Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 9:2 - 1998 Haïtienne

2 Te gen yon domestik ki t'ap travay kay David. Li te rele Ziba. Yo fè chache li, yo mennen li bay wa a epi wa a mande li: — Se ou menm yo rele Ziba a? Li reponn: — Wi ekselans, wa mwen. Mwen la pou sèvi ou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Alò, te genyen yon sèvitè lakay Saül ki te rele Tsiba. Konsa yo te rele li kote David, e wa a te di li: “Èske ou se Tsiba?” Epi li te reponn: “Men sèvitè ou.”

参见章节 复制




2 Samyèl 9:2
7 交叉引用  

Abraram te gen yon nonm k'ap travay ak li ki te pi ansyen pase tout lòt yo. Se li menm ki te jeran reskonsab tout byen li yo. Abraram di li: — Vini! Mete men ou la nan fant kwis mwen, sèmante ban mwen.


Sa fè Potifa te lage tout zafè li nèt nan men Jozèf, esepte vant li. Jozèf te yon bèl gason byen kanpe.


Te gen mil (1.000) gason nan branch fanm Benjamen an avè l. Ziba, domestik fanmi Sayil la, te la tou ansanm ak kenz pitit gason l yo ak ven moun k'ap travay avèk li yo. Yo tout kouri al kontre wa a bò larivyè Jouden an.


Yo janbe larivyè a, yo ede moun wa yo janbe pas la. Yo fè tou sa wa a te mande yo fè. Lè wa a fè sa pou l janbe tou, Chimeyi lage kò l atè devan wa a.


跟着我们:

广告


广告