Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Aje 2:3 - 1998 Haïtienne

3 Eske gen yonn nan nou ki chonje jan Tanp lan te bèl nan tan lontan? Ki jan nou wè l kounyeya? Nou pa wè li pa vo anyen?

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 ‘Se kilès ki rete pami nou ki te wè tanp sa a lontan nan tout glwa li? Se kijan nou wè li koulye a? Èske li pa vin pa sanble anyen nan zye nou?

参见章节 复制




Aje 2:3
8 交叉引用  

David t'ap di nan kè l: Salomon, pitit gason m lan, se yon timoun ki poko gen esperyans. Tanp li gen pou l bati pou Senyè a, se li ki pou pi gwo, pi bèl pase dènye tanp, pou toupatou sou latè y'ap pale sou li. Se pou m pare tout bagay kite pou li. Se konsa, anvan li mouri, David pare materyo an kantite kite la pou sa.


Yo t'ap fè lwanj Senyè a, yo t'ap di li mèsi, yo t'ap chante yonn apre lòt: Ala bon Senyè a bon! Non, li p'ap janm sispann renmen pèp Izrayèl la. Tout pèp la t'ap rele byen fò. Yo t'ap fè lwanj Senyè a paske yo t'ap mete men nan fondasyon Tanp Senyè a.


Te gen anpil prèt, anpil moun Levi ak anpil chèf fanmi ki te fin vye granmoun. Yo te konnen ansyen Tanp lan anvan li te kraze. Lè yo wè fondasyon Tanp lan ap moute ankò devan je yo, genyen ki te dlo nan je. Men anpil lòt t'ap rele sitèlman yo te kontan.


Lavil yo mete apa pou ou yo rete san moun ladan yo. Mòn Siyon an tankou yon dezè. Lavil Jerizalèm tounen yon savann.


Bèl bijou yo te genyen yo vire lòlòj yo. Yo sèvi ak yo pou fè estati zidòl, bagay ki derespektan, bagay mwen pa vle wè menm. Se poutèt sa, m'ap fè yo p'ap ka santi richès yo.


Kay sa a ap pi bèl lontan pase premye a. Se isit la menm m'ap bay tout moun kè poze. Se mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa!


跟着我们:

广告


广告