Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jak 3:2 - 1998 Haïtienne

2 Nou tout nou bite nan plizyè sans. Yon moun ki pa janm bite nan pawòl li, se yon moun ki bon nèt. Moun sa a kapab kontwole tout kò l byen tou.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Nou tout fè anpil fot. Si yon moun pa janm fè fot an pawòl, se yon moun ki pafè. Li kapab gen kontwòl sou tout kò li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Paske nou tout tonbe nan plizyè sans. Si yon moun pa tonbe nan sa li di, li menm se yon moun pafè, li kapab kontwole tout kò a menm jan an.

参见章节 复制




Jak 3:2
29 交叉引用  

Lè pèp ou a va peche kont ou, paske pa gen moun ki pa fè peche, lè w'a move sou yo, w'a lage yo nan men lènmi yo ki va fè yo prizonye, ki va depòte yo nan lòt peyi, li te mèt toupre, li te mèt byen lwen,


Lè pèp ou a va peche kont ou, paske pa gen moun ki pa fè peche, lè w'a move sou yo, lè w'a lage yo nan men lènmi yo ki va fè yo prizonye, ki va depòte yo nan lòt peyi, li te mèt toupre, li te mèt byen lwen,


W'ap pase kòlè ou sou Bondye. W'ap plede joure l.


(14) Se moun ki pa lage kò yo nan pale moun mal ni nan bay manti.


(2) Mwen te pwomèt mwen t'ap veye sou pawòl mwen, pou m pa peche ak lang mwen. M'ap mete yon fren nan bouch mwen toutotan mechan yo va kanpe la devan mwen.


Plis ou pale, plis ou ka peche. Lè ou gen bon konprann, ou kenbe bouch ou fèmen.


Veye pawòl ki sòti nan bouch ou, w'a pwoteje lavi ou. Moun k'ap prese louvri bouch yo pale ap detwi pwòp tèt yo.


Ki moun ki ka di: mwen lave konsyans mwen, mwen wete tout peche ki te sou li?


Veye bouch ou ak lang ou, ou p'ap nan pwoblèm.


Pa gen moun k'ap mache dwat sou latè ki ka di tou sa l'ap fè byen, li pa janm fè sa ki mal.


Nou tout nou te tankou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi ou. Tou sa nou t'ap fè ki byen te tankou rad sou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi ou. Akòz peche nou yo, nou te tankou fèy chèch van ap bwote.


prèt la va egzaminen l. Si tach yo yon ti koulè blan sal, l'a konnen se yon ti gratèl ki parèt sou po a, moun lan toujou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.


Bann vèmin! nou twò mechan. Bon pawòl pa ka sòti nan bouch nou. Sa ki nan kè yon moun, se sa ki sòti nan bouch li.


Paske, se dapre pawòl ou y'a jije ou: Se pawòl ou k'ap di si ou inonsan, osinon si ou koupab.


Jan sa ekri nan Liv la: Nanpwen moun ki gen rezon devan Bondye. Non, pa menm yon grenn.


Pou mwen menm, mwen jwenn lwa sa a nan mwen: lè m vle fè sa ki byen, se sa ki mal ase mwen santi m ka fè.


Mwen aji di ak kò m, mwen kenbe l kout, pou mwen menm yo pa voye m jete apre mwen fin moutre lòt yo sa pou yo fè.


Men, Liv la di: Tout bagay anba pouvwa peche a. Konsa, moun ki gen lafwa, se yo ki va resevwa kado Bondye te pwomèt yo, paske yo te mete konfyans yo nan Jezikri.


Kò a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans Lespri Bondye a. Konsa tou, Lespri Bondye a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans kò a. Se de bagay ki pa mache ansanm menm. Se sa k fè nou pa kapab fè sa nou vle.


Konsa, m'ap fè tout moun konnen Kris la. M'ap bay tout moun konsèy, m'ap moutre yo tout bagay avè bon konprann, jan m kapab pou yo tout ka parèt devan Bondye tankou granmoun ki byen grandi nan lavi y'ap mennen ansanm ak Kris la.


Epafras, ki moun Kolòs tou, voye bonjou pou nou. Sèvitè Kris sa a pa manke lapriyè anpil pou nou pou nou ka rete fèm, pou nou ka fin grandi nèt nan konfyans nou nan Bondye, pou nou ka toujou byen dispoze pou fè tou sa Bondye mande nou.


M'ap mande Bondye ki bay kè poze a pou l fè nou favè sa a, pou nou fè tou sa ki byen, pou n kapab fè volonte li. M'ap mande l tou pou l fè travay ki fè l plezi nan nou, gremesi Jezikri. Tout lwanj lan pou Jezikri pou tout tan tout tan. Amèn.


Si yon moun kwè l'ap sèvi Bondye, pou anmenmtan li pa bride lang li, se tèt li l'ap twonpe. Sèvi Bondye jan sa a pa vo anyen.


Men, fòk pasyans sa a fin fè travay li nèt pou nou kapab bon nèt sou tout pwen, byen devlope, san nou pa manke anyen.


Men moun ki obsève tout lalwa a, men ki dezobeyi menm yon sèl nan kòmandman yo, se tankou si li te dezobeyi tout nèt.


Paske: Si yon moun vle jwi lavi a, si l anvi pase kèk bon kadè sou latè, se pou l kenbe lang li pou l pa pale moun mal. Se pou l veye bouch li pou l pa bay manti.


Men, apre n'a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nèt, l'a kenbe nou fèm, l'a ban nou fòs, l'ap fè nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favè. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n te patisipe nan pouvwa li ki p'ap janm fini.


跟着我们:

广告


广告