Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 8:2 - 1998 Haïtienne

2 Lèfini li bat moun peyi Mowab yo. Li fè prizonye yo kouche plat atè. Pou chak twa ladan yo, li touye de, li kite yonn vivan. Depi lè sa a moun peyi Mowab yo soumèt devan David nèt. Li fè yo peye taks ba li chak lè.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Li te bat Moab, li te mezire kaptif yo avèk yon lign. Konsa li te fè yo kouche atè, li te mezire longè de lign pou mete yo a lanmò, ak yon lign antye pou lèse yo viv. Epi Moabit yo te devni sèvitè a David e yo te pote peye taks obligatwa.

参见章节 复制




2 Samyèl 8:2
22 交叉引用  

Li pran moun ki te rete nan lavil la, li fè yo travay ak goyin, wou ak rach. Li mete yo travay ap fè brik. Li fè menm bagay la tou nan tout lòt lavil nan peyi Amon an. Apre sa, li tounen Jerizalèm ak tout moun li yo.


Apre sa, David mete kèk ganison sòlda pa l nan teritwa Damas la. Moun peyi Siri yo soumèt devan li. Li fè yo peye l taks chak lè. Se konsa, Senyè a te fè David genyen tout batay kote l pase.


Salomon te rive gouvènen tout nasyon nan zòn ki pran depi larivyè Lefrat rive nan peyi Filisti a ak fontyè Lejip la. Yo tout te peye Salomon taks, yo tout te soumèt devan li pandan tout reny li jouk li mouri.


Apre lanmò Akab, wa peyi Izrayèl la, peyi Mowab pran lèzam kont moun Izrayèl yo.


Salmanaza, wa peyi Lasiri a, atake Oze. Oze soumèt devan l. Li peye l yon lajan chak lanne.


Lèfini, li bat moun peyi Mowab yo. Moun Mowab yo soumèt devan David. Li fè yo peye taks ba li chak lè.


Moun Amon yo te peye lajan taks bay Ozyas. Yo t'ap nonmen non l jouk sou fontyè peyi Lejip, paske li te vin gen anpil pouvwa.


(10) Men, m'ap fè peyi Mowab sèvi m kivèt pou m fè twalèt mwen. M'ap poze men m sou peyi Edon. Peyi Filisti a menm, m'ap mache pran l ak kè kontan.


(46) Yo pèdi tout kouray yo. Yo sòti kote yo te kache a, y'ap tranble kou fèy bwa.


(12) Eske se pa ou menm, Bondye, ki pou fè sa pou mwen, ou menm ki te vire do ban nou, ou menm ki pa sòti ansanm ak lame nou yo ankò?


(10) Men m'ap fè peyi Mowab sèvi ganmèl pou m'lave pye m'. M'ap fè Edon konnen se mwen ki mèt li. Pou peyi Filisti menm, m'kriye viktwa sou li.


(7) Moun peyi Edon ansanm ak pitit pitit Ismayèl yo, moun peyi Mowab ansanm ak pitit pitit Aga yo,


Pa koute wa Ezekyas! Wa peyi Lasiri a mande pou nou fè lapè avè l, pou nou rann tèt nou ba li. Konsa, nou tout n'a manje rezen nan jaden rezen nou, n'a manje fig frans nan pye fig frans nou, n'a bwè dlo nan pi nou.


Mwen wè sa ki gen pou rive pèp Izrayèl la. M'ap gade sa ki pral rive l pita. Tankou yon gwo zetwal, mwen wè yon chèf k'ap sòti nan fanmi Jakòb la. Yon gwo wa pral leve nan mitan pèp Izrayèl la. L'ap kraze chèf Mowab yo, l'ap detwi tout pitit Sèt yo.


Men te gen kèk voryen ki t'ap di: — Ki jan jenn gason sa a ka rive delivre nou? Yo pa okipe Sayil menm, yo pa fè l kado anyen. Sayil menm fè tankou li pa konprann.


Apre yo te fin fè Sayil wa peyi Izrayèl la, li fè lagè ak tout lènmi l yo alawonn badè: ak moun Mowab yo, moun Amon yo, moun Edon yo, ak wa lavil Soba yo, ak moun Filisti yo. Kote li pase, li genyen batay yo.


David kite kote l te ye a, l'ale lavil Mispa nan peyi Mowab. Epi li di wa Mowab la: — Tanpri, kite papa m ak manman m vin rete isit la lakay ou, jouk mwen rive konnen sa Bondye vle fè avè m.


Se konsa David mennen papa l ak manman l lakay wa Mowab la. Yo rete la pandan tout tan David te rete kache nan gwòt la.


跟着我们:

广告


广告