Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jak 1:4 - 1998 Haïtienne

4 Men, fòk pasyans sa a fin fè travay li nèt pou nou kapab bon nèt sou tout pwen, byen devlope, san nou pa manke anyen.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Lòske pasyans lan fè travay li nan ou, l ap pote bon rezilta. Ou ap vin yon moun ki gen matirite epi byen fòme. Ou ap vin egzateman jan Bondye vle w ye, san manke anyen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Konsa, kite andirans lan fè rezilta pafè li, pou nou kab vin pafè e konplè, san manke anyen.

参见章节 复制




Jak 1:4
26 交叉引用  

Moun k'ap mennen yon vi dwat, se yo ki gen rezon. Sa ki pa mete men yo nan okenn move zafè kanpe pi rèd sou pozisyon yo.


Rete dousman devan Senyè a, pran san ou. Tann li fè sa l gen pou l fè a. Pa fè kòlè lè ou wè moun gen zafè yo ap mache byen. Lè ou wè moun reyalize tout move lide yo gen nan tèt yo.


(2) Mwen te mete tout espwa m nan Senyè a. Li te panche zòrèy li bò kote m, li te tande m lè m t'ap rele.


Renmen konesans, l'ap fè ou mache tèt wo. Kenbe l, pa lage l. L'a fè yo respekte ou.


Ekri l paske se poko lè pou sa m pral fè ou wè a rive. Men, li p'ap pran lontan ankò pou l rive. Li gen pou l rive vre. Si li pran reta pou l rive, ou mèt tann. Paske, wè pa wè, li gen pou l rive lè pou l rive a.


Tout moun pral rayi nou poutèt mwen. Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se yo ki va sove.


Jennonm lan di li: — Mwen swiv tout bagay sa yo. Kisa pou m fè ankò?


Non, nou fèt pou nou bon nèt, menm jan Bondye Papa nou ki nan syèl la bon nèt.


Jezi gade nonm lan avèk anpil amou epi li di li: — Yon sèl bagay ou manke: Ale, vann tou sa ou genyen. Separe lajan an bay pòv. Apre sa, w'a gen yon richès nan syèl la. Epi retounen vin swiv mwen.


Lè Jezi tande sa, li di l: — Ou manke yon bagay toujou: vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Apre sa, w'a gen yon richès nan syèl la. Epi vin swiv mwen.


Kenbe fèm, se konsa n'a sove lavi nou.


Grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki sensè, ki gen bon kè, ki tande pawòl la, yo kenbe l nan kè yo. Yo toujou rete fèm jouk yo donnen.


mwen nan yo, ou nan mwen, pou yo tout fè yon sèl nèt ale, pou moun ki nan lemonn yo ka rive rekonèt se ou ki te voye m, pou yo ka rive konnen ou renmen yo menm jan ou renmen m lan.


Malgre sa, se yon bon konprann m'ap fè moun ki byen devlope nan konfyans yo konnen. Men, se pa menm bon konprann ak bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn, ni ak bon konprann pouvwa k'ap donminen lemonn, pouvwa ki la pou disparèt.


Pa janm bouke fè byen. Paske, si nou pa dekouraje, n'a rekòlte lè lè a va rive.


Epafras, ki moun Kolòs tou, voye bonjou pou nou. Sèvitè Kris sa a pa manke lapriyè anpil pou nou pou nou ka rete fèm, pou nou ka fin grandi nèt nan konfyans nou nan Bondye, pou nou ka toujou byen dispoze pou fè tou sa Bondye mande nou.


Mwen mande Bondye ki bay kè poze a pou l fè nou favè pou nou viv pou li nèt ale. Konsa, lè Jezikri, Senyè nou an, va vini, li p'ap jwenn nou ak okenn defo, ni nan kò nou, ni nan lespri nou ni nan nanm nou.


Konsa, yon moun k'ap sèvi Bondye, li tou pare, li gen tou sa li bezwen pou l fè tou sa ki byen.


M'ap mande Bondye ki bay kè poze a pou l fè nou favè sa a, pou nou fè tou sa ki byen, pou n kapab fè volonte li. M'ap mande l tou pou l fè travay ki fè l plezi nan nou, gremesi Jezikri. Tout lwanj lan pou Jezikri pou tout tan tout tan. Amèn.


Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi.


Nou tout nou bite nan plizyè sans. Yon moun ki pa janm bite nan pawòl li, se yon moun ki bon nèt. Moun sa a kapab kontwole tout kò l byen tou.


Men, apre n'a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nèt, l'a kenbe nou fèm, l'a ban nou fòs, l'ap fè nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favè. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n te patisipe nan pouvwa li ki p'ap janm fini.


Men, moun ki pa gen bagay sa yo nan yo, y'ap tankou yon avèg ki pa wè lwen, yo bliye jan Bondye te netwaye yo anba vye peche yo.


跟着我们:

广告


广告