Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jak 2:5 - 1998 Haïtienne

5 Frè mwen renmen anpil yo, tande sa byen: Bondye chwazi moun ki pòv sou latè pou yo ka rich nan konfyans nan Bondye, pou yo ka jwenn pòsyon pa yo nan peyi li te pwomèt moun ki renmen l yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Koute m, frè m ak sè byenneme m yo! Èske Bondye pa chwazi moun pòv yo nan mond lan pou l fè yo rich nan lafwa epi pou yo resevwa wayòm li pwomèt moun ki renmen l yo?

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Koute, frè byeneme m yo, èske Bondye pa t chwazi pòv a mond sa a pou vin rich nan lafwa, e eritye a wayòm ke Li te pwomèt a sila ki renmen Li yo?

参见章节 复制




Jak 2:5
54 交叉引用  

Lè sa a, Miche di: — Si ou tounen sòti nan lagè a san danje ni malè vre, w'a konnen Senyè a pat pale nan bouch mwen. Lèfini, li di: — Nou tout pèp yo, koute sa m di la a wi!


Nou menm ki gen lespri, koute sa m'ap di. Bondye pa ka fè mechanste. Bondye ki gen tout pouvwa a pa ka nan patipri.


Li pa nan achte figi chèf yo. Ou te mèt pòv, ou te mèt rich, pa gen diferans pou li, paske se li menm ki fè yo tout.


Lè sa a, tout mòn yo ak tout fon yo parèt aklè, tankou mak pye bèt nan labou. Yo pran koulè yo, ou ta di yon rad latè mete sou li.


Men, lè yon moun renmen m, lè li fè sa m mande l fè, m'ap moutre l jan mwen renmen l tou ansanm ak tout pitit pitit li yo pandan mil generasyon.


Gen moun ki pa gen anyen men ki pran pòz moun rich yo. Gen moun ki pran pòz moun pòv yo, epi se yo ki gen fòtin.


Kounyeya, pitit mwen yo, koute byen. Louvri zòrèy nou, tande sa m'ap di nou.


Kounyeya, pitit mwen yo, louvri zòrèy nou pou nou tande mwen. Ala bon sa bon pou moun ki fè sa m di yo fè!


Kisa n'a reponn mesaje moun peyi Filisti yo va voye kote nou an? N'a di yo se Senyè a menm ki mete peyi Siyon an kanpe ankò pou tout bon. Se la tout pèp li a, pèp ki t'ap soufri a, va vin jwenn pwoteksyon.


Senyè a va fè tipiti yo gen kè kontan ankò. Bondye pèp Izrayèl la, li menm ki yon Bondye apa, va fè malere yo danse tèlman y'a kontan.


Men, moun m'a kite nan lavil la se pòv malere yo ki pa kite lògèy vire tèt yo. Se anba zèl mwen y'a vin chache pwoteksyon.


Jou sa a, kontra a te kase. Moun k'ap fè trafik mouton yo te rete la ap gade m. Yo vin konprann sa m te fè a. Yo rekonèt se yon mesay Senyè a t'ap ba yo.


Se konsa, moun k'ap fè trafik mouton yo peye m pou m swen mouton y'ap pare pou labatwa yo pou yo. Mwen pran de baton. Mwen rele yonn Favè, mwen rele lòt la Tèt ansanm. Epi mwen tanmen pran swen mouton yo.


Je avèg yo louvri, moun ki t'ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lalèp yo geri, moun ki te soudè yo tande, moun ki te mouri yo leve. Pòv yo tande Bòn Nouvèl la.


Apre sa, wa a va pale ak sa ki sou bò dwat li yo, l'a di: Vini non, nou menm ki resevwa benediksyon Papa m, vin pran posesyon peyi ki te pare pou nou depi lè Bondye t'ap kreye lemonn lan.


Benediksyon pou moun ki konnen se pòv yo ye devan Bondye, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye.


Apre sa, Jezi rele foul moun yo vin bò kote l ankò. Li di yo konsa: — Nou tout, tande byen sa m'ap di nou la a. Manyè konprann sa.


Jezi di yo ankò: — Se konsa sa ye tou pou moun k'ap ranmase byen pou tèt pa l men ki pa rich devan Bondye.


— Nou pa bezwen pè, nou menm ti gwoup moun pa m' yo! Se tout plezi Papa nou pou li ban nou peyi kote Bondye wa a.


— Pòv la vin mouri, zanj yo mennen li bay Abraram. Nonm rich la mouri tou, yo antere li.


Abraram reponn li: Pitit mwen, chonje byen: ou te resevwa tout bon bagay pa ou yo pandan ou te sou latè. Lè sa a menm, Laza te nan tout mizè li. Kounyeya, li jwenn konsolasyon bò isit la, ou menm w'ap soufri.


Se poutèt sa, menm jan Papa a te ban m dwa pou m gouvènen nan peyi kote li wa a, mwen menm tou, m'ap ban nou dwa sa a.


Lè sa a, Jezi gade disip li yo, li di yo: Benediksyon pou nou menm ki pòv, paske Peyi kote Bondye Wa a, se pou nou li ye.


Eske nou wè gen yon sèl nan chèf nou yo osinon nan farizyen yo ki kwè nan li?


Etyèn reponn: — Frè m yo, grandèt mwen yo, koute. Bondye, ki gen bèl pouvwa a, te parèt devan Abraram, zansèt nou. Lè sa a, li te rete nan peyi Mezopotami, li pat ankò vin rete Karan.


Si se pitit Bondye nou ye, nou gen pòsyon pa nou nan eritaj Bondye te pwomèt moun pa l yo, n'a resevwa pa nou ansanm ak Kris la nan tou sa Bondye te sere pou li. Paske, si nou soufri ansanm ak li, n'a resevwa lwanj nan men Bondye ansanm ak li tou.


Men, jan sa te ekri nan Liv la: Bagay pèsonn pat janm wè, ni pat janm tande, bagay okenn moun pat janm mete nan tèt yo, se sa Bondye te pare pou moun ki renmen li.


Se poutèt nou menm, moun Korent, kifè tout bagay sa yo rive, paske fòk gen plis moun toujou k'ap resevwa favè Bondye a pou sa gen plis moun tou k'ap lapriyè pou di Bondye mèsi pou pouvwa li.


Yo pran nou pou moun tris, men kè nou toujou kontan. Yo gade nou pou moun pòv, men nou fè anpil moun vin rich. Yo gade nou pou moun ki pa gen anyen, men se nou ki gen tout bagay.


Nou konnen ki favè Jezikri, Senyè a, fè nou. Li menm ki te rich, li fè tèt li tounen pòv pou nou. Konsa, lè l fè tèt li tounen pòv la, li fè nou rich.


Mwen mande l pou l louvri lespri nou, pou nou ka konnen kisa n'ap tann nan men Bondye ki rele nou an, ki vle di eritaj Bondye pwomèt l'ap bay moun ki pou li yo, yon eritaj ki rich anpil, ki bèl anpil.


Mwen pi pitit pase moun ki pi pitit nan tout pèp Bondye a. Men atousa, se mwen menm Bondye bay privilèj sa a, pou m fè moun lòt nasyon yo konnen bòn nouvèl richès Kris la, richès moun p'ap janm fin konprann.


Mwen te ankouraje nou, mwen te konsole nou, mwen pat janm sispann fè nou konprann byen ki jan pou nou mennen tèt nou pou nou ka fè Bondye plezi, paske Bondye rele nou pou nou resevwa pa nou nan gouvènman l ak nan bèl pouvwa li.


Sa fè moun wè se Bondye ki gen rezon lè l'ap jije. Paske, avèk tou sa n'ap sipòte kounyeya, n'ap fin bon nèt pou nou ka antre nan peyi kote Bondye wa a. Se pou peyi sa a menm n'ap soufri konsa.


Mande yo pou yo fè anpil byen, pou yo ka rich devan Bondye. Piga yo chich. Se pou yo toujou pare pou separe sa yo genyen an ak lòt.


Senyè a va toujou delivre m nan tout move pa. L'ap konsève m pou m ka antre nan peyi kote li wa nan syèl la. Se pou li tout lwanj pou tout tan. Amèn.


Kounyeya, se rekonpans mwen m'ap tann pou lavi dwat mwen te mennen an. Lè gran jou a va rive, Senyè k'ap jije san patipri a ap mete rekonpans mwen an tankou yon kouwòn sou tèt mwen. Men, se pa mwen ase l'ap bay li. Tout moun k'ap tann ak tout kè yo lè la gen pou l parèt la, va resevwa l tou.


Tankou moun Bondye te chwazi pou voye a, li te konsidere li te pi rich lè yo t'ap pase l nan betiz pase si l te gen tout richès ki nan peyi Lejip la. Tou sa, paske je l te fikse sou rekonpans Bondye t'ap pare pou li a.


Benediksyon pou moun ki sipòte eprèv li ak pasyans. Lè l'a fin pase anba eprèv yo, l'a resevwa pou rekonpans lavi Bondye te pwomèt tout moun ki renmen li yo.


Frè mwen renmen anpil yo, pa twonpe tèt nou sou bagay sa a.


Frè mwen renmen anpil yo, men yon bagay pou nou toujou sonje: chak moun dwe toujou atantif pou koute. Men, pa kouri pale, ni prese fè kòlè.


Se pou frè ki pa anyen an santi li fyè lè Bondye leve li atè a.


N'ap tann lè pou n resevwa eritaj Bondye a, eritaj ki p'ap janm pouri, ki p'ap janm sal, ni ki p'ap janm pèdi frechè l, eritaj li sere pou nou nan syèl la.


Konsa, l'a ban nou dwa antre lib nan peyi kote Jezikri, Senyè nou ak Sovè nou an, ap gouvènen tankou wa pou tout tan an.


Mwen konnen jan w'ap soufri. Mwen konnen jan ou pòv. Men poudi vre, ou rich anpil. Mwen konnen jan moun ki swadizan jwif yo ap pale ou mal. Men se pa jwif yo ye vre. Se yon bann moun satan ki rasanble.


Se sa moun ki va genyen batay la va resevwa nan men m. M'a va Bondye yo, y'a va pitit mwen.


Se poutèt sa, mwen ta ba ou konsèy achte nan men m bon lò san melanj ki pase nan dife. Konsa ou va rich tout bon. Achte nan men m tou rad blan pou mete sou ou pou moun pa wè jan ou toutouni. Sa se yon wont pou ou. Achte nan men m tou renmèd pou mete nan je ou pou ou ka wè.


Lè Jotam vin konn sa, l'al kanpe sou tèt mòn Garizim lan, li pran pale byen fò pou tout moun tande, li di konsa: — Nou menm grannèg ki mèt lavil Sichèm yo, koute sa m'ap di nou. Apre sa, se pou Bondye koute sa nou menm nou pral di.


Se poutèt sa, mwen menm Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, men sa m'ap di: Nan tan lontan, mwen te pwomèt mwen t'ap kite fanmi ou ak moun branch fanmi ou yo sèvi m prèt pou tout tan. Men kounyeya, mwen di: Mwen p'ap fè sa ankò paske m'ap fè bèl bagay pou moun ki gen krentif pou mwen. Men moun k'ap derespekte m yo, m'ap fè yo wont. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Li wete pòv yo nan lapenn yo, li bay endijan yo men pou yo sòti nan mizè yo. Li fè yo chita menm kote ak grannèg yo. Li ba yo bèl pozisyon nan lasosyete. Fondasyon latè, se nan men Senyè a sa ye. Se sou yo li bati tou sa ki la.


跟着我们:

广告


广告