Dan yo pwenti tankou flèch, tankou frenn, lang yo tankou yon ponya byen file.


(5) Yo gen yon pwazon nan bouch yo, tankou pwazon sèpan. Yo pa pran priyè, yo tankou sèpan aspik,


(8) Tande sa y'ap di! Tande jan y'ap pale! Lang nan bouch yo, ou ta di se yon ponya! Y'ap di: Pa gen moun k'ap tande nou!


Yon moun ki pa gen bon lide nan tèt li p'ap janm gen kè kontan. Moun ki gen move lang ap toujou nan traka.


Ou te mèt konn chame sèpan, sa p'ap sèvi ou anyen si ou kite l gentan mòde ou.


Bouch yo ou ta di yon kavo ki louvri. Se twonpe y'ap twonpe moun ase ak lang yo. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik.


Diven yo tankou pwazon nan bouch, tankou venen sèpan nan wòch tè sèk k'ap touye moun frèt.


Enben, lang se tankou dife. Se la tout lenjistis rete. Paske se yon manm nan kò nou li ye, l'ap kontaminen tout kò a nèt. Se lanfè menm ki mete dife nan li. Apre sa, li menm pou tèt pa l, li mete dife nan tout lavi nou.


Moun ka donte tout kalite bèt, zwazo, bèt ki trennen sou vant, bèt ki nan lanmè. Li menm rive donte yo deja.


Yo jete gwo dragon an deyò. Se li menm, sèpan ki la depi lontan an, li menm yo rele dyab la osinon Satan, k'ap plede twonpe tout moun. Yo voye l jete sou latè ansanm ak tout zanj li yo.


跟着我们:

广告


广告