Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Filemon 1:1 - 1998 Haïtienne

1 Mwen menm Pòl, ki nan prizon poutèt Jezikri, m'ap ekri lèt sa a, ansanm ak frè Timote. Pou Filemon, yon moun nou renmen anpil epi k'ap travay ansanm ak nou pou Senyè a,

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Se mwen menm Pòl ak frè Timote k ap salye w, Filemon, bon zanmi ak kolaboratè nou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Paul, yon prizonye Kris Jésus, ak Timothée, frè nou an: a Philémon, frè byeneme e ouvriye parèy nou an,

参见章节 复制




Filemon 1:1
18 交叉引用  

Apre sa, Pòl ale lavil Dèb, epi l rive lavil List. Nan List te gen yon disip yo rele Timote. Manman l te yon jwif ki te kwè nan Jezi tou, men papa l te yon moun peyi Lagrès.


Apòlòs ak mwen, se travay n'ap travay ansanm pou Bondye. Nou menm, moun Korent yo, nou se tankou yon jaden Bondye bay travay pou li. Ou ankò, nou se yon kay Bondye ap bati.


Mwen menm Pòl, yon moun Bondye te deside rele pou sèvi li apot Jezikri, m'ap ekri nou, mwen menm ak Timote, nou tout ki nan legliz Bondye a nan lavil Korent ansanm ak tout pèp Bondye a ki nan peyi Lakayi.


Se paske nou gen konfyans nan Jezikri kifè nou se pitit Bondye.


Se poutèt sa, mwen menm Pòl ki nan prizon poutèt Kris la pou byen nou, nou menm ki pa jwif, m'ap lapriyè pou nou devan Bondye.


Se sa ki fè, mwen menm ki nan prizon poutèt Senyè a, m'ap mande nou pou nou viv yon jan ki konfòm ak jan Bondye te rele nou pou n viv la.


Nou mèt wè m nan prizon kounyeya, se Bondye ki ban m misyon fè konnen bòn nouvèl la. Lapriyè pou mwen pou m ka pale avèk lasirans, jan m dwe fè l la.


Se mwen menm Pòl ak Timote, de sèvitè Jezikri, k'ap ekri lèt sa a voye bay tout pèp Bondye nan lavil Filip la k'ap viv ansanm nan Jezikri. Lèt sa a se pou tout moun ki chèf nan legliz la ak pou tout dyak yo tou.


Konsa tou, nou chonje Epafwodit, frè nou an, ki te travay ansanm avè m, ki te la avè m nan tout batay. Se nou menm ki te voye l vin ban m konkou. Enben, mwen wè se nesesè pou m voye l tounen ban nou.


Ou menm tou k'ap travay ansanm avè m, mwen mande ou pou ou ede yo, paske de medam sa yo te travay di pou fè konnen bòn nouvèl la ansanm ak Kleman ak tout lòt moun ki te travay ansanm avè mwen yo. Yo tout gen non yo ekri nan Liv Bondye a ki gen non moun ki gen lavi a.


Mwen menm Pòl, apot Jezikri selon volonte Bondye, ak Timote frè nou, k'ap ekri lèt sa a


Jezi, ki gen ti non Jistis, voye bonjou pou nou tou. Twa mesye sa yo, se yo menm sèlman pami jwif yo k'ap travay avè m' pou gouvènman Bondye ki wa a. Yo te ban m' anpil kouraj.


Mwen te voye Timote, frè nou an, al wè nou. Se yon sèvitè Bondye k'ap travay ansanm ak mwen pou fè konnen bòn nouvèl Kris la. Li te gen pou l te fòtifye nou, pou l te ankouraje nou nan lafwa,


Mwen menm Pòl, ansanm ak Silven ak Timote, m'ap ekri lèt sa a voye bay manm legliz nan lavil Tesalonik k'ap viv ansanm nan Bondye, Papa a, ak Jezikri, Senyè nou an.


Ou pa bezwen wont kanpe pale pou Senyè nou an. Ou pa bezwen wont pou mwen nonplis ki nan prizon pou tèt li. Okontrè, avèk fòs kouray Bondye ap ba ou a, se pou ou asepte soufri avè m pou bòn nouvèl la.


Epafras ki nan prizon ansanm ak mwen poutèt Jezi, Kris la, voye bonjou pou ou.


Mak, Aristak, Demas ak Lik k'ap travay ansanm ak mwen, yo tout voye bonjou tou.


m pito mande ou rann mwen sèvis sa a nan non Kris la ki renmen nou: wi, mwen menm Pòl, tou vye granmoun jan m ye a, atout mwen nan prizon poutèt Jezikri,


跟着我们:

广告


广告