Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 9:3 - 1998 Haïtienne

3 Wa a mande l: — Pa gen yon moun ki rete nan fanmi Sayil la, pou m ka fè kichòy pou li jan mwen te pwomèt sa devan Bondye? Ziba reponn li: — Wi, gen yonn nan pitit gason Jonatan yo ki vivan toujou. Men, li enfim nan tou de pye l yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Wa a te di: “Èske pa gen moun toujou lakay Saül pou mwen ta kab montre favè Bondye?” Epi Tsiba te di a wa a: “Genyen toujou yon fis a Jonathan ki kokobe nan tou de pye li.”

参见章节 复制




2 Samyèl 9:3
11 交叉引用  

Mefibochèt reponn li: — Monwa, se domestik mwen an ki woule m. Ou konnen m enfim. Mwen te mande domestik mwen an pou l te sele fenmèl bourik mwen an pou m te ka ale ansanm avèk monwa.


Domestik la al ba ou manti sou mwen. Men, monwa, mèt mwen, ou tankou yon zanj Bondye. Ou mèt fè sa ou vle avè m.


Jonatan, pitit Sayil la, te gen yon pitit gason yo te rele Mefibochèt. Li te enfim nan tou de pye l yo. Li te gen senkan lè Sayil ak Jonatan mouri. Lè nouvèl lanmò yo rive sòti lavil Jizreyèl, nouris la pran Mefibochèt, li kouri al kache avè l. Men, pandan l'ap prese kouri a, pitit la sot tonbe nan men l. Se konsa li vin enfim nan pye.


Se konsa, Mefibochèt ki te enfim nan tou de pye l yo rete lavil Jerizalèm. Li t'ap manje chak jou sou tab ansanm ak wa a.


David di l konsa: — Ou pa bezwen pè. Mwen pral aji byen avè ou poutèt Jonatan, papa ou. M'ap renmèt ou tout tè ki te pou Sayil, granpapa ou. Lèfini, chak jou w'a vin manje sou tab avè m.


Se pou nou gen kè sansib menm jan Bondye, papa nou, gen kè sansib.


Men, pami tout ras moun ki sou latè yo, se zansèt nou yo li te pi pito, paske li te renmen yo. Apre yo, se nou menm, pitit yo, li pi pito nan mitan tout lòt ras moun, jan sa ye jouk kounyeya.


Li te renmen zansèt nou yo, li te chwazi pitit pitit yo apre yo, kifè li te fè yo santi li la ak yo, li fè yo wè gwo pouvwa li, li fè yo sòti kite peyi Lejip.


跟着我们:

广告


广告