Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jak 3:1 - 1998 Haïtienne

1 Frè m yo, se pa pou anpil moun nan mitan nou kouri dèyè plas dirèktè. Paske, konnen byen: lè nou dirèktè, Bondye ap jije nou pi sevè pase lòt yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Frè m ak sè m yo, se pa yon pil nan nou ki dwe anseye. Mwen di sa paske, kòm nou konnen, nou menm k ap anseye, jijman pa nou ap pi rèd pase jijman pa lòt yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Pa kite anpil nan nou ansenye, frè m yo, paske nou konnen ke konsa, nou va resevwa yon jijman ki pi sevè.

参见章节 复制




Jak 3:1
30 交叉引用  

Lè sa a, Moyiz di Arawon: — Men sa Senyè a t'ap di nou an wi lè l te di: Moun k'ap sèvi m fèt pou respekte m. M'a fè pèp la konnen pouvwa mwen! Arawon pa di anyen.


Tout moun ki fè bagay sa a, se pou Senyè a pa kite yo jwenn yon moun nan fanmi Jakòb la pou kanpe pou yo osinon pou fè ofrann bay Senyè ki gen tout pouvwa a pou yo.


— Yon elèv pa pi fò pase mèt li. Nitou, yon domestik pa pi grannèg pase patwon li.


— Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou fèmen pòt ki mennen nan Peyi Wa ki nan syèl la pou pèsonn pa antre. Nou menm, nou pa antre ladan li. Lèfini, moun ki ta vle antre, nou enpoze yo antre. [


— Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! N'ap piye pòv vèv yo nèt ale, anmenmtan n'ap plede fè lapriyè byen long pou parèt pi bon. Se poutèt sa, kondannasyon nou pral pi rèd toujou.]


Farizyen yo wè sa, yo di disip li yo: — Poukisa Mèt nou an ap manje konsa ak pèseptè kontribisyon ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal yo?


Li rele jeran an, li di li: Kisa m tande y'ap di sou ou konsa? Vin fè regleman travay ou avè m, paske mwen p'ap kite byen m yo sou kont ou ankò.


— Pa jije moun, konsa Bondye p'ap jije nou. Pa kondannen moun, konsa Bondye p'ap kondannen nou. Padonnen yo, konsa Bondye va padonnen nou tou.


Jezi reponn li: — Ou se yon gwo mèt k'ap moutre pèp Izrayèl la anpil bagay, epi ou pa konn bagay sa yo?


Nan legliz Antyòch la te gen kèk pwofèt ak moun ki t'ap bay enstriksyon: se te Banabas, Simeon (yo te rele Ti Nwa), Lisiyis, moun Sirèn, Manayèn (ki te grandi ansanm ak Ewòd, gouvènè a), epi Sòl.


Se konsa, nou wè nan legliz la Bondye mete apòt yo an premye, pwofèt yo an dezyèm, dirèktè yo an twazyèm. Apre sa, nou jwenn moun k'ap fè mirak, moun ki gen don pou geri moun malad, moun k'ap ede lòt, moun k'ap dirije, moun ki gen don pou pale divès lang.


Paske, nou tout, nou gen pou nou parèt aklè devan tribinal Kris la. Lè sa a, chak moun va resevwa dapre sa li te fè antan li te nan kò sa a.


Se li menm ki fè lèzòm kado divès pouvwa. Li bay kèk ladan yo pouvwa pou sèvi apòt, li bay lòt ladan yo pouvwa pou sèvi pwofèt, li bay lòt ankò pouvwa pou anonse bòn nouvèl la, li bay dòt ankò pouvwa pou sèvi tankou pastè ak dirèktè.


Yo ta renmen pase pou moun k'ap moutre lalwa Bondye a. Men, yo pa konprann anyen ni nan sa y'ap di a, ni nan kèsyon y'ap defann lan.


Se poutèt sa, li voye m kòm apòt pou m anonse moun ki pa jwif yo nouvèl la, pou m moutre yo tout bagay, pou yo ka rive gen konfyans nan Bondye, pou yo ka konnen verite a. Sa m'ap di la a, se vre wi. Mwen p'ap bay manti.


Bondye chwazi m pou m anonse bòn nouvèl sa a, li voye m kòm apòt pou m moutre li bay tout moun ki pa jwif.


Obeyi chèf nou yo, soumèt devan yo. Se tout tan y'ap veye sou nanm nou paske yo gen pou yo rann Bondye kont pou travay yo. Si nou obeyi yo, y'a fè travay yo ak kè kontan. Men, si nou pa obeyi yo, y'a fè l ak kè sere. Lè sa a, p'ap gen okenn avantaj pou nou.


Frè mwen renmen anpil yo, pa twonpe tèt nou sou bagay sa a.


Frè mwen renmen anpil yo, men yon bagay pou nou toujou sonje: chak moun dwe toujou atantif pou koute. Men, pa kouri pale, ni prese fè kòlè.


Menm bouch la bay benediksyon, li bay madichon tou. Frè m yo, sa pa dwe fèt konsa.


Pa fè menm jan ak chèf k'ap maltrete moun ki sou kont yo. Okontrè, se pou nou tounen yon egzanp pou mouton yo.


跟着我们:

广告


广告