Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Filemon 1:6 - 1998 Haïtienne

6 M'ap mande Bondye pou konfyans nou gen ansanm nan li a ka fè nou konprann pi byen tout benediksyon nou jwenn nan lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 M ap priye pou menm lafwa nou gen nan Bondye a bay bon rezilta, epi pou l fè nou konnen tout bon bagay nou ka fè nan jan n ap sèvi Kris la.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Anplis, mwen priye pou lamitye lafwa ou kapab vin efikas selon konesans a tout bon bagay ki nan ou pou koz a Kris la.

参见章节 复制




Filemon 1:6
18 交叉引用  

Lamenm, domestik ki te resevwa senkmil (5.000) goud la al fè lajan an travay. Li rapòte l senkmil (5.000) goud benefis.


Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.


Tout lide li te gen kache nan kè l ap parèt deyò. Lè sa a, l'a bese tèt li, l'a adore Bondye, l'a di konsa: Wi, se vre. Bondye nan mitan nou.


Paske nan lavil sa a, mwen jwenn yon bon okazyon pou m fè travay mwen, atout gen anpil moun ki pa vle wè mwen.


Pou fini, frè m yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.


Se poutèt sa, nou pa janm sispann lapriyè pou nou depi jou nou vin konn sa. Nou mande Bondye pou li fè nou fin konn volonte li nèt, grasa lespri epi bon konprann Sentespri ban nou.


Kounyeya, nou tounen yon lòt kalite moun, n'ap chanje jouk n'a rive sanble ak Bondye ki kreye nou an pou n te ka konnen l nèt.


Se pou moun nou yo aprann fè sa ki byen tou, pou yo bay lè gen ka nesesite. Yo pa fèt pou y'ap viv konsa san yo pa bay anyen.


Paske, Bondye pa mechan pou l ta bliye travay nou fè, ni renmen nou moutre nou gen pou li, lè nou t'ap rann moun k'ap viv pou li yo anpil sèvis, sèvis n'ap rann yo jouk kounyeya toujou.


Frè m yo, kisa sa fè pou yon moun k'ap di li gen konfyans nan Bondye, si li pa fè bagay pou moutre li gen konfyans lan vre? Eske konfyans sa a ka delivre li?


Se konsa tou pou lafwa nan Bondye. Si li pa manifeste nan fè sa ki byen, se yon lafwa ki mouri.


Se pou nou gen yon bon kondit nan mitan moun sa yo ki pa konn Bondye. Konsa, lè y'ap pale nou mal, lè y'ap di se yon bann malfektè nou ye, y'a gen pou yo rekonèt tout byen n'ap fè a, y'a fè lwanj Bondye lè l'a vin jije yo.


Menm jan an tou, nou menm medam, soumèt nou devan mari nou. Konsa si gen mari ki pa kwè nan Bondye, kondit nou kont pou fè yo kwè, san nou pa bezwen louvri bouch nou,


Men, fè sa avèk dousè ak tout respè. Kenbe konsyans nou pwòp. Konsa, moun k'ap pale nou mal poutèt bon kondit nou gen nan Kris la, se yo menm ki va wont pou pawòl yo te di lè yo t'ap joure nou an.


Si nou gen tout bagay sa yo nan nou, si nou devlope yo nan nou, nou p'ap rete bra kwaze. Se p'ap pou gremesi nou konnen ki moun Jezikri, Senyè nou an, ye.


跟着我们:

广告


广告