Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jak 2:8 - 1998 Haïtienne

8 Jan sa ekri nan Liv la, lalwa gran Wa a di: Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Si nou fè sa, nou fè byen.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Bib la di: “Renmen pwochen w menm jan ou renmen pwòp tèt ou.” Sa a, se lalwa k ap gouvène tout lòt lwa yo. Si ou fè sa, ou aji byen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Men, si nou ap akonpli lalwa wayal la selon Lekriti a: “Nou dwe renmen vwazen nou, tankou tèt nou,” nou ap fè byen.

参见章节 复制




Jak 2:8
23 交叉引用  

Men, Senyè a te di l: Ou byen fèt gen lide bati yon tanp pou mwen.


Men lè sa a, yonn di lòt konsa: — Sa n'ap fè a pa bon non! Nou gen bòn nouvèl konsa, nou pa ka kenbe l pou nou ase. Si nou tann denmen maten pou n'al di moun yo sa, ou mèt sèten y'ap ban nou tò. Pito n'ale kounyeya. Ann al bay nouvèl la kay wa a!


Piga nou tire revanj sou pèsonn. Piga nou kenbe moun menm ras ak nou nan kè, men se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Se mwen menm ki Senyè a!


Se pou nou aji ak yo menm jan nou gen pou nou aji ak moun natif natal peyi a. Se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Pa bliye nou menm tou yon lè nou te rete nan peyi Lejip ki pat peyi pa nou! Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an!


Senyè a reponn li: — Ki rezon ou genyen pou ou fache konsa?


Men, Bondye mande l konsa: — Jonas, ou kwè ou gen rezon fache konsa pou yon ti pye masketi? Jonas reponn li: — Wi. Mwen gen rezon fache. M fache pou m mouri.


Men dezyèm kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.


Mèt la di l: Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè toujou. Vin fè fèt avèk mèt ou.


Mèt la di l: Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou te fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè ankò. Vin fè fèt avèk mèt ou.


— Tou sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou, fè li pou yo tou. Se sa lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo mande nou fè.


Moun ki gen renmen nan kè yo pa fè moun mal: se sa k fè lè nou renmen, nou fè tou sa lalwa a mande nou fè.


Paske tou sa lalwa mande nou, nou jwenn yo nan kòmandman sa a: Se pou ou renmen frè parèy ou, menm jan ou renmen tèt pa ou.


Se pou nou yonn ede lòt pote chay yo. Se konsa n'a obeyi lalwa Kris la.


Malgre sa, nou byen fèt ede m nan traka m yo.


Kanta renmen nou dwe genyen pou frè n yo, mwen pa bezwen ekri nou sou sa. Paske, se Bondye menm ki te moutre nou ki jan nou dwe yonn renmen lòt.


Men, moun ki fikse je l sou lalwa ki bon nèt la, lalwa ki bay libète a, si l sòti pou l fè sa lalwa a mande, si li pa yon moun ki kite pawòl la antre nan yon zòrèy sòti nan yon lòt, men ki fè sa lalwa a mande, moun sa a va jwenn benediksyon nan sa l'ap fè a.


Se pou nou pale, se pou nou aji tankou moun ki gen pou pase anba jijman dapre lalwa ki ban nou libète a.


Ou kwè gen yon sèl Bondye? Se byen. Se sa denmon yo kwè tou, men yo menm, sa fè yo frisonnen sitèlman yo pè.


Frè mwen yo, piga nou yonn pale lòt mal. Moun k'ap pale frè li mal, osinon k'ap jije frè li mal, se lalwa l'ap pale mal, se lalwa l'ap jije. Si w'ap kesyonnen lalwa, ou pa moun k'ap obsève lalwa, men ou pran pòz jij ou sou li.


Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, prèt k'ap sèvi wa a, nasyon k'ap viv apa pou Bondye, pèp li peye pou li a. Li fè tou sa, pou nou te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.


跟着我们:

广告


广告