Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 9:1 - 1998 Haïtienne

1 Yon jou, David mande: — Pa rete yon moun menm nan fanmi Sayil la? Si genyen, mwen ta renmen aji byen avè l poutèt Jonatan.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Konsa, David te di: “Èske genyen toujou yon moun ki te rete pou lakay Saül, pou m ta kab montre li favè pou koz Jonathan?”

参见章节 复制




2 Samyèl 9:1
15 交叉引用  

Mwen gen gwo lapenn pou ou, Jonatan, frè mwen. Jan mwen te renmen ou sa a! Jan ou menm ou te renmen m, se pa pale. Zanmitay sa a te pi bon pou mwen lontan pase renmen okenn fanm ta ka gen pou mwen!


David pa ba yo Mefibochèt, pitit Jonatan an, pitit pitit Sayil la, poutèt sèman li menm ak Jonatan, pitit Sayil la, yo te fè devan Bondye.


David di l konsa: — Ou pa bezwen pè. Mwen pral aji byen avè ou poutèt Jonatan, papa ou. M'ap renmèt ou tout tè ki te pou Sayil, granpapa ou. Lèfini, chak jou w'a vin manje sou tab avè m.


W'a aji byen ak pitit gason Bazilayi yo, moun lavil Galarad la. Y'a manje sou tab avè ou, paske yo te aji byen avè m lè mwen t'ap kouri pou Absalon, frè ou la.


Pa janm bliye zanmi ou, ni zanmi papa ou. Lè zafè ou pa bon, pa al lakay frè ou. Yon bon vwazen pi bon pase yon frè ki lwen.


Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nenpòt moun ki va bay yonn nan ti piti sa yo menm yon gode dlo frèt paske se disip mwen li ye, moun sa a p'ap pèdi rekonpans li.


Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m yo, se pou mwen nou te fè li.


Sa m'ap di la a, se vre wi: nenpòt moun ki va ban nou yon gode dlo paske se moun Kris la nou ye, li pa gendwa pèdi rekonpans li.


Pou fini, nou tout nou dwe dakò yonn ak lòt, se pou nou gen menm santiman yonn pou lòt. Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak sè, se pou nou gen bon kè, san lògèy.


Apre sa, Jonatan di David konsa: — Ale ak kè poze. Nou te sèmante devan Senyè a pou nou toujou ret zanmi. Bondye va fè fanmi nou toujou ret zanmi tou. Lè sa a, David leve, l'al fè wout li. Jonatan menm tounen lavil la.


跟着我们:

广告


广告