Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jak 1:9 - 1998 Haïtienne

9 Se pou frè ki pa anyen an santi li fyè lè Bondye leve li atè a.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Yon frè ou yon sè ki pa rich, li ta dwe santi l fyè konsa, paske Bondye ba l yon plas ki enpòtan.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Kite frè ki nan sikonstans ki ba, bay glwa nan wo pozisyon li;

参见章节 复制




Jak 1:9
25 交叉引用  

(10) Wi, moun pa anyen. Grannèg? Se pawòl nan bouch. Mete yo ansanm nan balans, yo pa gen pèz. Yo pi lejè pase van k'ap soufle a.


Lè w'ap pase yon pòv malere nan betiz, se Bondye ki fè l la w'ap derespekte. Moun ki kontan lè malè rive yon lòt, Bondye ap pini l.


Pito ou pòv men ou se nèg serye pase pou w'ap bay manti epi pou ou sòt met sou li.


Senyè a va fè tipiti yo gen kè kontan ankò. Bondye pèp Izrayèl la, li menm ki yon Bondye apa, va fè malere yo danse tèlman y'a kontan.


Li desann chèf ki te byen chita nan fòtèy yo. Li leve moun ki pa gen pretansyon yo.


Men, nou pa bezwen kontan dapre move lespri yo soumèt devan nou. Fè kè n kontan pito dapre non nou ekri nan syèl la.


Se konsa, moun ki vle leve tèt li, y'a desann li, moun ki desann tèt li, y'a leve li.


Epi li di yo: — Nenpòt moun ki resevwa timoun sa a poutèt mwen, se mwen menm li resevwa. Moun ki resevwa m', li resevwa moun ki voye m' lan. Moun nan mitan nou ki pi ba a, se li ki gen plis enpòtans lan.


Si se pitit Bondye nou ye, nou gen pòsyon pa nou nan eritaj Bondye te pwomèt moun pa l yo, n'a resevwa pa nou ansanm ak Kris la nan tou sa Bondye te sere pou li. Paske, si nou soufri ansanm ak li, n'a resevwa lwanj nan men Bondye ansanm ak li tou.


Yo pran nou pou moun tris, men kè nou toujou kontan. Yo gade nou pou moun pòv, men nou fè anpil moun vin rich. Yo gade nou pou moun ki pa gen anyen, men se nou ki gen tout bagay.


Va toujou gen moun nan pèp Izrayèl la ki nan malsite. Se poutèt, sa m'ap mande nou aprann lonje men bay frè parèy nou ki pòv osinon ki nan nesesite nan peyi nou an.


Si ta gen yon pòv nan mitan moun pèp Izrayèl parèy nou yo k'ap viv nan yonn nan lavil nan peyi Senyè a te ban nou an, pa fèmen kè nou, pa refize lonje men bay frè nou ki nan nesesite.


Pa kite okenn move lide pase nan tèt nou pou nou ta di: Nou toupre setyèm lannè a, lanne pou nou annile dèt tout moun ki dwe nou, epi pou nou fè move jan ak frè parèy nou ki nan nesesite, pou nou derefize prete l anyen. Paske lè sa a, l'a rele Senyè a, l'a pale l pou nou, epi n'a gen tò.


Konsa, m'ap kouri dwat devan m sou mak kote m prale a, pou m ka jwenn rekonpans Bondye rele m vin resevwa nan syèl la, gremesi Jezikri.


Si gen moun ki sikonsi tout bon, se pa yo, se nou menm. Paske nou menm, n'ap sèvi Bondye ak Lespri Bondye a, nou kontan dèske n'ap viv ansanm ak Jezikri. Nou pa mete konfyans nou nan sa lèzòm ap fè.


Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, prèt k'ap sèvi wa a, nasyon k'ap viv apa pou Bondye, pèp li peye pou li a. Li fè tou sa, pou nou te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.


Mwen konnen jan w'ap soufri. Mwen konnen jan ou pòv. Men poudi vre, ou rich anpil. Mwen konnen jan moun ki swadizan jwif yo ap pale ou mal. Men se pa jwif yo ye vre. Se yon bann moun satan ki rasanble.


Li wete pòv yo nan lapenn yo, li bay endijan yo men pou yo sòti nan mizè yo. Li fè yo chita menm kote ak grannèg yo. Li ba yo bèl pozisyon nan lasosyete. Fondasyon latè, se nan men Senyè a sa ye. Se sou yo li bati tou sa ki la.


跟着我们:

广告


广告