Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jak 1:5 - 1998 Haïtienne

5 Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Si yon moun pami nou ta renmen genyen sajès, li dwe mande Bondye l, epi Bondye ap bali l. Lè Bondye bay, li bay an kantite, san l pa fè moun nan repwòch.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li.

参见章节 复制




Jak 1:5
31 交叉引用  

Mwen mande Senyè a pou l ba ou bon konprann ak anpil lespri, pou lè la mete ou chèf nan peyi Izrayèl la, ou ka toujou fè tou sa ki nan Lalwa Senyè a, Bondye ou la.


Se poutèt sa, ban mwen konesans ak bon konprann pou m ka gouvènen pèp sa a. Si se pa sa, mwen pa wè ki jan m'a fè pou m gouvènen pèp ou a ak tout moun sa yo ladan l.


(8) Men, ou vle pou yon moun sensè nan tou sa l'ap fè. Tanpri, fè m konprann tout bagay non!


Mwen mete lespri m sou li an kantite pou l ka gen ladrès, bon konprann ak konesans pou l fè tout kalite travay atizan yo konn fè,


Nan travay sa a, mwen bay Bezaleyèl yon lòt bòs pou ede l nan travay la: se Owoliyab, pitit Ayisamak, moun branch fanmi Dann. Konsa tou, tout lòt moun nan pèp Izrayèl la n'a wè ki gen ladrès, konnen se mwen menm ki ba yo l pou yo ka fè sa mwen mande ou fè a.


Mwen renmen moun ki renmen m. Depi yon moun chache m, fòk li jwenn mwen.


Lè sa a, Jezi pran fè moun lavil kote l te fè pifò mirak li yo repwòch, paske yo pat tounen vin jwenn Bondye. Li di yo:


Pita, Jezi parèt devan tout onz disip yo yon lè yo t'ap manje. Li repwoche yo dèske yo pat gen konfyans, yo t'ap fè tèt di toujou, yo pat kwè moun ki te wè l yo apre li te leve sòti vivan pami mò yo.


Tou sa n'a mande nan non mwen, m'a fè l' pou nou pou Pitit la ka wè pouvwa Papa a.


Si nou fè yonn ak mwen, si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou mèt mande sa nou vle, y'a ban nou li.


Jezi reponn li: — Si ou te konnen kado Bondye bay la, si ou te konnen ki moun k'ap mande ou ti gout dlo a, se ou menm atò ki ta mande li ba ou ti gout dlo. Lè sa a, li ta ba ou nan dlo ki bay lavi a.


Pou moun k'ap peri yo, se yon sant lanmò k'ap touye yo. Men, pou moun k'ap sove yo, se yon sant lavi k'ap ba yo lavi. Ki moun ki kapab fè yon travay konsa?


Tout pi bèl favè, tout pi bon kado nou resevwa, se anwo nan syèl la yo sòti, nan men Bondye ki kreye tout limyè. Bondye pa janm chanje, ni li pa gen anyen ki ta ka sanble yon chanjman nan li.


Pou konmanse, moun ki gen bon konprann ki sòti nan Bondye a ap fè volonte Bondye, l'ap viv byen ak tout moun, l'ap respekte tout moun, l'ap tande rezon, l'ap gen kè sansib, l'ap fè anpil anpil byen, li pa nan de fas ni nan ipokrit.


Se pou nou konfese peche nou yo yonn bay lòt. Se pou yonn lapriyè pou lòt, pou nou kapab geri. Lè yon moun ap viv dwat devan Bondye, lapriyè moun sa a gen anpil pouvwa.


Tou sa n'a mande l, l'a ban nou l, paske nou menm nou fè tou sa li mande nou, nou fè sa ki fè l plezi.


跟着我们:

广告


广告