Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Aje 2:4 - 1998 Haïtienne

4 Men koulyeya, kouraj, Zowobabèl! Se Senyè a menm k'ap pale avè nou! Kouraj, Jozye, granprèt la, pitit Jozadak! Kouraj, nou tout ki rete nan peyi a! Se Senyè a menm k'ap Aje / 2 pale avèk nou! Mete men nan travay la. Paske mwen la avèk nou. Se mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa ki di sa!

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Men koulye a, se pou ou vin dyanm, Zorobabel,’ deklare SENYÈ a: ‘Se pou ou vin dyanm, ou menm tou, Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la, e tout pèp peyi a, se pou nou vin dyanm,’ deklare SENYÈ a: ‘epi travay, paske Mwen avèk nou,’ deklare SENYÈ dèzame yo.

参见章节 复制




Aje 2:4
20 交叉引用  

Chak jou David t'ap vin pi fò. Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te avè l.


Konsa, tout bagay va mache byen pou ou si ou veye kò ou pou ou mennen bak ou dapre lòd ak regleman Senyè a te bay Moyiz pou pèp Izrayèl la. Mete gason sou ou, kenbe fèm! Pa kite anyen fè ou pè.


Apre sa, wa David di Salomon, pitit li a: — Mete gason sou ou! Pran kouray, pitit mwen! Fè sa ou gen pou fè a! Pa kite anyen fè ou pè, paske Senyè a, Bondye mwen an, kanpe la avè ou, jouk tout travay pou sèvis Tanp lan fini.


Men lis gason ki te marye ak fanm lòt nasyon yo: Pami prèt yo, nan branch fanmi Jozye a, pitit Jeozadak la ak nan branch fanmi frè l yo, te gen Maseja, Elyezè ak Gedalya.


Lè Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak Jozye, pitit gason Jeozadak la, tande mesay yo, lamenm yo konmanse rebati Tanp Bondye a lavil Jerizalèm. De pwofèt yo menm te kanpe la avèk moun yo, ap ankouraje yo.


Bondye di l: — M'ap kanpe la avè ou. Lèfini, pou fè konnen se mwen menm ki voye ou, men sa w'a fè: lè w'a fin fè pèp la sòti kite peyi Lejip, n'a sèvi m sou mòn sa a.


Epi, Aje, mesaje Senyè a, bay pèp la yon lòt mesay Senyè a te ba li. Li di yo: — Senyè a fè nou konnen li la avèk nou.


Lè sa a, zanj ki t'ap pale avè m lan reponn mwen, li di m: — Men mesay Senyè a voye pou Zowobabèl: Se pa avèk vanyan sòlda ou yo, ni avèk pwòp kouray ou ou pral rive nan sa ou gen pou fè a. Men se va avèk pouvwa lespri pa m m'ap ba ou a. Se Senyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.


Senyè ki gen tout pouvwa a pale, li di konsa: — Pran kouray, nou menm k'ap tande kounyeya nan bouch pwofèt yo menm mesay Bondye te bay lè yo t'ap mete men nan fondasyon Tanp Senyè a pou rebati kay ki apa pou li a.


Disip yo pati, y'al anonse Bòn Nouvèl la toupatou. Senyè a t'ap travay ansanm ak yo: Anmenmtan li t'ap fè anpil mirak tou pou moutre sa yo t'ap di a se vre.] [


— Pitit Jakòb yo, zansèt nou yo, fè jalouzi pou Jozèf. Yo vann li tankou yon esklav nan peyi Lejip. Men, Bondye te kanpe la avèk Jozèf.


Pa bliye kò nou. Kenbe fèm nan konfyans nou. Mete kouray sou nou. Pa moutre nou fèb.


Pou fini, chache fòs nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Senyè a ak nan gwo pouvwa li.


Apre sa, Senyè a bay Jozye, pitit gason Noun lan, lòd li yo. Li di l konsa: — Mete gason sou ou. Se pou ou vanyan. Paske se ou menm ki pou fè moun pèp Izrayèl yo antre nan peyi mwen te pwomèt m'ap ba yo a. M'ap kanpe la avè ou.


Ou menm, pitit mwen, pran fòs kouray nan favè nou resevwa nan lavi n'ap mennen ansanm ak Jezikri a.


Men, Senyè a te kanpe la avè m, li ban m fòs. Se sa k fè, mwen te kapab fè konnen pawòl la nèt ale, pou tout moun ki pa jwif yo te ka tande li. Se konsa Bondye wete m nan bouch lyon an.


Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje. Paske se mwen menm ki pral fè pèp la antre pran peyi mwen te sèmante m'ap bay zansèt yo a.


Chonje lòd mwen te ba ou! Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje! Ou pa bezwen tranble, ou pa bezwen pè, paske Senyè a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avèk ou kote ou pase.


Chak fwa Senyè a voye yon chèf konsa ba yo, li te kanpe la avèk chèf la, li te delivre yo anba men lènmi yo toutotan chèf la te vivan. Senyè a te gen pitye pou yo paske yo t'ap soufri anpil anba moun ki t'ap pèsekite yo ak anba moun ki t'ap peze yo.


Yonn nan mesye yo di konsa: — Izayi, moun lavil Betleyèm lan, gen yon pitit gason ki konn jwe mizik. Se yon vanyan gason, yon bon sòlda ki gen bon pawòl nan bouch li. Lèfini, li byen kanpe. Senyè a avèk li.


跟着我们:

广告


广告