Men lè li rive kot Elize, li lage kò l atè devan li, li mare nan pye Elize. Gerazi fè sa pou l pouse l, Elize di l konsa: — Kite l. Ou pa wè jan li gen gwo lapenn? Epi Senyè a pa kite m konn sa. Li kache m sa.
David kanpe devan yo tout, li di yo konsa: — Frè m yo ak nou tout moun nan pèp mwen an, koute sa m'ap di nou. Mwen te fè lide bati yon kay kote pou Bwat Kontra Senyè a rete, yon kay kote Senyè a ka mete fòtèy li. Mwen te pare tout bagay pou bati kay la.
Wa Ezekyas mete moun Levi nan Tanp Senyè a avèk senbal, bandjo ak gita, dapre regleman David, Gad, pwofèt wa a ansanm ak pwofèt Natan te bay, paske tout lòd Senyè a vle bay, se nan bouch pwofèt li yo li toujou mete yo.
Pou nou menm, Kris la te voye Sentespri a sou nou. Toutotan Sentespri a nan kè nou, nou pa bezwen pèsonn moutre nou anyen, paske Sentespri a ap moutre nou tout bagay. Sa l'ap moutre nou an se verite, se pa manti. Se poutèt sa, ann fè sa Sentespri a ap moutre nou, ann toujou fè yonn ak Kris la.
Men Granmèt la di l: — Pa gade sou bèl aparans li, ni sou bèl wotè li. Paske mwen mete l sou kote. Mwen pa jije valè yon moun jan lèzòm fè l la. Lèzòm gade sou sa ki parèt devan je yo. Men, mwen menm mwen gade sa ki nan kè moun.