Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 7:9 - 1998 Haïtienne

9 Nan tou sa ou t'ap fè, mwen te kanpe la avè ou. Mwen kraze tout lènmi ou yo devan ou. Mwen pral fè yo nonmen non ou tankou y'ap nonmen non pi gwo chèf ki sou latè.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Mwen te toujou avèk ou nenpòt kote ou te ale, e Mwen te retire lènmi ou yo soti devan ou. Konsa, Mwen va fè de ou yon gwo non, tankou non a gwo moun ki sou latè yo.

参见章节 复制




2 Samyèl 7:9
23 交叉引用  

M'ap ba ou anpil pitit pitit. Y'a tounen yon gwo nasyon. M'a beni ou. Y'a nonmen non ou toupatou. W'a sèvi yon benediksyon pou tout moun.


Lè Senyè a te fin delivre David anba men Sayil ak anba men tout lènmi li yo, David chante chante sa a pou Senyè a.


Avè ou, mwen fonse sou bann lènmi m yo ki ame jouk nan dan. Avè ou, mwen eskalade miray ki sèvi yo defans.


Mwen kraze yo fè yo tounen pousyè. M pilonnen yo, m mache sou yo tankou sou labou nan lari.


Koute pawòl David bay, Pawòl David, pitit Izayi, Nonm Bondye leve byen wo a, David, Bondye Jakòb la chwazi pou wa a, Nonm pèp Izrayèl renmen lwanje a, Men sa David di:


Chak jou David t'ap vin pi fò. Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te avè l.


Non David te nan bouch tout moun pi rèd toujou, lè li te fin touye dizwitmil (18.000) moun peyi Edon nan fon Sèl la.


Li mete kèk ganizon sòlda pa l nan teritwa Edon an. Moun Edon yo soumèt devan li. Li fè yo peye l taks chak lè. Se konsa Senyè a te fè David genyen tout batay kote l pase.


Apre sa, David mete kèk ganison sòlda pa l nan teritwa Damas la. Moun peyi Siri yo soumèt devan li. Li fè yo peye l taks chak lè. Se konsa, Senyè a te fè David genyen tout batay kote l pase.


Kote ou pase, mwen te kanpe la avè ou. Mwen kraze tout lènmi ou yo devan ou. Mwen pral fè yo nonmen non ou tankou y'ap nonmen non pi gwo chèf ki sou latè.


(7) Ou mete benediksyon ou sou li pou tout tan. Ou fè kè l kontan paske ou la avè l.


(24) M'ap kraze tout moun ki pa vle wè l yo, m'ap touye moun ki rayi l yo.


Li desann chèf ki te byen chita nan fòtèy yo. Li leve moun ki pa gen pretansyon yo.


Se konsa Senyè a te kanpe la avèk Jozye. Nan tout peyi a yo t'ap nonmen non l.


Men, kote li pase li toujou kraze lènmi yo, paske Senyè a te kanpe avèk li.


Lame moun Filisti yo te konn vin atake yo. Men chak fwa, nan tout chèf k'ap sèvi ak Sayil yo, se toujou David ki te resi kenbe tèt ak yo pi byen. Tout moun nan peyi a te vin konsidere l anpil.


Li wete pòv yo nan lapenn yo, li bay endijan yo men pou yo sòti nan mizè yo. Li fè yo chita menm kote ak grannèg yo. Li ba yo bèl pozisyon nan lasosyete. Fondasyon latè, se nan men Senyè a sa ye. Se sou yo li bati tou sa ki la.


Se konsa, ni Sayil, ni twa pitit gason l yo, ni gad kò a te mouri. Jou sa a, tout mesye Sayil yo te mouri.


Se konsa yo voye Bwat Kontra a lavil Ekwon. Rive li rive la, moun yo pran rele: — Men yo pote Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la lakay nou. Se touye yo vle touye tout moun isit la!


跟着我们:

广告


广告