Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jak 1:8 - 1998 Haïtienne

8 Se yon moun ki pa konn sa li vle. Li toujou anbalan nan tout sa li antreprann.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 tankou yon moun ak doub panse, ki enstab nan tout chemen li yo.

参见章节 复制




Jak 1:8
13 交叉引用  

Eli al kanpe devan pèp la, li di yo: — Kilè n'a sispann woule de bò! Si se Senyè a ki Bondye, se li pou n sèvi. Si se Baal ki Bondye, se li pou n sèvi! Men pèp la pa di yon mo.


Se konsa yo t'ap adore Senyè a men yo t'ap adore bondye pa yo tou, dapre koutim peyi kote yo te sòti.


Konsa moun nasyon sa yo t'ap sèvi Senyè a, men yo te toujou ap sèvi zidòl pa yo tou. Pitit yo ak pitit pitit yo ap fè tankou papa yo jouk jounen jòdi a.


Mwen rayi moun ki pa konn sa yo vle. Mwen renmen lalwa ou.


Senyè a di: — Lè moun sa yo ap fè sèvis pou mwen, se pawòl nan bouch! Y'ap louvri bouch yo pou fè lwanj mwen, men lespri yo byen lwen. Si y'ap mache di yo gen krentif pou mwen, se pawòl granmoun lontan moutre yo y'ap repete lè konsa.


Yo pat sensè! Kounyeya, yo pral peye pou sa yo fè: Bondye pral kraze ni lotèl yo, ni estati yo.


— Je ou se lanp kò ou. Si je ou nan bon eta, tout kò ou nan limyè.


— Pèsonn pa ka sèvi byen ak de mèt anmenmtan. Li gen pou l rayi yonn si l renmen lòt la. L'ap sèvi byen ak yonn, men l'ap meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak lajan anmenmtan.


Yon moun konsa pa bezwen mete nan tèt li l'ap resevwa anyen nan men Senyè a.


Pwoche bò kote Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. Nou menm k'ap fè peche, lave men nou. Netwaye kè nou, nou menm k'ap woule de bò.


Je yo kale sou tout fanm. Yo chita ap benyen nan peche. Yo pran tèt moun ti lòlòj yo nan pèlen. Nanpwen moun renmen lajan pase yo konsa. Se moun ki anba madichon.


Nan tout lèt li yo, li pale nou sou bagay sa yo. Gen kèk pwen ladan yo ki difisil pou konprann. Se konsa, moun inyoran yo ak moun ki fèb nan konfyans Bondye yo ap tòde sans pawòl yo, tankou yo fè l pou lòt liv yo tou. Men, se sa menm k'ap fin pèdi yo.


跟着我们:

广告


广告