Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Filemon 1:7 - 1998 Haïtienne

7 Se pa ti kontan m te kontan, sa te ankouraje m anpil, frè mwen, lè m tande jan ou renmen moun ki fè pati pèp Bondye a, jan ou te remoute kouray yo anpil.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Frè mwen, lanmou ou te montre pou pèp Bondye a te ankouraje kè yo. Sa te ban m anpil kè kontan ak ankourajman tou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Paske nou gen tan twouve anpil lajwa ak rekonfò nan lanmou ou, paske kè a fidèl yo vin rafrechi atravè ou menm, frè.

参见章节 复制




Filemon 1:7
11 交叉引用  

Yo remoute kouray mwen, menm jan yo te remoute kouray nou. Moun konsa, se pou nou konnen ki jan pou nou konsidere yo.


Se poutèt sa, sa te ban m anpil ankourajman. Se pa ankouraje sèlman mwen te ankouraje. Mwen te pi kontan ankò lè m wè kouman Tit te kontan pou jan nou te ba li ankourajman.


Mwen gen anpil konfyans nan nou, mwen kontan nou anpil. Nan mitan tout soufrans mwen yo, mwen toujou gen anpil kouray, kè m kontan nèt.


Devan Bondye Papa nou, mwen toujou chonje jan n'ap viv byen paske nou gen konfyans nan Bondye, jan n'ap travay di paske nou gen renmen nan kè nou, jan nou rete fèm nan espwa nou gen nan Jezikri, Senyè nou an.


Se konsa, mwen pa sispann di Bondye mèsi tou pou jan nou te pare zòrèy nou koute lè m t'ap fè nou konnen pawòl Bondye a. Nou te resevwa l pou sa l ye a: pou pawòl Bondye, pa pou pawòl lèzòm. Se pawòl sa a k'ap travay nan kè nou, nou menm ki gen konfyans nan Bondye.


Se nou menm, moun Tesalonik, ki tout espwa mwen, se pa lòt moun. Se nou menm ki fè kè m kontan. Se nou menm k'ap ban m okazyon pou m vante tèt mwen devan Jezi, Senyè nou an, lè l'a vini.


Mwen pa konn ki jan pou m di Bondye mèsi pou nou, tèlman nou fè kè m kontan devan li.


Mwen mande Senyè a pou li gen pitye pou moun lakay Onezifò yo. Paske, anpil fwa Onezifò vin konsole mwen. Li pat wont mwen dèske mwen te nan prizon.


Wi, frè m, fè m favè sa a nan non Senyè a. Soulaje kè m tankou yon frè nan Kris la dwe fè li.


Mwen pat manke kontan lè m wè te gen de twa nan pitit ou yo k'ap mache nan verite a, jan Papa a mande nou sa.


跟着我们:

广告


广告