Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Aje 1:1 - 1998 Haïtienne

1 Nan dezyèm lanne reny wa Dariyis nan peyi Pès, premye jou nan sizyèm mwa a, Senyè a bay pwofèt Aje yon mesaj pou Zowobabèl, pitit gason Cheyatyèl, ki te gouvènè peyi Jida ak pou Jozye, pitit gason Jozadak, ki te granprèt lè sa a. Men mesaj la:

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Nan dezyèm ane Darius, wa a, nan premye jou sizyèm mwa a, pawòl SENYÈ a te vini pa pwofèt Aggée a Zorobabel, fis a Schealthiel la, gouvènè a Juda, e a Josué, fis la a Jotsadak la, wo prèt la. Li te di:

参见章节 复制




Aje 1:1
41 交叉引用  

san konte lajan li resevwa nan men moun k'ap fè trafik, nan men moun k'ap fè kòmès, nan men wa peyi Arabi yo ak nan men gouvènè pèp Izrayèl yo.


Moun pèp Izrayèl yo fè dèy nasyonal pou li. Yo antere li jan Senyè a te di nan bouch pwofèt Akija a.


Se Jewoboram ki reprann tout zòn ki te pou peyi Izrayèl la depi nan Pas Amat la nan nò, rive Lanmè Mouri a nan sid, jan Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te bay Jonas, sèvitè l la, mesay la. Jonas sa a, pitit Amitayi, te yon pwofèt lavil Gatefè.


Men non fanmi wa Jojakim moun Babilon yo te fè prizonye a. Jojakim te gen sèt pitit gason: Chealtyèl,


Pedaja te gen de pitit gason: Zowobabèl ak Chimeyi. Zowobabel te gen de pitit gason: Mechoulam ak Ananya, ak yon pitit fi, Chelomit.


Li fè Mitridat ki te reskonsab tout richès peyi a mete yo deyò pou l te kontwole yo bay Chechbaza, gouvènè peyi Jida a.


Men lis gason ki te marye ak fanm lòt nasyon yo: Pami prèt yo, nan branch fanmi Jozye a, pitit Jeozadak la ak nan branch fanmi frè l yo, te gen Maseja, Elyezè ak Gedalya.


Men moun ki te alatèt yo: Se te Zowobabèl, Jozye, Neyemi, Seraja, Reelaja, Madoche, Bilchan, Mispa, Bigwayi, Reyoum ak Baana. Men lis moun nan pèp Izrayèl la, fanmi pa fanmi, ak kantite moun nan chak fanmi:


Gouvènè jwif la te di yo yo pat kapab manje nan manje yo mete apa pou Bondye a toutotan pat gen prèt ki konn sèvi ak Ourim yo ansanm ak Tourim yo pou wè sa Bondye vle.


Jozye, pitit gason Jeozadak la, ak tout prèt parèy li yo leve ansanm ak Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak tout fanmi l yo, yo rebati lotèl Bondye pèp Izrayèl la pou yo te ka boule ofrann bèt sou li, dapre regleman ki ekri nan lalwa Moyiz, sèvitè Bondye a.


Te gen ennan yon mwa depi yo te rive lavil Jerizalèm sou anplasman Tanp Senyè a, lè Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak Jozye, pitit gason Jeozadak la, te mete men nan travay la ansanm ak rès moun pèp la, prèt yo ak moun Levi yo, avèk tout moun ki te tounen lavil Jerizalèm. Yo pran tout moun Levi ki te gen ventan osinon plis, yo mete yo anchaj pou dirije tout travay ki t'ap fèt nan Tanp Senyè a.


Yo vin jwenn Zowobabèl ak chèf fanmi yo, yo di yo konsa: — Kite nou mete men ansanm ak nou nan travay pou rebati Tanp lan, paske nou menm tou se menm Bondye a nou adore ak nou. Epi, depi lè Esaradon, wa peyi Lasiri a, te fè nou vin rete isit la, n'ap ofri bèt pou yo touye pou li.


Se konsa, yo te rete travay Tanp Bondye a, lavil Jerizalèm. Travay la rete bloke jouk dezyèm lane reny Dariyis, lanperè peyi Lapès la.


Lè sa a, de pwofèt, Aje ak Zakari, pitit gason Ido a, tanmen bay mesay ki sòti nan Bondye pèp Izrayèl la, pou jwif ki rete nan peyi Jida ak lavil Jerizalèm yo.


Lè sa a, Tatenayi, gouvènè pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, Cheta-Boznayi ak lòt anplwaye gouvènman parèy yo, moute lavil Jerizalèm, yo mande jwif yo: — Ki moun ki ban nou otorizasyon rebati Tanp sa a pou nou mete lotèl ladan l?


Chèf fanmi jwif yo menm rebati Tanp lan san pwoblèm, avèk ankourajman Aje, pwofèt Bondye a, ak Zakari, pitit gason Ido a, t'ap ba yo ak mesay Bondye yo. Se konsa yo fin rebati Tanp lan jan Bondye pèp Izrayèl la te ba yo lòd la, ak jan Dariyis, Siris ak Atagzèsès, tou twa wa peyi Pès la, te ba yo lòd la tou.


Men lis prèt ak moun Levi ki te tounen nan peyi a ansanm ak Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak Jozye. Men non prèt yo: Seraja, Jirimeja, Esdras,


Jozye te papa Jojakim, Jojakim te papa Elyachib, Elyachib te papa Jojada,


Pandan tout douzan mwen pase gouvènè peyi Jida a, depi jou lanperè Atagzèsès te nonmen mwen nan pòs sa a, - lè sa a li t'ap mache sou ventan depi li te lanperè -, rive sou tranndezan depi li t'ap gouvènen an, ni mwen, ni okenn moun lakay mwen, nou pa janm manyen lajan yo te dwe peye gouvènè a.


Men non chèf ki te vin ak yo: Zowobabèl, Jozye, Neyemi, Azarya, Ramiya, Nachamani, Madoche, Bilchan, Misperèt, Bigwayi, Nawoum ak Bana. Men lis moun nan pèp Izrayèl la, fanmi pa fanmi, ak kantite moun nan chak branch fanmi:


Lè pèp la tande sa ki te ekri nan liv lalwa a, yo pran kriye. Lè sa a, Neyemi, gouvènè a, ansanm ak Esdras, prèt dirèktè lalwa a, ak lòt moun Levi yo ki t'ap esplike lalwa a di moun yo konsa: — Jou sa a, se yon jou yo mete apa pou Senyè a, Bondye nou an! Pa kite lapenn anvayi kè nou! Pa kriye, mezanmi!


Moyiz di: — Eskize m wi, Senyè! Men, poukisa ou pa voye yon lòt moun pito?


Lè sa a, Zowobabèl, pitit gason Cheyatyèl, epi Jozye, Granprèt la, pitit Jozadak ak tout moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a, yo koute sa Senyè a, Bondye yo a te di yo, dapre mesaj Senyè a te bay pwofèt Aje pou yo a. Yo vin gen krentif pou Senyè a.


Senyè a mete nan tèt tout moun lanvi pou yo travay nan tanp Bondye yo a, depi Zowobabèl, pitit gason Cheyatyèl, gouvènè peyi Jida, Jozye, granprèt la, pitit gason Jozadak, jouk sou dènye moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a. Yo konmanse travay nan tanp Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye yo a,


jou ki te make vennkatriyèm jou nan sizyèm mwa nan dezyèm lanne reny wa Dariyis la.


— Senyè ki gen tout pouvwa a pale. Men sa li di: Moun yo ap plede di se poko lè pou yo bati kay Senyè a!


Se poutèt sa, men mesay Senyè a te bay pwofèt Aje pou pèp la.


Jou ki te make vennkatriyèm jou nan nevyèm mwa nan dezyèm lanne reny Dariyis, Senyè ki gen tout pouvwa a bay pwofèt Aje yon lòt mesaj ankò. Li di li konsa:


Menm jou sa a, ki te vennkatriyèm jou nan mwa a, Senyè a bay Aje yon dezyèm mesay. Li di l konsa:


— Pale ak Zowobabèl, gouvènè peyi Jida a, di l pou mwen: Mwen pral souke syèl la ak latè a.


Men koulyeya, kouraj, Zowobabèl! Se Senyè a menm k'ap pale avè nou! Kouraj, Jozye, granprèt la, pitit Jozadak! Kouraj, nou tout ki rete nan peyi a! Se Senyè a menm k'ap Aje / 2 pale avèk nou! Mete men nan travay la. Paske mwen la avèk nou. Se mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa ki di sa!


Nan uityèm mwa dizyèm lanne reny wa Dariyis, Senyè a pale ak pwofèt Zakari, ki te pitit Berekya, pitit pitit Ido. Li ba li mesay sa a pou pèp la.


Apre sa, Senyè a fè m wè Jozye, granprèt la, ki te kanpe devan zanj Senyè a. Satan menm te kanpe sou bò dwat Jozye pou l te ka akize l.


Lè nou mennen bèt avèg pou fè sakrifis pou mwen, sa se pa bagay ki mal? Lè nou mennen bèt bwete, bèt tou malad ban mwen, atò sa se pa bagay mal nou fè? Enben seye pote yon bèt konsa bay yon gwo chèf non! Eske l'ap kontan? Eske l'a fè ou yon favè?


Joda te pitit Joanan, Joanan te pitit Reza, Reza te pitit Zowobabèl, Zowobabèl te pitit Salasyèl, Salasyèl te pitit Neri.


跟着我们:

广告


广告