Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Aje 1:4 - 1998 Haïtienne

4 Ki jan nou fè pa wont rete nan gwo kay nou byen alèz, epi nou kite kay Bondye a tou kraze?

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Èske se lè pou nou menm, pou nou rete nan kay panno nou pandan kay sila a rete nan movèz eta?

参见章节 复制




Aje 1:4
25 交叉引用  

Wa a pale ak pwofèt Natan, li di l konsa: — Gade! Mwen rete nan yon kay bati ak bwa sèd, men Bwat Kontra Senyè a se anba yon kay twal li ye.


Elize di li: — Bonnanj mwen te la avèk ou, lè nonm lan desann soti sou cha li pou resevwa ou. Men se pa lè sa a pou nou resevwa lajan ak rad ni pou nou achte jaden oliv, jaden rezen, bèf, mouton, kabrit, osinon fanm ak gason pou sèvi nou esklav.


(15) Moun k'ap sèvi ou yo renmen lavil Siyon an. Kè yo fè yo mal pou yo wè jan l'ap fini.


Yo mete dife nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte kote yo fè sèvis pou ou a, yo kraze l vide atè.


lè pou ou touye, lè pou ou geri, lè pou ou kraze, lè pou ou bati.


Madichon pou moun k'ap plede di: Mwen pral bati yon gwo kay etaj ak pyès byen laj. Yo mete fennèt nan kay yo, yo palisade yo ak bon bwa sèd wouj tire sou vèt.


— Sou reny Ezekyas, wa peyi Jida a, pwofèt Miche, moun lavil Morechèt la, te bay tout pèp peyi Jida a mesay sa a: Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di: N'ap lakòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y'ap raboure. Jerizalèm ap tounen yon mazi. Gwo rakbwa pral kouvri tout mòn kote Tanp lan ye a.


Si nou pa koute yo, m'ap kraze Tanp sa a menm jan mwen te detwi kote yo te mete apa pou mwen lavil Silo a. Nan tout lòt nasyon ki sou latè, y'a pran non lavil sa a pou bay madichon.


Senyè a di ankò: Y'ap di peyi a tounen yon dezè, pa gen moun, pa gen bèt ladan l. Se vre wi. Lavil peyi Jida yo, tout lari lavil Jerizalèm blanch: ou pa jwenn ni moun, ni bèt ladan yo. Men nan peyi a y'a tande ankò


Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di ankò: — Nan peyi sa a ki fini, peyi kote ou pa jwenn ni moun ni bèt la nan tout lavil yo, va gen kote pou gadò mouton yo mennen mouton yo al manje.


Li met dife nan kay Bondye a ak nan palè wa a. Li boule dènye kay ki te lavil Jerizalèm, ata kay grannèg yo.


Bondye sèl Mèt la voye lotèl li a jete. Li pa vle wè kay yo te mete apa pou li a. Li kite lènmi yo kraze miray gwo kay yo. Lènmi yo fè fèt, yo rele byen fò nan kay Senyè a tankou lè n'ap fè seremoni pou li.


Gade jan bon lò pa klere ankò! Li chanje, li pèdi kalite li! Gade jan wòch Tanp yo gaye nan tout lari!


pou m di moun pèp Izrayèl yo men mesay Senyè sèl Mèt la voye pou yo: Nou kontan gwo kay solid nou mete apa pou mwen an. Nou renmen l tankou de grenn je nan tèt nou, nou fèb anpil pou li. Enben, mwen pral fè yo derespekte kay mwen an. Pitit gason ak pitit fi nou te kite lavil Jerizalèm yo pral mouri nan lagè.


Men sou senkyèm lanne a, nou ka manje donn yo. Si nou fè sa konsa, pyebwa nou yo va donnen pi plis toujou. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an!


Se konsa, n'ap làkòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y'ap raboure. Jerizalèm ap tounen mazi. Gwo pyebwa pral kouvri tout mòn kote Tanp lan ye a.


Se poutèt sa, men mesay Senyè a te bay pwofèt Aje pou pèp la.


Bon. Kounyeya, men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di: Kalkile byen sou sa k'ap rive nou la a.


Nou te kwè nou t'ap fè bèl rekòt. Men, rekòt la mèg. Nou ranmase l mete nan depo, mwen fè l gate. Poukisa mwen fè sa? Se Senyè ki gen tout pouvwa a k'ap pale wi. Se paske nou kite Tanp mwen an ap kraze epi tout moun ap prese bati kay pa yo.


Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.


Tout lòt yo, se zafè pa yo ase y'ap regle, yo p'ap defann kòz Kris la.


跟着我们:

广告


广告