Lè sa a, de pwofèt, Aje ak Zakari, pitit gason Ido a, tanmen bay mesay ki sòti nan Bondye pèp Izrayèl la, pou jwif ki rete nan peyi Jida ak lavil Jerizalèm yo.
Nan dezyèm lanne reny wa Dariyis nan peyi Pès, premye jou nan sizyèm mwa a, Senyè a bay pwofèt Aje yon mesaj pou Zowobabèl, pitit gason Cheyatyèl, ki te gouvènè peyi Jida ak pou Jozye, pitit gason Jozadak, ki te granprèt lè sa a. Men mesaj la: