Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jak 1:1 - 1998 Haïtienne

1 Mwen menm Jak, sèvitè Bondye ak Jezikri Senyè nou an, m'ap ekri lèt sa a pou douz branch fanmi yo ki gaye toupatou sou latè. Bonjou pou nou tout.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Se mwen menm, Jak, sèvitè Bondye ak Senyè Jezikris, ki voye salye nou. Mwen voye lèt sa a pou tout pèp Bondye a ki gaye toupatou sou latè.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Jacques, yon sèvitè-atache nèt a Bondye, ak Senyè a, Jésus Kris, a douz tribi ki gaye a letranje yo, salitasyon.

参见章节 复制




Jak 1:1
41 交叉引用  

Li pran douz wòch, yonn pou chak branch fanmi pitit Jakòb yo. Se Senyè a ki te bay Jakòb non Izrayèl li pote a.


Yo ofri san (100) towo, desan (200) belye mouton, katsan (400) ti mouton pou yo touye pou mete Tanp lan apa pou sèvis Bondye. Yo ofri tou douz bouk kabrit, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, pou mande Bondye padon pou peche pèp la.


Lè sa a, Aman al di wa a: — Monwa, gen yon ras moun ki gaye nan tout peyi w'ap gouvènen yo, yo toupatou nan mitan pèp yo, men yo viv apa. Mès pa yo pa menm ak mès lòt pèp yo. Lèfini, yo derefize obeyi lòd ou bay yo. Li pa ta bon pou wa a fèmen je l sou sa.


Moyiz ekri tou sa Senyè a te di l yo. Nan denmen maten, byen bonè, lè Moyiz leve, li bati yon lotèl nan pye mòn lan. Li pran douz gwo wòch, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, li mete yo kanpe.


Va gen douz pyè ak non branch fanmi pèp Izrayèl yo grave sou yo, yon non sou chak pyè. Y'a grave non yo tankou lè òfèv ap grave bag.


Te gen antou douz pyè ak non douz branch fanmi pèp Izrayèl yo grave yonn sou chak pyè. Yo te grave yon non sou chak pyè tankou lè òfèv ap grave sò sou bag.


Lè m'a fin gaye yo tout nan mitan lòt nasyon yo, lè m'a fin simaye yo nan divès peyi etranje, lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Senyè a.


M'ap mennen lènmi nou yo vin fè nou lagè. M'ap leve moun dèyè nou pou vin fè nou lagè. M'ap gaye nou nan mitan lòt peyi etranje yo. Peyi a va tounen yon dezè. Lavil nou p'ap gen pèsonn rete ladan yo.


Te gen Filip ak Batèlmi, Toma ak Matye, pèseptè kontribisyon an, Jak, pitit Alfe a, ak Tade.


Se pa pitit bòs chapant lan? Se pa Mari ki manman li? Se pa frè Jak, Jozèf, Simon ak Jid li ye?


Jezi reponn yo: — Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Lè Moun Bondye voye nan lachè a va chita sou fòtèy li ak tout bèl pouvwa li, lè tout bagay va chanje nèt, nou menm k'ap swiv mwen, n'a chita sou douz fòtèy tou, pou nou ka jije douz branch ras Izrayèl la.


Te gen Andre, Filip, Batèlmi, Matye, Toma, Jak, pitit Alfe a, Tade, Simon, patriyòt la,


N'a manje, n'a bwè sou tab ansanm avè m sou gouvènman mwen an. M'a mete nou chita sou bèl fòtèy pou nou jije douz branch fanmi Izrayèl la.


Matye ak Toma, Jak, pitit Alfe, ak Simon, patizan zelòt yo,


Si yon moun ap sèvi m, se pou l swiv mwen tou. Konsa, tout kote m'a ye, sèvitè mwen va la tou. Papa m va leve tèt tout moun k'ap sèvi mwen.


Jwif yo yonn t'ap mande lòt: — Ki bò l prale menm pou nou pa kapab jwenn li? Eske li pral menm kote ak jwif ki gaye nan mitan moun Lagrès yo pou l moutre moun Lagrès yo anpil bagay?


Rive yo rive, yo moute anlè nan chanmòt la. Se te gen Pyè, Jak ak Andre, filip ak Toma, Batèlmi ak Matye, Jak, pitit Alfe, Simon, patizan zelòt yo, epi Jid, pitit Jak.


Li fè yo siy ak men l pou yo pa pale, epi l rakonte yo ki jan Bondye te fè l sòti nan prizon an. Li di yo ankò. — Al di Jak sa pou mwen ansanm ak lòt frè yo. Epi l sòti, l'al yon lòt kote.


Lè yo fin pale, Jak pran lapawòl, li di: — Frè m yo, koute mwen.


Paske, depi lontan lontan, y'ap fè konnen lalwa Moyiz la nan tout lavil yo. Se chak jou repo y'ap li l pou yo nan sinagòg yo.


Yo te ba yo lèt sa a pote ale: — Apòt yo ak chèf fanmi yo, ki frè nou, voye bonjou pou tout frè nan moun lòt nasyon yo k'ap viv nan lavil Antyòch, nan peyi Siri ak nan peyi Silisi.


Lè sa a, te gen yon bann jwif ki t'ap pase kèk jou lavil Jerizalèm. Se te moun devwe pou Bondye ki te sòti nan tout peyi sou latè.


Nan denmen, Pòl ale lakay Jak ansanm ak nou. Tout chèf reskonsab legliz yo te reyini la.


— Klòd Lizyas voye bonjou ak tout respe l pou chèf li, gouvènè Feliks.


Se menm pwomès sa a douz branch fanmi nou yo ap tann lè y'ap sèvi Bondye san rete, lajounen kou lannwit. Se pou menm pwomès sa a jwif yo ap akize mwen, monwa.


Sòl menm te dakò pou yo touye Etyèn. Menm jou sa a, yon gwo pèsekisyon te eklate kont legliz Jerizalèm. Fidèl yo kouri gaye kò yo nan tout zòn Jide ak zòn Samari. Sèl apot yo ki te rete Jerizalèm.


Se mwen menm Pòl, sèvitè Jezikri, yon nonm Bondye rele pou sèvi li apòt, yon nonm li mete apa pou anonse bòn nouvèl li a, k'ap ekri nou tout kretyen ki nan lavil Wòm.


Lè sa a, mwen pat wè okenn nan lòt apòt yo, esèpte Jak, frè Senyè a.


Lè li te fèk rive, li t'ap manje ak frè ki pa jwif yo byen pwòp. Men lè moun Jak te voye yo vin rive, li rale kò li dèyè, li refize manje ak moun ki pa jwif yo paske li te pè moun ki patizan sikonsizyon yo.


Lè sa a, Jak, Pyè ak Jan ki te pilye (potomitan) legliz la, yo rekonèt se Bondye ki te ban mwen misyon sa a. Yo bay Banabas ak mwen lamen asosyasyon. Nou tonbe dakò ak mwen pou Banabas ak mwen al travay nan mitan moun ki pa jwif yo.


Senyè a va gaye nou nan mitan tout nasyon ki toupatou sou latè. Lè n'a rive la, n'a sèvi lòt bondye ni zansèt nou yo, ni nou menm nou pat janm tande pale, zidòl fèt an bwa, zidòl fèt ak wòch.


enben, lè sa a Senyè a, Bondye nou an, va gen pitye pou nou. L'a mennen tout moun yo te depòte yo tounen lakay yo. L'a chanje sò nou. Li pral mache chache nou nan tout peyi kote li te gaye nou yo, l'a sanble nou ankò.


Mwen te di mwen ta pral detwi yo nèt, pou pèsonn pa janm chonje yo ankò sou latè.


Senyè a pral gaye nou toupatou nan mitan lòt nasyon yo. Se yon ti ponyen moun ase nan nou ki p'ap mouri nan peyi kote Senyè a pral mennen nou an.


Se mwen menm Pòl ak Timote, de sèvitè Jezikri, k'ap ekri lèt sa a voye bay tout pèp Bondye nan lavil Filip la k'ap viv ansanm nan Jezikri. Lèt sa a se pou tout moun ki chèf nan legliz la ak pou tout dyak yo tou.


Fè posib ou pou ou vin jwenn mwen anvan sezon fredi a rive. Ebilis, Pidans, Linis, Klodya ak tout lòt frè yo voye bonjou pou ou.


Mwen menm, Pòl, mwen se sèvitè Bondye, yon apòt Jezikri. Se Bondye menm ki voye m pou m ede moun li chwazi yo rive gen konfyans nan li, pou m fè yo konnen verite a jan n'ap viv li nan sèvis Bondye,


Mwen menm Pyè, apot Jezikri, mwen ekri llèt sa a pou nou tout ki fè pati pèp Bondye te chwazi a epi ki egzile nan peyi Pon, Galasi, Kapadòs, Lazi ak Bitini.


Mwen menm, Simon Pyè, sèvitè ak apòt Jezikri, m'ap ekri lèt sa a pou nou menm ki resevwa yon konfyans ki gen menm valè ak pa m lan, gremesi Jezikri, Bondye nou ak Sovè nou ki fè nou gras.


Mwen menm Jid, sèvitè Jezikri, frè Jak la, m'ap ekri nou lèt sa a, nou tout Bondye rele, nou menm k'ap viv ansanm nan renmen Bondye Papa a ak anba pwoteksyon Jezikri.


Apre sa, yo di m kantite moun ki te make ak letanp Bondye a sou fwon yo. Te gen antou sankarannkatmil (144.000) nan tout branch ras pèp Izrayèl la.


跟着我们:

广告


广告